{"id":4312,"date":"2015-07-24T10:40:26","date_gmt":"2015-07-27T16:18:22","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti.mit.edu\/?page_id=4312"},"modified":"2015-07-24T10:40:26","modified_gmt":"2015-07-27T16:18:22","slug":"atelye-out-2015","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/atelye-out-2015\/","title":{"rendered":"Atelye Out 2015"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: center\"><strong>Atelye sou edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji<br \/>\nCampus Henry Christophe Limonade, Iniv\u00e8site Leta Ayiti, Ayiti<br \/>\nLendi\u2013m\u00e8kredi 24\u201326 out 2015<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: center\"><strong>\u00d2ganizat\u00e8: Audalbert BIEN-AIM\u00c9 (CHCL, UEH)<br \/>\nMichel DeGRAFF ak Vijay KUMAR (MIT)<\/strong><\/p>\n<p><strong>Kol\u00e8g Edikat\u00e8, Kol\u00e8g Edikatris, On\u00e8!<\/strong><\/p>\n<p>N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti. N ap di w felisitasyon pou gwo jef\u00f2 w ap f\u00e8 pou amelyore edikasyon ann Ayiti. E se ak anpil plezi n ap envite w nan atelye ki pral f\u00e8t nan CHCL, Limonad, 24\u201326 out 2015.<\/p>\n<p>Nou kontan anpil pou nou envite w soum\u00e8t kandidati w pou atelye MIT-Ayiti sa a sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik. Atelye sa yo ap devlope zouti ak met\u00f2d pou Edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji. Atelye sa a antre nan kad pwoj\u00e8 Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre b\u00e8l avantaj ki genyen nan s\u00e8vi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote teknoloji ak l\u00f2t matery\u00e8l edikatif makonnen ak lang krey\u00f2l la. Nou pral gade rech\u00e8ch lasyans ki montre jan twa zouti sa yo (pedagoji patisipatif, lang mat\u00e8n\u00e8l epi teknoloji) se bonjan engredyan pou amelyore aks\u00e8 ak kalite nan sist\u00e8m edikasyon ann Ayiti. Anpil rech\u00e8ch nan syans edikason montre ke teknoloji ak lang mat\u00e8n\u00e8l se 2 engredyan ki neses\u00e8 pou timoun ka vin maton lek\u00f2l pandan y ap bati pw\u00f2p konesans yo l\u00e8 y ap angaje t\u00e8t yo ak k\u00e8 kontan nan aprantisaj aktif.<\/p>\n<p>Atelye 24\u201326 out la, sa se sizy\u00e8m Atelye MIT-Ayiti depi Inisyativ la te k\u00f2manse an okt\u00f2b 2010. Nou deja f\u00e8 f\u00f2masyon pou anviwon 200 pwofes\u00e8. Nou konte sou prezans ou pou Inisyativ la kontinye vanse.<\/p>\n<p>Youn nan objektif atelye twa jou sa a se ede patisipan yo vin pi maton nan diferan kalite met\u00f2d ak zouti ki mache ak pedagoji patisipatif, epi nou pral egzaminen diferan opinyon ke patisipan yo genyen ansanm ak esperyans ke yo f\u00e8 nan aktivite ki mache ak kalite pedagoji sa a. Pa egzanp, nou pral brase lide sou kalite aktivite ki f\u00e8t nan sal klas e ki motive timoun yo pou yo aprann matery\u00e8l yo pi byen epi ki jan aktivite sa yo amelyore rezilta aprantisaj la. Nan atelye sa a, patisipan yo pral dekouvri k\u00e8k teknik pedagojik fondamantal pou patisipan yo rive gen bon baz pou yo prepare objektif nan plan leson yo ansanm ak aktivite pedagojik epi zouti evalyasyon ki mache ak objektif sa yo.<\/p>\n<p>Atelye sa a pral gen twa sesyon ki pral dewoule an menm tan: matematik, fizik epi biyoloji. Epi tou, yon l\u00f2t objektif atelye a se kreye, pou chak maty\u00e8, kominote anseyan k ap kore pratik pedagoji patisipatif an krey\u00f2l nan sal klas yo. Epi tou, n ap gen sesyon pleny\u00e8 sou pedagoji ak evalyasyon pou tout patisipan yo.<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<ul>\n<li>Esplike pedagoji patisipatif k ap amelyore jan timoun yo aprann<\/li>\n<li>Kreye objektif aprantisaj pou egz\u00e8sis ki chita sou pedagoji patisipatif<\/li>\n<li>Planifye yon egz\u00e8sis aprantisaj ent\u00e8rakti<\/li>\n<li>Idantifye estrateji pou evalyasyon f\u00f2matif epi evalyasyon somatif ke ou pral itilize pou mezire rezilta egz\u00e8sis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a<\/li>\n<li>Esplike ki kalite sip\u00f2 administratif w ap rive jwenn pou itilizasyon aprantisaj ent\u00e8raktif an krey\u00f2l nan kourikoul\u00f2m nan<\/li>\n<\/ul>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<table>\n<tbody>\n<tr>\n<td>1 ye jou:<\/td>\n<td>Entwodiksyon sou pedagoji patisipatif<br \/>\nPan\u00e8l sou chanjman nan edikasyon selon nouvo met\u00f2d ak nouvo zouti<br \/>\nSip\u00f2 pou pedagoji patisipatif an krey\u00f2l.<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td width=\"15%\">2 y\u00e8m jou:<\/td>\n<td>Patisipan yo pral travay an gwoup selon maty\u00e8 y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji) pou yo esplore aplikasyon yon kad teyorik pou pedagoji patisipatif. Epi yo pral devlope objektif pou aprantisaj aktif ansanm ak egz\u00e8sis aprantisaj.<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>3 y\u00e8m jou:<\/td>\n<td>Patisipan yo pral travay sou prensip evalyasyon f\u00f2matif ak evalyason somatif epi yo pral prepare zouti pou evalye aktivite pedagoji patisipatif yo pral f\u00e8 nan sal klas<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<table>\n<tbody>\n<tr>\n<td>Pedagoji<\/td>\n<td>Glenda Stump<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Matematik<\/td>\n<td>Haynes Miller<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Fizik<\/td>\n<td>Paul Belony<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Biyoloji<\/td>\n<td>Lourdes Aleman, Ruthly Fran\u00e7ois<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<p> &nbsp;<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\nKandida sa yo ke nou pral aksepte k\u00f2m patisipan nan atelye a dwe ap <strong><em>anseye nan <u>iniv\u00e8site<\/u> oswa nan <u>lek\u00f2l segond\u00e8<\/u><\/em><\/strong> e f\u00f2k yo deja gen yon <strong><em>dipl\u00f2m iniv\u00e8site (omwen yon lisans) nan fizik, biyoloji oswa matematik<\/em><\/strong> oswa nan yon disiplin ki branche ak youn nan twa disiplin sa yo.  Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo pral p\u00e8m\u00e8t patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan <strong><em>pedagoji patisipatif <\/em><\/strong>la.  Se pa maty\u00e8 sa yo menm ke atelye yo pral devlope\u2014se met\u00f2d pedagoji ke nou pral devlope. Ki f\u00e8, sa enp\u00f2tan pou patisipan yo deja gen konesans nan youn nan maty\u00e8 sa yo paske objektif semin\u00e8 a se pa anseye maty\u00e8 yo.<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\nTanpri enskri sou ent\u00e8n\u00e8t nan sit sa a : http:\/\/www.surveymonkey.com\/r\/Ayiti2015<br \/>\n<div class=\"fusion-one-half fusion-layout-column fusion-spacing-yes\" style=\"margin-top:0px;margin-bottom:20px;\"><div class=\"fusion-column-wrapper\"><a href=\"http:\/\/www.surveymonkey.com\/r\/Ayiti2015\"><span class=\"haiti-button\">Register Now <\/span><\/a><div class=\"fusion-clearfix\"><\/div><\/div><\/div> [one_half_last][\/one_half_last]<br \/>\nEpi voye kopi kourikoul\u00f2m vite nou ansanm ak kopi dipl\u00f2m nou nan adr\u00e8s sa a :<br \/>\nmit-haiti@mit.edu<br \/>\nDat enskripsyon ap f\u00e8men se vandredi 7 out 2015 oubyen l\u00e8 pa gen plas ank\u00f2.<br \/>\nPou semin\u00e8 sa a, nou ta renmen kolabore ak 60 patisipan maksim\u00f2m. Dat limit pou soum\u00e8t kandidati w pou enskripsyon se vandredi 7 out 2015 a 11 :59 PM. Men, si nou gen tan jwenn 60 patisipan yo anvan dat limit la, n ap f\u00e8men enskripsyon an anvan dat 7 out la. N ap reponn sou kandidati patisipan yo nan dat 14 out 2015.<br \/>\nSI OU PAP VINI PA ENSKRI, MEN SI OU VLE VINI INSKRI VIT. PI BON\u00c8 SE GRAN MATEN.<\/p>\n<p>Atelye sa a gratis ti cheri, menm jan ak tout l\u00f2t Atelye MIT-Ayiti yo. Men, se patisipan yo oswa enstitisyon yo ki dwe responsab depans pou transp\u00f2tasyon ak ot\u00e8l si sa neses\u00e8.<\/p>\n<p>Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak CHCL\/UEH ap di w m\u00e8si d avans pou enter\u00e8 w nan atelye MIT-Ayiti yo. Epi tou, nou espere ke pral gen anpil l\u00f2t op\u00f2tinite pou nou met t\u00e8t ansanm pou nou amelyore edikasyon ann Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye sou edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji Campus Henry Christophe Limonade, Iniv\u00e8site Leta Ayiti, Ayiti Lendi\u2013m\u00e8kredi 24\u201326 out 2015 \u00d2ganizat\u00e8: Audalbert BIEN-AIM\u00c9 (CHCL, UEH) Michel DeGRAFF ak Vijay KUMAR (MIT) Kol\u00e8g Edikat\u00e8, Kol\u00e8g Edikatris, On\u00e8! N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"closed","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/4312"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=4312"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/4312\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=4312"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}