{"id":1638,"date":"2012-12-07T12:21:08","date_gmt":"2013-01-01T16:29:05","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti.mit.edu\/?page_id=1638"},"modified":"2012-12-07T12:21:08","modified_gmt":"2013-01-01T16:29:05","slug":"janvye-2013-atelye","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/janvye-2013-atelye\/","title":{"rendered":"Atelye janvye 2013"},"content":{"rendered":"<div align=\"center\">\n<h3>Atelye MIT ap f\u00e8 sou teknoloji pou met\u00f2d aprantisaj aktif ki chita sou<br \/>resous pedagojik san bary\u00e8<\/h3>\n<p>16-19 janvye 2013<br \/>\nP\u00f2toprens, Ayiti<\/p><\/div>\n<p align=\"center\">Tout sesyon nan Le Plaza, P\u00f2toprens, Ayiti<\/p>\n<h3>Atelye yo<\/h3>\n<p>Sa se dezy\u00e8m seri atelye nan yon pwogram ki pral dire 5 an. Objektif atelye sa yo se evalye met\u00f2d pedagojik ak devl\u00f2pman matery\u00e8l an krey\u00f2l ki baze sou Resous pedagojik san bary\u00e8 (\u201cOpen Education Resources\u201d) pou syans ak matematik nan iniv\u00e8site ak lek\u00f2l ann Ayiti. Ki jan nou ka itilize met\u00f2d ak matery\u00e8l sa yo pi byen pou n f\u00e8 kou sa yo pi djanm? Ki jan edikat\u00e8 ayisyen ka kreye menm kalite matery\u00e8l sa yo pou yo rive kontinye travay la pou kont yo?<\/p>\n<p>Atelye sa yo chita sou met\u00f2d aprantisaj aktif ak lojisy\u00e8l pou ans\u00e8yman syans ak matematik nan MIT. Nan dezy\u00e8m seri atelye sa a, nou pral s\u00e8vi ak matery\u00e8l pou klas matematik (ekwasyon diferansy\u00e8l), fizik (elektwo-mayetis, sikui elektrik epi mekanik Newton) epi biyoloji (biyochimi, jenetik). Nou pral f\u00e8 aktivite pratik pou patisipan yo ka metrize matery\u00e8l sa yo byen. Epi n ap tou pwofite moman sa a pou nou devlope yon bon jan plan travay ak kol\u00e8g ayisyen nou yo pou nou ka evalye travay n ap f\u00e8 ansanm.<\/p>\n<ul>\n<li>Kalandriye konpl\u00e8 pou atelye biyoloji ak lojisy\u00e8l STAR (<a href=\"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/wp-content\/uploads\/2013\/01\/STAR-biyoloji-jenetik-ajanda-janvye-2013.docx\">DOCX<\/a>, <a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/files\/2013\/01\/STAR-biyoloji-jenetik-ajanda-janvye-2013.pdf\">PDF<\/a>)<\/li>\n<li>Kalandriye konpl\u00e8 pou atelye matematik ak lojisy\u00e8l &#8220;Matl\u00e8t&#8221; (<a href=\"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/wp-content\/uploads\/2013\/01\/matematik-ajanda-janvye-2013.doc\">DOC<\/a>, <a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/files\/2013\/01\/matematik-ajanda-janvye-2013.pdf\">PDF<\/a>)\n<\/li>\n<li>Kalandriye konpl\u00e8 pou atelye fizik ak lojisy\u00e8l TEAL (<a href=\"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/wp-content\/uploads\/2013\/01\/fizik-ajanda-janvye-2013.doc\">DOC<\/a>, <a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/files\/2013\/01\/fizik-ajanda-janvye-2013.pdf\">PDF<\/a>)<\/li>\n<\/ul>\n<h3>Kondisyon pou enskri<\/h3>\n<p>Kandida ki pral gen pi gwo priyorite pou enskripsyon se pwofes\u00e8 ki ann Ayiti e ki deja gen omwen yon dipl\u00f2m metriz nan jeni, syans oswa matematik; epi, apre sa, se pwofes\u00e8 ki deja enskri nan yon pwogram metriz nan youn nan dom\u00e8n sa yo. Kandida yo dwe soum\u00e8t yon kopi koukikoul\u00f2m vite yo (KV), yon kopi pi gwo dipl\u00f2m yo resevwa epi atestasyon enskripsyon yo nan yon pwogram metriz (si yo gen sa). Tanpri, voye dokiman sa yo (KV, dipl\u00f2m, atestasyon, nan f\u00f2ma PDF oswa JPEG) nan adr\u00e8s imel: mit-haiti -at- mit -dot- edu . Dat limit pou enskripson se vandredi 4 janvye 2013 oswa l\u00e8 pa gen plas ank\u00f2.<\/p>\n<p>Epi tou kandida yo dwe ranpli yon sondaj pou enskripsyon nan sit sa a: <a href=\"https:\/\/www.surveymonkey.com\/s\/SondajPouEnskripsyon_MIT-Haiti_Jan2013\">https:\/\/www.surveymonkey.com\/s\/SondajPouEnskripsyon_MIT-Haiti_Jan2013<\/a><\/p>\n<p>Rezon ki f\u00e8 nou poze kondisyon sa yo se paske, nan atelye sa yo, nou pral s\u00e8lman montre patisipan yo ki jan pou yo s\u00e8vi ak ni zouti teknolojik MIT yo ni l\u00f2t resous ouv\u00e8 pou ans\u00e8yman matematik, fizik epi biyoloji. Se pa ni matematik, ni fizik, ni biyoloji nou pral anseye. F\u00f2k tout patisipan yo deja gen konesans avanse nan maty\u00e8 sa yo. Pa egzanp, moun ki pral patisipe nan atelye biyoloji yo dwe deja metrize k\u00e8k kons\u00e8p fondamantal nan biyochimi ak jenetik. Kon sa, patisipan sa yo ap tou pare pou itilize lojisy\u00e8l yo pou yo ka anseye kou sa yo pi byen.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye MIT ap f\u00e8 sou teknoloji pou met\u00f2d aprantisaj aktif ki chita souresous pedagojik san bary\u00e8 16-19 janvye 2013 P\u00f2toprens, Ayiti Tout sesyon nan Le Plaza, P\u00f2toprens, Ayiti Atelye yo Sa se dezy\u00e8m seri atelye nan yon pwogram ki pral dire 5 an. Objektif atelye sa yo se evalye met\u00f2d pedagojik ak devl\u00f2pman matery\u00e8l an [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/1638"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=1638"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/1638\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":7350,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/1638\/revisions\/7350"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=1638"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}