{"id":6778,"date":"2016-10-14T11:23:11","date_gmt":"2016-10-14T15:23:11","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/?page_id=6778"},"modified":"2018-07-12T13:06:22","modified_gmt":"2018-07-12T17:06:22","slug":"2017-senpozyom","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/2017-senpozyom\/","title":{"rendered":"2017 senpozy\u00f2m"},"content":{"rendered":"<div class=\"fusion-one-full fusion-layout-column fusion-column-last fusion-spacing-yes\" style=\"margin-top:0px;margin-bottom:20px;\"><div class=\"fusion-column-wrapper\"><h4 style=\"text-align: center;\"><strong>Senpozy\u00f2m MIT-Ayiti | 27-28 mas 2017 | Ot\u00e8l Marriott, P\u00f2toprens, Ayiti<\/strong><\/h4>\n<h4 style=\"text-align: center;\"><strong>mit-haiti@mit.edu |<span style=\"color: #3366ff;\"><a style=\"color: #3366ff;\" href=\"https:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/\"> http:\/\/haiti.mit.edu<\/a><\/span><\/strong><\/h4>\n<p>Se ak k\u00e8 kontan ke Inisyativ MIT-Ayiti ap envite w nan yon Senpozy\u00f2m nan dat 27-28 mas 2017, 8AM\u20135PM, nan Ot\u00e8l Marriott nan P\u00f2toprens. Senpozy\u00f2m sa a se yon etap enp\u00f2tan apre 7 lane (2010\u20132016) depi Inisyativ MIT-Ayiti te pran nesans. Nou te fikse k\u00f2m objektif pou n devlope, evalye epi pataje matery\u00e8l edikatif ansanm ak zouti aprantisaj aktif an krey\u00f2l, gratis n\u00e8t\u2014pou ankouraje met\u00f2d k ava amelyore ans\u00e8yman ak aprantisaj nan dom\u00e8n Syans, Teknoloji, Enjeniri ak Matematik (\u201cS.T.En.M.\u201d) ann Ayiti, espesyalman nan nivo segond\u00e8 ak iniv\u00e8site.<\/p>\n<p>Premye 7 lane sa yo nan Inisyativ MIT-Ayiti te vin posib gras ak finansman <strong><em>Fondasyon Nasyonal pou Syans oz Etazini (U.S. National Science Foundation) <\/em><\/strong>ansanm ak finansman<strong><em> MIT; Wade Foundation; FOKAL; Open Society Foundation; Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal &amp; F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l; Kanpis Henry Christophe, Limonad, nan Iniv\u00e8site Leta d Ayiti (UEH) <\/em><\/strong>epi <strong><em>Anbasad Etazini nan P\u00f2toprens. <\/em><\/strong><\/p>\n<p>Repons ke Inisyativ MIT-Ayiti jwenn, rive jounen jodi, ankouraje nou anpil. Plizy\u00e8 sondaj kapte jef\u00f2 ke pwofes\u00e8 Ayisyen yo ap f\u00e8 pou peyi a ka gen yon demen miy\u00f2 nan dom\u00e8n edikasyon sou baz met\u00f2d aprantisaj aktif ak matery\u00e8l an krey\u00f2l. Met\u00f2d sa yo bay garanti pou etidyan yo jwenn plis aks\u00e8 nan edikasyon ki gen bon kalite nan disiplin S.T.En.M. yo.<\/p>\n<p>Senpozy\u00f2m lan ap ban nou op\u00f2tinite pou n pataje pwogr\u00e8 Inisyativ la pandan 7 d\u00e8nye ane yo epi n ava brase lide sou avni Inisyativ la, espesyalman sou jan pou n laji kad travay la pou n asire dirabilite ki djanm.<\/p>\n<p>Senpozy\u00f2m lan ap gen pan\u00e8l ak deba sou jen\u00e8z ak fonnman Inisyativ la, akonplisman ak enpak li, epi espwa nou pou lavni. N ap tou pwofite pataje leson ke n pran sou wout e ki ka ede amelyore ni ans\u00e8yman ki kore ak teknoloji, ni aprantisaj S.T.En.M. nan lang lokal sa yo ke n pale ann Ayiti e nan l\u00f2t peyi.<\/p>\n<p>Patisipan ki envite nan Senpozy\u00f2m lan enkli:<\/p>\n<ul>\n<li>Anseyan ki te nan s\u00e8t atelye MIT-Ayiti yo (2012\u20132016)<\/li>\n<li>Administrat\u00e8 nan enstitisyon ans\u00e8yman sipery\u00e8 ak l\u00f2t lid\u00e8 nan edikasyon ann Ayiti<\/li>\n<li>Reprezantan Gouv\u00e8nman Ayisyen ak div\u00e8s enstitisyon leta (tankou Palman, Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal, Akademi Krey\u00f2l Ayisyen, elatriye) ki angaje nan pwoj\u00e8 edikasyon<\/li>\n<li>Reprezantan \u00f2ganizasyon lokal ak ent\u00e8nasyonal k ap travay pou amelyorasyon edikasyon ann Ayiti ak nan r\u00e8s mond lan<\/li>\n<li>Reprezantan ki s\u00f2ti nan peyi Karayib (tankou Jamayik ak Kiraso) k ap f\u00e8 fas kare ak menm kalte pwobl\u00e8m lengwistik pa rap\u00f2 ak kalite edikasyon epi enklizyon nan edikasyon<\/li>\n<\/ul>\n<p>Nou espere ke Senpozy\u00f2m sa a ava ban nou yon bon op\u00f2tinite pou n kole zep\u00f2l nan bati yon l\u00f2t kalite lek\u00f2l ann Ayiti. N ap tann ou nan Ot\u00e8l Marriott nan P\u00f2toprens nan dat 27-28 mas 2017, 8AM\u20135PM. Pwogram Senpozy\u00f2m lan nan wout. Ann atandan, tanpri rez\u00e8ve de (2) dat sa yo nan kalandriye w.<\/p>\n<p><strong><em>Ekip MIT-Ayiti a apresye kolaborasyon w ki pa janm lage\u2014m\u00e8si anpil!<\/em><\/strong><\/p>\n<div class=\"fusion-clearfix\"><\/div><\/div><\/div><div class=\"fusion-clearfix\"><\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"","protected":false},"author":7,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/6778"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=6778"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/6778\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":8652,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/6778\/revisions\/8652"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=6778"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}