{"id":5818,"date":"2013-05-27T15:41:11","date_gmt":"2013-05-27T15:41:11","guid":{"rendered":"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/ht\/?page_id=5818"},"modified":"2018-03-12T09:39:34","modified_gmt":"2018-03-12T13:39:34","slug":"atelye-mas-2014","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/atelye\/atelye-mas-2014\/","title":{"rendered":"Atelye mas 2014"},"content":{"rendered":"<p><center>Atelye MIT-Ayiti sou ans\u00e8yman pwobabilite &amp; estatistik ki chita sou aprantisaj aktif san bary\u00e8<br \/>\nOt\u00e8l Le Plaza, P\u00f2toprens, Ayiti, soti lendi 24 mas rive jedi 27 mas 2013, 9AM-5PM<br \/>\n\u00d2ganizat\u00e8: Michel DeGraff &amp; Vijay Kumar<\/center>Se ak k\u00e8 kontan n ap anonse yon atelye sou pedagoji aprantisaj aktif nan kou sou entwodiksyon nan pwobabilite &amp; estatistik. Atelye sa a ap f\u00e8t nan Ot\u00e8l Le Plaza, P\u00f2toprens, soti 24 mas rive 27 mas 2014. Atelye sa a se katriy\u00e8m nan nan yon seri atelye k ap gen pou f\u00e8t sou yon pery\u00f2d senk lane. Youn nan objektif prensipal Inisyativ MIT-Ayiti sa a se ede pwofes\u00e8 yo kreye kourikouloum ki baze sou resous an krey\u00f2l pou edikasyon san bary\u00e8 pou klas matematik ak syans. Epi, Inisyativ MIT-Ayiti sa a pral p\u00e8m\u00e8t nou evalye pwogr\u00e8 ki ka f\u00e8t gras ak itilizasyon matery\u00e8l sa yo nan lek\u00f2l segond\u00e8 ak iniv\u00e8site ann Ayiti.<\/p>\n<p>Atelye sa a pral dekri pedagoji MIT devlope pou kou sou entwodiksyon nan pwobabilite ak estatistik. Nou menm nan MIT, nou s\u00e8vi ak nouvo met\u00f2d pou nou ranplase prezantasyon majistral yo. E nou f\u00e8 sa selon yon nouvo pedagoji ke nou ka rele \u201cdevan d\u00e8y\u00e8\u201d (\u201cflipped classroom\u201d ann angle): el\u00e8v yo li matery\u00e8l la lakay yo epi yo reponn kesyon yo ann avans k\u00f2m devwa lakay, epi yo vin nan sal klas pou yo pratike aprantisaj aktif pandan y ap rezoud pwobl\u00e8m an gwoup anba sip\u00e8vizyon anseyan yo. Patisipan nan atelye a pral pran p\u00f2z yo se el\u00e8v ak pwofes\u00e8 pou yo pwofonde metodoloji \u201cdevan d\u00e8y\u00e8\u201d sa a. Epi tou, nou pral eseye div\u00e8s met\u00f2d aprantisaj aktif. Atelye sa a pral bay patisipan yo bon jan baz pou yo ka kreye (i) plan leson ki s\u00e8vi ak matery\u00e8l an krey\u00f2l pou aprantisaj aktif; (ii) zouti estimasyon pou mezire pwogr\u00e8 etidyan yo.<\/p>\n<p>Apre atelye a fini, patisipan yo dwe kapab:<\/p>\n<ul>\n<li>Tabli objektif pou ans\u00e8yman k ap s\u00e8vi ak matery\u00e8l an krey\u00f2l pou aprantisaj aktif<\/li>\n<li>Dekri k\u00e8k bon met\u00f2d pou ans\u00e8yman<\/li>\n<li>Kreye aktivite pedagojik pou ans\u00e8yman ki chita sou aprantisaj aktif<\/li>\n<li>Itilize matery\u00e8l pou aprantisaj aktif nan div\u00e8s sitiyasyon kote kondisyon travay yo varye<\/li>\n<li>Kreye zouti pou evalyasyon f\u00f2matif ak somatif ki pral mezire sa etidyan yo aprann gras ak matery\u00e8l ki chita sou aprantisaj aktif an krey\u00f2l<\/li>\n<li>Dekri ki jan yo pral ranmase done, epi anrejistre done sa yo pou yo ka dokimante ki jan etidyan yo aprann gras ak matery\u00e8l sa yo<\/li>\n<li>Monte yon leson ki itilize estrateji ki chita sou aprantisaj aktif av\u00e8k patisipan ki nan atelye a<br \/>\nBay kanmarad travay ou fidbak f\u00f2matif<\/li>\n<\/ul>\n<p>Atelye 24\u201327 mas 2014 la gen yon objektif an plis de sa nou deja dekri yo: Se pa s\u00e8lman nan klas pa yo pou patisipan yo rive itilize met\u00f2d aprantisaj aktif an krey\u00f2l selon f\u00f2masyon yo jwenn nan Atelye MIT-Ayiti yo. K\u00f2m objektif an plis, nou ta renmen pou patisipan ki nan Atelye MIT-Ayiti 24\u201327 mas 2014 la ka rive pataje tout enf\u00f2masyon ak met\u00f2d aktif yo jwenn nan atelye sa a ak l\u00f2t pwofes\u00e8 nan div\u00e8s z\u00f2n nan peyi a.<br \/>\nPwofes\u00e8 k ap anime atelye a se:<br \/>\nPwobabilite ak Estatistik Jonathan Bloom &amp; Jeremy Orloff<br \/>\nPedagoji, Estimasyon &amp; Evalyasyon Glenda Stump<br \/>\n(Ale nan paj 2 pou nou li kondisyon pou enskripsyon.)<\/p>\n<p>Kondisyon pou enskri: Kandida ki pral gen pi gwo priyorite pou enskripsyon se pwofes\u00e8 k ap anseye kou sou pwobabilite ak estatistik nan iniv\u00e8site ak lek\u00f2l segond\u00e8 ann Ayiti e ki deja gen omwen yon dipl\u00f2m metriz nan jeni, syans oswa matematik; epi, apre sa, se pwofes\u00e8 ki deja enskri nan yon pwogram metriz nan youn nan dom\u00e8n sa yo oswa pwofes\u00e8 ki gen plis pase 5 lane nan ans\u00e8yman pwobabilite ak estatistik. Kandida yo dwe soum\u00e8t yon kopi koukikoul\u00f2m vite yo (KV), yon kopi pi gwo dipl\u00f2m yo resevwa epi atestasyon enskripsyon yo nan yon pwogram metriz (si yo gen sa). Tanpri, voye dokiman sa yo (KV, dipl\u00f2m, atestasyon, nan f\u00f2ma PDF oswa JPEG) nan adr\u00e8s imel: mit-haiti@mit.edu<\/p>\n<p>Dat limit pou enskripsyon an se vandredi 28 fevriye 2014, oswa l\u00e8 pa gen plas ank\u00f2<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atelye MIT-Ayiti sou ans\u00e8yman pwobabilite &amp; estatistik ki chita sou aprantisaj aktif san bary\u00e8 Ot\u00e8l Le Plaza, P\u00f2toprens, Ayiti, soti lendi 24 mas rive jedi 27 mas 2013, 9AM-5PM \u00d2ganizat\u00e8: Michel DeGraff &amp; Vijay KumarSe ak k\u00e8 kontan n ap anonse yon atelye sou pedagoji aprantisaj aktif nan kou sou entwodiksyon nan pwobabilite &amp; estatistik. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":5047,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5818"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=5818"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5818\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":7346,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5818\/revisions\/7346"}],"up":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5047"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=5818"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}