{"id":2795,"date":"2014-07-23T11:13:17","date_gmt":"2014-07-24T17:46:03","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti.mit.edu\/?page_id=2795"},"modified":"2014-07-23T11:13:17","modified_gmt":"2014-07-24T17:46:03","slug":"atelye-jen-2014","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/atelye-jen-2014\/","title":{"rendered":"Atelye jen 2014"},"content":{"rendered":"<p><center><strong>Atelye MIT Sloan sou \u201cLid\u00e8chip ak Travay ann Ekip\u201d<br \/>\nPwof. Deborah Ancona (MIT Sloan) an kolaborasyon ak<br \/>\nPwof. Michel DeGraff (Inisyativ MIT-Ayiti, Depatman Lengwistik ak Filozofi nan MIT)<br \/>\n26\u201328 jen 2014\u2014Ot\u00e8l El Rancho, Petyon-Vil, Ayiti<\/strong><br \/>\n<\/center><\/p>\n<p><strong>Objektif:<\/strong><br \/>\nPou ki sa pou nou brase lide sou lid\u00e8chip epi travay ann ekip ? Rezon an se paske patisipan nan atelye sa a ap patisipe nan yon gwo kanpay pou yo mete Ayiti sou wout devl\u00f2pman.  Kanpay sa a bezwen lid\u00e8 ki ka reyalize chanjman. Nou pral bezwen ladr\u00e8s pou nou konprann kont\u00e8ks la, pou nou kreye rezo ak l\u00f2t ekip, pou nou kreye yon nouvo vizyon pou lavni, e pou nou envante nouvo fason pou nou f\u00e8 peyi a vanse tout bon vre. Nan atelye sa a, nou travay sou konpetans lid\u00e8chip sa yo. <\/p>\n<p> Apre sa, nou mande patisipan yo pou yo reflechi an pwofond\u00e8 sou w\u00f2l ke yo pral ranpli pou konstwi Ayiti nou vle a, sou jan yo pral travay ak l\u00f2t moun pou makonnen ef\u00f2 endividy\u00e8l ak kolektifpou bay pi bon rezilta toujou. Nou f\u00e8 plizy\u00e8 aktivite sou kominikasyon ak kolaborasyon pami minist\u00e8 yo ansanm ak l\u00f2t \u00f2ganizasyon ki ka ede kreye bon jan chanjman (nan sekt\u00e8 piblik ak prive, sosyete sivil, iniv\u00e8site, lek\u00f2l, elatriye). Nou prezante k\u00e8k teyori ak zouti ki ka ede nan sans sa a. Atelye sa a se pou pwofesyon\u00e8l ak ekip ki vle gen gwo enpak pozitif pou devl\u00f2pman peyi a. <\/p>\n<p>Nou pase twa jou sa yo nan aprann k\u00e8k teyori, pratike k\u00e8k nouvo teknik, epi f\u00e8 konesans ak l\u00f2t otorite ki angaje nan kanpay pou kreye kokennchenn chanjman ki dwe ateri nan peyi a. Pi gwo objektif la se aprann ki jan pou nou mobilize t\u00e8t nou, ekip nou, minist\u00e8 yo ansanm ak l\u00f2t akt\u00e8 yo jouk nou rive enplemante vizyon ke nou genyen pou peyi a. <\/p>\n<p><strong>Rezilta:<\/strong><br \/>\n Nan atelye twa jou sa a (26\u201328 jen 2014, ann Ayiti ) patisipan yo aprann nouvo mod\u00e8l ak yon nouvo langaj pou lid\u00e8chip ak travay ann ekip; yo pratike nouvo teknik ki neses\u00e8 pou kalite lid\u00e8chip ak travay ann ekip; yo chache envante nouvo solisyon pou pwobl\u00e8m k ap kraze eskanp figipeyi a; yo kreye koneksyon ki pi solid nan mitan yo; epi yo reflechi sou sa ki enp\u00f2tan pou yo. <\/p>\n<p><strong>Patisipan yo:<\/strong> Premye Minis, minis , minis delege, sekret\u00e8 d eta, direkt\u00e8 jeneral, kow\u00f2donat\u00e8 plan espesyal gouv\u00e8nman an, lid\u00e8 nan edikasyon nan sekt\u00e8 piblik ak sekt\u00e8 prive, elatriye. <\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye MIT Sloan sou \u201cLid\u00e8chip ak Travay ann Ekip\u201d Pwof. Deborah Ancona (MIT Sloan) an kolaborasyon ak Pwof. Michel DeGraff (Inisyativ MIT-Ayiti, Depatman Lengwistik ak Filozofi nan MIT) 26\u201328 jen 2014\u2014Ot\u00e8l El Rancho, Petyon-Vil, Ayiti Objektif: Pou ki sa pou nou brase lide sou lid\u00e8chip epi travay ann ekip ? Rezon an se paske patisipan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2795"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2795"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2795\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2795"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}