{"id":2356,"date":"2013-09-11T08:44:03","date_gmt":"2013-08-28T03:10:37","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti.mit.edu\/?page_id=2356"},"modified":"2013-09-11T08:44:03","modified_gmt":"2013-08-28T03:10:37","slug":"atelye-out-2013","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/atelye-out-2013\/","title":{"rendered":"Atelye out 2013"},"content":{"rendered":"<p><b><center><\/p>\n<p>Atelye MIT-\u00adAyiti sou edikasyon san bary\u00e8 ki chita sou teknoloji<br \/>\nP\u00f2toprens, Ayiti, soti 12 out rive 14 out 2013<br \/>\n\u00d2ganizat\u00e8: Michel DeGraff &#038; Vijay Kumar <\/p>\n<p><\/center><\/b><\/p>\n<p>Se ak k\u00e8 kontan n ap anonse w yon atelye sou pedagoji avanse k ap f\u00e8t pou pwofes\u00e8 ayisyen ki te patisipe nan d\u00e8nye atelye MIT-Ayiti ki te f\u00e8t 16\u201319 janvye 2013 nan Ot\u00e8l Le Plaza. Atelye sa a ap f\u00e8t nan P\u00f2toprens soti 12 out rive 14 out 2013. Atelye sa a se twazy\u00e8m nan nan yon seri atelye k ap gen pou f\u00e8t sou yon pery\u00f2d senk lane.  Youn nan objektif prensipal Inisyativ MIT-\u00adAyiti sa a se ede pwofes\u00e8 yo kreye yon kourikouloum ki baze sou resous pou edikasyon san bary\u00e8 an krey\u00f2l pou klas matematik ak syans. Epi, Inisyativ MIT-\u00adAyiti sa a pral p\u00e8m\u00e8t nou evalye pwogr\u00e8 ki ka f\u00e8t gras ak itilizasyon matery\u00e8l sa yo nan lek\u00f2l segond\u00e8 ak iniv\u00e8site ann Ayiti. <\/p>\n<p>Atelye sa a ap chita sou pedagoji, estimasyon, ak evalyasyon nan dom\u00e8n matematik (kalkilis, ekwasyon diferansy\u00e8l), fizik (elektwo-\u00ad\u2010mayetis, sikui elektrik, ak mekanik Newton),ak biyoloji (biyochimi ak jenetik). Atelye sa a se pwolonjman atelye nou te \u00f2ganize 16\u201319 janvye 2013 nan Ot\u00e8l Le Plaza. Atelye 12\u201314 out 2013 la ap p\u00e8m\u00e8t patisipan yo bati plis konesans sou met\u00f2d ak kons\u00e8p aprantisaj aktif yo epi y ap vin pi maton nan itilizasyon resous nimerik pou fasilite aprantisaj ki ent\u00e8raktif tout bon vre. Epi atelye a ap konsantre sou devl\u00f2pman kourikouloum, pedagoji ak estimasyon. Atelye sa a ap bay patisipan yo bonjan baz pou yo kapab kreye (i) plan leson ki chita sou met\u00f2d aprantisaj aktif k ap s\u00e8vi ak resous ki an krey\u00f2l, epi (ii) zouti pou mezire pwogr\u00e8 etidyan yo. <\/p>\n<p>Apre atelye a fini, patisipan yo dwe kapab: <\/p>\n<ul>\n<li>Tabli objektif pou ans\u00e8yman ki chita sou aprantisaj aktif k ap itilize matery\u00e8l an krey\u00f2l <\/li>\n<li>Dekri k\u00e8k bon met\u00f2d pou aprann syans ak matematik  <\/li>\n<li>Kreye aktivite pedagojik pou ans\u00e8yman ki chita sou aprantisaj aktif.<\/li>\n<li>Itilize matery\u00e8l pou aprantisaj aktif (pou biyoloji, matematik oswa fizik) nan div\u00e8s sitiyasyon kote kondisyon travay yo varye <\/li>\n<li>Kreye zouti pou evalyasyon f\u00f2matif ak somatif ki pral mezire sa etidyan yo aprann gras ak<br \/>\nmatery\u00e8l ki chita sou aprantisaj aktif an krey\u00f2l <\/li>\n<li>Dekri ki jan yo pral ranmase done , epi anrejistre done sa yo pou yo kapab dokimante ki jan<br \/>\netidyan yo aprann gras ak matery\u00e8l sa yo <\/li>\n<li>Monte yon leson ki itilize estrateji ki chita sou aprantisaj aktif av\u00e8k patisipan ki nan atelye a.<\/li>\n<li>Bay kanmarad travay ou fidbak f\u00f2matif<\/li>\n<\/ul>\n<p>Atelye 12\u201314 out 2013 la gen yon objektif an plis de sa nou deja dekri yo:  Se pa s\u00e8lman nan klas pa yo pou patisipan yo rive itilize met\u00f2d aprantisaj aktif an krey\u00f2l selon f\u00f2masyon yo jwenn nan Atelye MIT-\u00ad\u2010 Ayiti yo.  K\u00f2m objektif an plis, nou ta renmen pou patisipan ki nan Atelye MIT-\u00ad\u2010Ayiti 12-\u00ad\u201014 out 2013 la ka rive pataje tout enf\u00f2masyon ak met\u00f2d aktif yo jwenn nan atelye sa a ak l\u00f2t pwofes\u00e8 nan div\u00e8s z\u00f2n nan peyi a. <\/p>\n<p>Epi tou, nou pral itilize op\u00f2tinite Atelye MIT-\u00ad\u2010Ayiti 12\u201314 out 2013 la pou nou rive byen konprann pwogram kou yo ansanm ak kondisyon aprantisaj ki egziste ann Ayiti, epi pou nou rive devlope yon plan evalyasyon ak tout detay ki neses\u00e8, an kolaborasyon av\u00e8k kol\u00e8g ayisyen nou yo.  <\/p>\n<p><b>Pwofes\u00e8 k ap anime atelye a se: <\/b><\/p>\n<p>Pedagoji: Estimasyon &#038; Evalyasyon\tGlenda Stump<br \/>\nBiyoloji:\tLourdes Alem\u00e1n, Alison Brauneis ak Ruthly Fran\u00e7ois<br \/>\nFizik:\tPeter Dourmashkin ak Paul Belony<br \/>\nMatematik:\tHaynes Miller<\/p>\n<p>Dat  limit    pou    enskripsyon    an    se    lendi    1  jiy\u00e8    2013,    oswa    l\u00e8   pa    gen    plas    ank\u00f2    <\/p>\n<p>Pwofes\u00e8  ki    ka    enskri    nan    atelye    12\u201314    out    2013    la    se    s\u00e8lman    sila    yo    ki    te    patisipe    nan    atelye    ki    te    f\u00e8t    16\u201319  janvye    2013    la    nan    Ot\u00e8l    Le    Plaza.<\/p>\n<p><b>Tout patisipan yo dwe kapab:<\/b><\/p>\n<ol>\n<li>Ranpli kesyon\u00e8 a ki pral disponib sou ent\u00e8n\u00e8t la nan Survey Monkey. Patisipan yo dwe ranpli li<br \/>\nlendi 1 jiy\u00e8 2013 pou pi ta. Kesyon\u00e8 pou ranpli anvan atelye a ap gen twa seksyon:<\/p>\n<ol>\n<li>Enf\u00f2masyon jeneral sou patisipan an<\/li>\n<li>Enf\u00f2masyon ak tout detay neses\u00e8 sou kou patisipan yo deja ap anseye<\/li>\n<li>Prezantasyon yon lide pou elabore yon plan leson ki chita sou aprantisaj aktif ak resous an krey\u00f2l, epi teknoloji nou pral itilize pandan atelye a (al w\u00e8 deskripsyon yo pi ba a)<\/li>\n<\/ol>\n<\/li>\n<li>Ranpli yon kesyon\u00e8 apre atelye a, nan dat 23 out 2013 pou pi ta<\/li>\n<li>Itilize plan leson ou te devlope nan atelye a nan klas ou, epi pataje done sou estimasyon ak evalyasyon nan yon rap\u00f2 w ap gen pou voye ban nou. N ap fikse dat sa a nan atelye a<\/li>\n<\/ol>\n<p><b>Ki jan ou kapab prezante yon lide pou kreye yon plan leson:<\/b><\/p>\n<p>Pandan atelye 12\u201314 out la, Ekip MIT-\u00ad\u2010Ayiti a pral travay ak ou pou pran yon lide pa w pou nou devlope yon plan leson ou kapab itilize nan klas ou. Li enp\u00f2tan anpil pou reflechi ann avans sou krit\u00e8 sa yo:<\/p>\n<ol>\n<li>Itilize lis kons\u00e8p yo (al w\u00e8 lis ki anba a) epi chwazi yon kons\u00e8p oswa yon gwoup kons\u00e8p ki an rap\u00f2 youn ak l\u00f2t.   Ou pral mete gwoup kons\u00e8p sa a nan plan leson ou pral devlope a.  F\u00f2k se kons\u00e8p:\n<ol>\n<li>ki tonbe daplon ak kourikouloum klas ou pral anseye ane pwoch\u00e8n, epi<\/li>\n<li>ou ka s\u00e8vi ak resous MIT-\u00ad\u2010Ayiti yo pou ede etidyan w konprann kons\u00e8p sa yo.<\/li>\n<\/ol>\n<\/li>\n<li> Pou prepare w pou rive devlope yon plan leson ki pral mande w pou itilize teknoloji STAR, Matl\u00e8t oswa PhET  nan yon anviw\u00f2nman ki s\u00e8vi ak aprantisaj aktif, reponn kesyon sa yo ak bonjan detay:\n<ol>\n<li>Ki kalite teknoloji (StarBiochem, StarGenetics, Mathlet, oswa PhET) ou pral itilize? <\/li>\n<li>Ki kalite kontni etidyan yo ap bezwen konnen byen pou yo konprann kons\u00e8p (oswa gwoup kons\u00e8p) ou chwazi pou plan leson w lan?  Tanpri, bay repons ki espesifik.<\/li>\n<li>Ki kalite resous (lojisy\u00e8l, pwojekt\u00e8, kopi prezantasyon an, eks.) ou genyen ki disponib oswa w ap bezwen pou anseye kons\u00e8p (oswa gwoup kons\u00e8p) ou chwazi a nan sal klas ou?<\/li>\n<li>\u00c8ske w ap ka rez\u00e8ve kantite tan w ap bezwen pou anseye kons\u00e8p (oswa gwoup kons\u00e8p)<br \/>\nou chwazi a? Ki kantite tan w ap bezwen?<\/li>\n<\/ol>\n<\/li>\n<\/ol>\n<p>Repons ou bay pou kesyon sa yo se k\u00f2mansman planifikasyon yon pwosesis ke ou pral metrize pandan atelye a. Pa bliye, ou dwe ranpli yon kesyon\u00e8 anvan atelye a k\u00f2manse; epi, nan premye jou atelye a (12 out 2013) ou dwe pote yon dokiman ki dekri lide ou genyen sou plan leson ou ta renmen devlope nan atelye a<\/p>\n<p>Pwochen atelye a: Katriy\u00e8m atelye a ap f\u00e8t nan prentan 2014&#8211;n ap anonse dat egzat yo osito nou kapab. Nan atelye sa a, Ekip MIT-\u00adAyiti a pral f\u00e8 nouvo pwofes\u00e8 f\u00e8 konesans ak Inisyativ MIT-\u00adAyiti a, ansanm ak pedagoji sou aprantisaj aktif, zouti teknolojik pou Syans ak Matematik, epi ki w\u00f2l kle krey\u00f2l la dwe jwe nan pwomosyon aprantisaj aktif ann Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye MIT-\u00adAyiti sou edikasyon san bary\u00e8 ki chita sou teknoloji P\u00f2toprens, Ayiti, soti 12 out rive 14 out 2013 \u00d2ganizat\u00e8: Michel DeGraff &#038; Vijay Kumar Se ak k\u00e8 kontan n ap anonse w yon atelye sou pedagoji avanse k ap f\u00e8t pou pwofes\u00e8 ayisyen ki te patisipe nan d\u00e8nye atelye MIT-Ayiti ki te f\u00e8t 16\u201319 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2356"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2356"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2356\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2356"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}