Credit: MIT-Haiti Initiative, Creative Commons By-NC-SA

Sa se yon videyo George Zaidan sou Inisyativ MIT-Ayiti a. Inisyativ sa a ap devlope resous pou edikasyon san baryè an Kreyòl, n ap evalye resous sa yo epi n ap distribiye yo pou nou ranfòse kapasite pou aprantisaj aktif nan syans, teknoloji, jeni ak matematik (STEM: “Science, Technology, Engineering & Math”). Videyo sa a ki dire 6 minit montre rezònman, metòd ak atant pwojè sa a ki jwenn prensipal finansman l nan men Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini: INSPIRE: Kreyol-based Cyberlearning for a New Perspective on the Teaching of STEM in local Languages. Men tou, Inisyativ la jwenn finansman nan men Fondasyon pou Konesans ak Libète (FOKAL) ann Ayiti epi nan men MIT, Wade Fund, Open Society Foundations oz Etazini.