{"id":5056,"date":"2014-10-06T11:15:48","date_gmt":"2014-10-06T15:15:48","guid":{"rendered":"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/ht\/?page_id=5056"},"modified":"2016-06-11T03:39:33","modified_gmt":"2016-06-11T03:39:33","slug":"resous","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/resous\/","title":{"rendered":"Resous"},"content":{"rendered":"\n<table id=\"tablepress-3\" class=\"tablepress tablepress-id-3\">\n<tbody class=\"row-hover\">\n<tr class=\"row-1 odd\">\n\t<td class=\"column-1\"><h3 style=\"line-height:30px;\"><a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/resous\/geogebra\/\">GeoGebra an krey\u00f2l<\/a> <\/h3><strong>Lojisy\u00e8l pou ans\u00e8yman aktif nan alj\u00e8b ak jeyometri.<\/strong><br \/>\nGeoGebra se zouti ki ka ede etidyan kreye obj\u00e8 ak model pou matematik.  Sa se yon zouti pou ede aprantisaj ak ans\u00e8yman nan tout nivo edikasyon.  Li p\u00e8m\u00e8t etidyan yo f\u00e8 dekouv\u00e8t pandan y ap patisipe nan ent\u00e8raksyon, pandon y ap manipile obj\u00e8, chanje param\u00e8t, ent\u00e8raji ak jeyometri nan 2 ak 3 dimansyon, alj\u00e8b, tablo, graf, kalkil epi estatistik.  Epi tou, GeoGebra se yon zouti ki ka ede pwofes\u00e8 yo kreye fichye ki ent\u00e8raktif.  Se yon resous ki lib e ki ouv\u00e8 n\u00e8 t, san bary\u00e8 (\"Open Source\"), epi li disponib gratis ti cheri sou sit GeoGebra.org <\/td>\n<\/tr>\n<tr class=\"row-2 even\">\n\t<td class=\"column-1\"><h3 style=\"line-height:30px;\"><a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/resous\/star\/\">Star an krey\u00f2l<\/a><\/h3><strong>Lojisy\u00e8l pou aprantisaj aktif nan syans jenetik ak biyochimi.<\/strong><br \/>\nLojisy\u00e8l \u201cStar\u201d yo se zouti nimerik ki p\u00e8m\u00e8t pwofes\u00e8 yo prezante met\u00f2d rech\u00e8ch epi aplike met\u00f2d sa yo rapido presto nan sal klas. Lojisy\u00e8l Star yo p\u00e8m\u00e8t etidyan yo jwenn posiblite pou yo f\u00e8 etid sou pwoteyin epi sou varyasyon jenetik, san yo pa oblije gen ni ekipman avanse ni laboratwa ki byen ekipe. Zouti Star sa yo ka s\u00e8vi pou analize kons\u00e8p ki fondamantal nan rech\u00e8ch sou jenetik epi biyochimi.<\/td>\n<\/tr>\n<tr class=\"row-3 odd\">\n\t<td class=\"column-1\"><h3 style=\"line-height:30px;\"><a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/resous\/phets\/\">PhET an krey\u00f2l<\/a><\/h3><strong>Lojisy\u00e8l pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik.<\/strong><br \/>\nPhETs yo (ke nou pwononse \u201cF\u00e8t\u201d an krey\u00f2l) se b\u00e8l \u201cf\u00e8t\u201d pou pwofes\u00e8 k ap anseye fizik ak l\u00f2t syans! Lojisy\u00e8l sa yo ofri egz\u00e8sis patisipatif nan syans ak matematik, aktivite ki baze sou rech\u00e8ch e ki p\u00e8m\u00e8t etidyan yo mete men yo nan pat la. Gen ekip syantis ki teste epi evalye lojisy\u00e8l sa yo pou w\u00e8 si yo bay bon rannman nan ans\u00e8yman. Gen ent\u00e8vyou ki f\u00e8t ak etidyan epi gen evalyasyon ki f\u00e8t sou egz\u00e8sis pratik nan sal klas ki s\u00e8vi ak lojisy\u00e8l PhET yo. K\u00f2d ki nan nannan PhET yo baze sou Java, Flash oubyen HTML5. Nou kab s\u00e8vi ak PhET yo sou ent\u00e8n\u00e8t oswa nou ka telechaje yo sou \u00f2dinat\u00e8 nou. Tout lojisy\u00e8l pou egz\u00e8sis pratik sa yo se resous ki san bary\u00e8, pou tout moun ka s\u00e8vi ak yo, modifye yo, pataje yo, al\u00e8z. Epi yo gratis ti cheri, ni pou pwofes\u00e8 ni pou etidyan.<\/td>\n<\/tr>\n<tr class=\"row-4 even\">\n\t<td class=\"column-1\"><h3 style=\"line-height:30px;\"><a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/resous\/mathlets\/\">Mathlets an krey\u00f2l<\/a><\/h3><strong>Lojisy\u00e8l pou aprantisaj aktif nan ekwasyon diferansy\u00e8l ak l\u00f2t kons\u00e8p nan matematik.<\/strong><br \/>\nNan seksyon sa a n ap jwenn tout yon seri lojisy\u00e8l matematik ki rele \u201cMathlets\u201d (oswa \u201cMatl\u00e8t\u201d an krey\u00f2l). Se ak Java yo f\u00e8t. Lojisy\u00e8l sa yo ka s\u00e8vi l\u00e8 moun ap aprann ekwasyon diferansy\u00e8l ak l\u00f2t kons\u00e8p nan matematik. Gen plizy\u00e8 egzanp sou kouman nou ka zouti nimerik sa yo pou nou f\u00e8 devwa, pou nou travay an gwoup oubyen pou nou prepare prezantasyon nan k\u00e8k kou, epi nou ka aprann teyori ki d\u00e8y\u00e8 apw\u00f2ch matematik sa yo. Nan seksyon sa a, n ap jwenn k\u00e8k videyo sou egz\u00e8sis ki gen esplikasyon v\u00e8bal ladan yo.<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<!-- #tablepress-3 from cache -->\n\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5056"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=5056"}],"version-history":[{"count":12,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5056\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":6572,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5056\/revisions\/6572"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=5056"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}