{"id":5801,"date":"2016-05-27T15:26:18","date_gmt":"2016-05-27T15:26:18","guid":{"rendered":"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/ht\/?page_id=5801"},"modified":"2018-04-30T10:24:25","modified_gmt":"2018-04-30T14:24:25","slug":"atelye-mit-ayiti-sou-edikasyon-ki-san-barye-e-ki-kore-ak-teknoloji","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/atelye\/atelye-mit-ayiti-sou-edikasyon-ki-san-barye-e-ki-kore-ak-teknoloji\/","title":{"rendered":"Atelye janvye 2015"},"content":{"rendered":"<p>Atelye MIT-Ayiti sou edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji<br \/>\nP\u00f2toprens, Ayiti, 15-17 janvye 2015<br \/>\nOganizat\u00e8: Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti<br \/>\nKow\u00f2donat\u00e8: Michel DeGraff ak Vijay Kumar (MIT) epi Paul Mentor (MENFP, Biwo MENFP\/MIT-Ayiti)<\/p>\n<p><a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/files\/2015\/01\/kalandriye_atelye_MIT-Ayiti_15-17_janvye_2015.pdf\"> PDF kalandriye atelye a<\/a><\/p>\n<p>Inisyativ MIT-Ayiti a ansanm ak Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP) ap \u00f2ganize 5\u00e8m atelye sou syans ak matematik nan Inisyativ MIT-Ayiti a. Atelye sa yo ap devlope zouti ak met\u00f2d pou edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji. Atelye a ap fet 15 janvye rive 17 janvye 2014, P\u00f2toprens. Atelye sa a antre nan kad pwoj\u00e8 Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre b\u00e8l avantaj ki genyen nan s\u00e8vi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote teknoloji ak l\u00f2t matery\u00e8l makonnen ak krey\u00f2l. Twa zouti sa yo (pedagoji patisipatif, krey\u00f2l epi teknoloji) se bonjan engredyan pou amelyore aks\u00e8 ak kalite nan sist\u00e8m edikasyon ann Ayiti.<\/p>\n<p>Youn nan objektif atelye twa jou sa a se ede patisipan yo (pwofes\u00e8 iniv\u00e8site ak lek\u00f2l segond\u00e8) vin pi maton nan diferan kalite met\u00f2d ak zouti ki mache ak pedagoji patisipatif, epi nou pral egzaminen diferan opinyon ke patisipan yo genyen ansanm ak esperyans ke yo f\u00e8 nan aktivite ki mache ak kalite pedagoji sa a. Pa egzanp, nou pral brase lide sou kalite aktivite ki f\u00e8t nan sal klas e ki motive timoun yo pou yo aprann matery\u00e8l yo pi byen epi ki jan aktivite sa yo amelyore rezilta aprantisaj la. Nan atelye sa a, patisipan yo pral dekouvri k\u00e8k teknik pedagojik fondamantal pou yo rive gen bon baz pou yo prepare objektif leson ki s\u00e8vi ak resous pou aprantisaj ent\u00e8raktif an krey\u00f2l. Atelye sa a pral gen twa sesyon ki pral dewoule an menm tan: matematik, fizik epi biyoloji. Epi tou, pral gen yon sesyon espesyal pou administrat\u00e8 k ap travay nan dom\u00e8n edikasyon.<\/p>\n<p>Men ki sa w ap rive f\u00e8, k\u00f2m patisipan, nan fen atelye a:<\/p>\n<ul>\n<li>Prezante pi bon zouti ak met\u00f2d pou ans\u00e8yman ak aprantisaj<\/li>\n<li>Kreye objektif aprantisaj pou egz\u00e8sis ki chita sou pedagoji patisipatif<\/li>\n<li>Planifye yon egz\u00e8sis aprantisaj ent\u00e8raktif<\/li>\n<li>Dekri estrateji evalyasyon f\u00f2mativ ke ou pral itilize pou mezire rezilta egz\u00e8sis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a<\/li>\n<li>Anime yon aktivite pou yon p\u00f2syon nan egz\u00e8sis aprantisaj ent\u00e8raktif ke ou pral prepare a<\/li>\n<li>Kreye gwoup pwofesyon\u00e8l nan diferan maty\u00e8 yo (matematik, fizik epi biyoloji) pou kore itilizasyon aprantisaj aktif ak krey\u00f2l nan sal klas yo<\/li>\n<li>Esplike ki kalite sip\u00f2 administratif w ap rive jwenn pou itilizasyon aprantisaj ent\u00e8raktif an krey\u00f2l nan kourikoul\u00f2m nan<\/li>\n<\/ul>\n<p>Jan atelye a \u00f2ganize:<br \/>\n1ye jou: Entwodiksyon sou pedagoji patisipatif; Pan\u00e8l sou chanjman nan edikasyon selon nouvo met\u00f2d ak nouvo zouti; Sip\u00f2 pou pedagoji patisipatif an krey\u00f2l.<br \/>\n2y\u00e8m jou: Patisipan yo pral travay an gwoup selon maty\u00e8 y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji) pou yo prepare objektif aprantisaj pa yo ansanm ak egz\u00e8sis aprantisaj pa yo. Ap gen yon sesyon apa pou administrat\u00e8 k ap travay nan dom\u00e8n edikasyon.<br \/>\n3y\u00e8m jou: Patisipan yo pral prezante egz\u00e8sis aprantisaj pa yo devan gwoup pa yo selon maty\u00e8 y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji). Nan sesyon pou f\u00e8men atelye a, nou pral brase lide sou enp\u00f2tans pou nou planifye kolaborasyon ant gwoup anseyan ki pral tabli kominote pou kore pratik pedagoji patisipatif.<\/p>\n<p>Animat\u00e8 sesyon yo:<\/p>\n<table>\n<tbody>\n<tr>\n<td>Pedagoji:<\/td>\n<td>Glenda Stump<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Matematik:<\/td>\n<td>Haynes Miller, Jeremy Orloff<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Fizik:<\/td>\n<td>Paul Belony<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Biyoloji:<\/td>\n<td>Lourdes Aleman, Ruthly Fran\u00e7ois<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td>Pou administrat\u00e8:<\/td>\n<td>Michel DeGraff, Vijay Kumar<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>Kondisyon pou patisipe nan semin\u00e8 sa a:<\/p>\n<p>Atelye sa a ap gen twa sesyon k ap f\u00e8t an menm tan nan maty\u00e8 sa yo: matematik, fizik epi biyoloji. Patisipan nan atelye sa a dwe deja gen yon dipl\u00f2m iniv\u00e8site nan youn nan dom\u00e8n sa yo oswa youn ki branche ak yo. Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo ap f\u00e8t pou p\u00e8m\u00e8t patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan pedagoji patisipatif la, epi esplore eleman pedagojik sa yo. Se pa maty\u00e8 sa yo menm ke atelye yo pral devlope. Ki f\u00e8, sa enp\u00f2tan pou patisipan yo deja gen konesans nan maty\u00e8 sa yo paske objektif semin\u00e8 a se pa anseye maty\u00e8 yo.<\/p>\n<p>Enskripsyon f\u00e8men kounyea paske pa gen plas ank\u00f2.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye MIT-Ayiti sou edikasyon ki san bary\u00e8 e ki kore ak teknoloji P\u00f2toprens, Ayiti, 15-17 janvye 2015 Oganizat\u00e8: Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti Kow\u00f2donat\u00e8: Michel DeGraff ak Vijay Kumar (MIT) epi Paul Mentor (MENFP, Biwo MENFP\/MIT-Ayiti) PDF kalandriye atelye a Inisyativ MIT-Ayiti a ansanm ak Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":5047,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5801"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=5801"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5801\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":7470,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5801\/revisions\/7470"}],"up":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5047"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=5801"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}