{"id":5730,"date":"2015-06-24T05:55:21","date_gmt":"2015-06-24T05:55:21","guid":{"rendered":"http:\/\/ling-phil.mit.edu\/mithaiti\/ht\/?p=5730"},"modified":"2022-10-13T11:43:13","modified_gmt":"2022-10-13T15:43:13","slug":"yon-nouvo-zouti-enpotan-ki-kapab-ede-timoun-ayiti-yo-aprann","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/yon-nouvo-zouti-enpotan-ki-kapab-ede-timoun-ayiti-yo-aprann\/","title":{"rendered":"Yon nouvo zouti enp\u00f2tan ki kapab ede timoun Ayiti yo aprann"},"content":{"rendered":"<blockquote><p>\u201cImajinen yon nouvo Ayiti kote tout moun, finalman, kapab li ak ekri lang natif natal yo.\u201d<br \/>\n\u2013 Michel DeGraff, Massachusetts Institute of Technology, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Krey\u00f2l Ayisyen<\/p><\/blockquote>\n<p>PRLog &#8211; June 17, 2015 &#8211; PORT AU PRINCE, Haiti<br \/>\nSe Dory Piccard Dickson ki ekri atik sa a ann angle, enpi se Mandaly Louis-Charles ki tradui li an krey\u00f2l<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<p>L\u00e8 Mandaly Louis-Charles t ap grandi ann Ayiti, pwofes\u00e8 lek\u00f2l, jeneralman, te konn f\u00e8 tout klas yo an franse, yon lang ke pif\u00f2 el\u00e8v pa janm abitye pale lakay yo. Se nan bat pa k\u00e8 el\u00e8v yo te konn aprann ti m\u00f2so nan lang franse a. Toudab\u00f2, el\u00e8v yo memorize ABC lang franse a, l\u00e8fini el\u00e8v yo memorize mo yo, enpi fraz yo. Apre sa, timoun yo aprann ki sa mo yo vle di. Nan ep\u00f2k sa a, klas yo pa t separe ak miray. Nan k\u00e8lkeswa nivo klas nou te ye a, nou te toujou ap tande timoun ki t ap resite alfab\u00e8 a. Pa te gen chape pou nou. Alfab\u00e8 franse a te nan w\u00e8l nou tout tan.<\/p>\n<p>Nan lek\u00f2l la menm, timoun pa t gen dwa pale krey\u00f2l. Se nan memwa zo bwa t\u00e8t yo ke yo te blije chache k\u00e8k grenn mo pou yo degaje yo pou pale franse, yon lang yo pa pale ni lakay yo, ni ak ti zanmi yo l\u00e8 y ap jwe, ni okenn l\u00f2t kote nan kominote a. Pa mande Bondye yon pwofes\u00e8 ta bare yon el\u00e8v ap pale krey\u00f2l, lang natif natal li; se ale nan pinisyon tou dwat. Pafwa, pinisyon an konn byen r\u00e8d. Al\u00e8kile gen ti pwogr\u00e8 ki f\u00e8t: ou kapab jwenn klas krey\u00f2l nan pwogram lek\u00f2l yo. Men, kwak sa, yo anseye krey\u00f2l la k\u00f2m yon maty\u00e8 ki separe ak tout l\u00f2t yo. Akademi Krey\u00f2l Ayisyen an, ki rive fonde an 2014, ap travay pou chanje sa. Y ape travay pou kore itilizasyon krey\u00f2l nan tout sekt\u00e8 lasosyete. Men, pou kounye a, kominikasyon alekri gouv\u00e8nman an ansanm ak lwa ak dekr\u00e8, se an franse s\u00e8lman ke pr\u00e8ske tout dokiman sa yo pibliye .<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<p>Mandaly Louis-Charles, yon fanm vanyan k ap milite pou lang krey\u00f2l la, te kolabore ansanm ak animat\u00e8 Robert Capria, mizisyen B\u00e9mol Telfort, enpi pwofes\u00e8 lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), Michel DeGraff, pou pwodui yon videyo edikasyon\u00e8l pou entwodui premye chante sou alfab\u00e8 krey\u00f2l la.<\/p>\n<p>Louis-Charles ak DeGraff te kolabore ansanm pou yo ekri paw\u00f2l yo. Louis-Charles te kreye melodi a, enpi li chante chante a ansanm ak amoni yo. Telfort te jwe tanbou e bat kata tou pou akonpaniman mizik la te konpl\u00e8.<\/p>\n<p>Sa se premye chante ak videyo ki f\u00e8t sou alfab\u00e8 krey\u00f2l ayisyen an. Pou ent\u00e8pretasyon r\u00e8g \u00f2tograf krey\u00f2l la, ekip la te chwazi imaj av\u00e8k paw\u00f2l ke tout Aysisyen, granmoun kon timoun, konnen byen. Yo te marye b\u00e8l rit tanbou ak melodi a, b\u00e8l rit ki chita byen fon nan kilti nasyon Ayisyen an depi nan nesans li.<\/p>\n<div class=\"fusion-sep-clear\"><\/div><div class=\"fusion-separator fusion-full-width-sep sep-none\" style=\"border-color:#e0dede;margin-left: auto;margin-right: auto;margin-top:;\"><\/div>\n<p>\u201cChante sa a gen rasin ki antre fon nan b\u00e8l tradisyon ki nan nannan kilti nou. Li va bay timoun yo yon grap plezi, e li va ba yo anpil angouman pou yo aprann li, ak k\u00e8 kontan, nan lang natif natal yo.\u201d<\/p>\n<p>Tit chante a se Alfab\u00e8 krey\u00f2l nimewo 1. Nenp\u00f2t moun kapab telechaje li pou granmesi nan adr\u00e8s YouTube sa a: <a href=\"https:\/\/youtu.be\/6F6yK1HOhWI\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">https:\/\/youtu.be\/6F6yK1HOhWI<\/a><\/p>\n<p><iframe loading=\"lazy\" width=\"1100\" height=\"619\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/6F6yK1HOhWI?feature=oembed\" frameborder=\"0\" allowfullscreen><\/iframe><\/p>\n<p>E si yo ta enterese chante chante a tou, yo va jwenn pati mizik la ansanm ak akonpaniman san vwa nan CD Baby, iTunes, Amazon, Google Play, ak Gracenote MusicID. Si gen k\u00e8k mizisyen ki enterese nan s\u00f2lf\u00e8j mizik la, yo va jwenn li nan sit sa a: <a href=\"http:\/\/sweetcoconuts.blogspot.com\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">sweetcoconuts.blogspot.com<\/a> nan mwa k ap vini yo, pandan ete 2015 lan.<\/p>\n<p>Ekip la pa te s\u00e8lman kreye yon s\u00e8l videyo. Yo te kreye yon dezy\u00e8m chante ki ent\u00e8prete prensip fondamantal \u00f2tograf krey\u00f2l la. Dezy\u00e8m chante sa a rele Alfab\u00e8 krey\u00f2l nimewo 2. Ou kapab w\u00e8 yon ti ap\u00e8si chante sa a nan YouTube, nan adr\u00e8s sa a: <a href=\"https:\/\/youtu.be\/dW5LaUJ337U\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">https:\/\/youtu.be\/dW5LaUJ337U<\/a><\/p>\n<p><iframe loading=\"lazy\" width=\"1100\" height=\"619\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/dW5LaUJ337U?feature=oembed\" frameborder=\"0\" allowfullscreen><\/iframe><\/p>\n<p>Enpi ou va jwenn tou de (2) chante yo konpl\u00e8 nan sit sa a: <a href=\"https:\/\/vimeo.com\/ondemand\/thecreolealphabet\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">https:\/\/vimeo.com\/ondemand\/thecreolealphabet<\/a><\/p>\n<p>Mandaly Louis-Charles di kon sa: \u201cMwen espere tout moun va gen anpil plezi pou aprann sist\u00e8m \u00f2tograf krey\u00f2l la pandan y ap chante.\u201d<\/p>\n<p>Kontinye li dokiman sa a nan sit sila a: <a href=\"http:\/\/sweetcoconuts.blogspot.com\/2015\/06\/yon-nouvo-zouti-enpotan-ki-kapab-ede.html\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">http:\/\/sweetcoconuts.blogspot.com\/2015\/06\/yon-nouvo-zouti&#8230;<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>\u201cImajinen yon nouvo Ayiti kote tout moun, finalman, kapab li ak ekri lang natif natal yo.\u201d \u2013 Michel DeGraff, Massachusetts Institute of Technology, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Krey\u00f2l Ayisyen PRLog &#8211; June 17, 2015 &#8211; PORT AU PRINCE, Haiti Se Dory Piccard Dickson ki ekri atik sa a ann angle, enpi se Mandaly Louis-Charles ki tradui [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":4832,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"categories":[144],"tags":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/5730"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=5730"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/5730\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":9279,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/5730\/revisions\/9279"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media\/4832"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=5730"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=5730"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=5730"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}