{"id":6987,"date":"2017-03-13T15:13:37","date_gmt":"2017-03-13T19:13:37","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/?p=6987"},"modified":"2022-10-13T11:39:39","modified_gmt":"2022-10-13T15:39:39","slug":"inisyativ-mit-ayiti-yon-angajman-entenasyonal","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/inisyativ-mit-ayiti-yon-angajman-entenasyonal\/","title":{"rendered":"Inisyativ MIT-Ayiti: Yon Angajman Ent\u00e8nasyonal"},"content":{"rendered":"<p>Haynes Miller<\/p>\n<p>Se Haynes Miller ki ekri atik sa a, ann angl\u00e8.\u00a0 Epi se Paul Belony ak Jacques Pierre ki mete t\u00e8t ansanm nan travay tradiksyon krey\u00f2l la.<\/p>\n<p>&#8216;Y\u00e8 swa, mwen f\u00e8 yon r\u00e8v\u00a0: <\/p>\n<p>Mwen ak pitit fi\u00a0m, se Boston n\u00a0ap viv. Mwen t\u00a0ap prepare pitit\u00a0fi\u00a0m pou\u00a0l ale lek\u00f2l. \u00a0Li gen diz an. Lek\u00f2l enp\u00f2tan anpil pou nou\u00a0: edikasyon se s\u00e8l chimen pou\u00a0n ka gen yon demen miy\u00f2. Anvan li te al d\u00f2mi, li te montre\u00a0m devwa ke\u00a0l te f\u00e8 pou klas li. Mwen te panse devwa\u00a0a te bon menm si\u00a0m pa\u00a0te ka li pif\u00f2 nan mo ki te ekri yo. Sa se yon tray pou pitit mwen ki oblije al lek\u00f2l kote ans\u00e8yman f\u00e8t ann\u00a0ALMAN. Mwen sonje se te nan lang sa\u00a0a mwen te jwenn pen lenstriksyon pa\u00a0m tou. Men, bagay yo toujou pa fin kl\u00e8 pou mwen jounen jodi\u00a0a. Mwen pa te janm, vr\u00e8man vre, aprann pale alman. E\u00a0poutan, mwen pa\u00a0te janm aprann ekri angl\u00e8 non plis, e mwen pa ka li\u00a0l byen, paske yo pa\u00a0te janm anseye lang angl\u00e8\u00a0a, ki se lang mat\u00e8n\u00e8l mwen, nan lek\u00f2l yo. Pet\u00e8t sa pa\u00a0te vo lapenn, paske pa\u00a0te gen anpil liv ki te pibliye ann\u00a0angl\u00e8. E jan\u00a0n ka w\u00e8 sa, li pa t\u00a0ap bon si lek\u00f2l yo ta anseye\u2014an\u00a0n di, matematik\u2014ann angl\u00e8, paske se ann\u00a0alman tout liv lek\u00f2l pibliye. Se kon\u00a0sa sa te toujou ye. Li te toujou difisil pou m\u00a0esprime t\u00e8t\u00a0mwen ann\u00a0alman. Epi tou, sa lek\u00f2l la te plis mande se bat pa\u00a0k\u00e8, f\u00e8 jako rep\u00e8t, kraze b\u00e8t san konprann. Mwen pa fin konnen si se menm sitiyasyon sa\u00a0a nan lek\u00f2l pitit fi\u00a0m lan tou. Men, se ann\u00a0alman, wi, pif\u00f2 lek\u00f2l\u00a0yo anseye. Mwen bo pitit\u00a0fi\u00a0m epi\u00a0m kite\u00a0l al f\u00e8 chimen\u00a0l.<\/p>\n<p>Chans pou mwen, r\u00e8v sa\u00a0a se pa reyalite. Se yon kochma. Men, se egzakteman menm kochma sa\u00a0a ke pr\u00e8ske tout paran ayisyen ap viv jounen jodi\u00a0a. Nan reyalite paran sa\u00a0yo, se frans\u00e8 ki ranplase alman ki nan r\u00e8v la, epi se krey\u00f2l ki ranplase angl\u00e8. Tout Ayisyen alawonnbad\u00e8 pale krey\u00f2l.\u00a0 Men, pa gen plis pase senk pousan nan yo ki pale frans\u00e8 lakay yo. Tou\u00a02 lang yo se lang ofisy\u00e8l. Men, gen gwo anpechman kont krey\u00f2l nan sist\u00e8m edikatif\u00a0la. E poutan, anpil pwofes\u00e8 pa menm fin konf\u00f2tab av\u00e8k frans\u00e8\u00a0a. Yon l\u00f2t trajedi ank\u00f2 se yon sitiyasyon t\u00e8t an\u00a0ba kote majorite Ayisyen ki letre\u00a0yo pa konf\u00f2tab nan ekri krey\u00f2l\u00a0la non plis, paske se pa tw\u00f2 lontan pase sa depi yo k\u00f2manse anseye \u00f2tograf krey\u00f2l\u00a0la nan lek\u00f2l\u00a0yo. Epi, men yon l\u00f2t pwobl\u00e8m ki tris nan sosyete\u00a0a: anpil moun ki te gen chans ale lek\u00f2l panse ke yo pa ka esprime lide pwofonde oswa pale sou lasyans nan lang krey\u00f2l\u00a0la. <\/p>\n<p>Itilizasyon frans\u00e8 k\u00f2m lang pou enstriksyon ann\u00a0Ayiti gen relasyon kole sere av\u00e8k konfyans ke anseyan\u00a0yo genyen nan yon metodoloji ki la lontan nan tout nivo ans\u00e8yman. Tr\u00e8\u00a0souvan, nou tande pwofes\u00e8\u00a0yo di ke yo pale krey\u00f2l l\u00e8 yo vle pou etidyan\u00a0yo konprann epi patisipe; men, yo pale frans\u00e8 l\u00e8 yo vle pou etidyan\u00a0yo obeyi epi f\u00e8 silans.<br \/>\nGen yon inisyativ nan MIT k\u00a0ap ede nan founi bon\u00a0jan f\u00f2masyon ak bon\u00a0jan resous pou ans\u00e8yman nan lek\u00f2l segond\u00e8 ak nan iniv\u00e8site.\u00a0 Inisyativ sa\u00a0a chita sou syans edikasyon mod\u00e8n ansanm ak met\u00f2d aprantisaj ki patisipatif. Selon sa rech\u00e8ch syantifik montre nou, met\u00f2d patisipatif sa\u00a0yo mande pou\u00a0n s\u00e8vi ak lang mat\u00e8n\u00e8l etidyan yo k\u00f2m yon zouti esansy\u00e8l nan klas\u00a0yo. Patisipasyon\u00a0m nan inisyativ sila\u00a0a se youn nan esperyans sa\u00a0yo ki gen pi\u00a0plis val\u00e8 nan tout\u00a0kary\u00e8\u00a0m k\u00f2m pwofes\u00e8 matematik nan MIT. E\u00a0m\u00a0ap mete vwa\u00a0m ansanm ak vwa tout l\u00f2t patisipan\u00a0yo pou\u00a0m rem\u00e8sye Pwof.\u00a0Michel DeGraff pou pasyon\u00a0li, vizyon\u00a0li epi lid\u00e8chip\u00a0li nan inisyativ sa\u00a0a. Nan ti\u00a0atik tou\u00a0kout sa\u00a0a, mwen ta renmen pataje yon rap\u00f2 sou inisyativ MIT-Ayiti sa\u00a0a.<\/p>\n<p>Ann\u00a0okt\u00f2b 2010, \u00a0Pwofes\u00e8 Michel DeGraff ak Pwofes\u00e8 Thomas Kochan (ki te prezidan Fakilte MIT l\u00e8 sa\u00a0a) ansanm av\u00e8k Dokt\u00e8 Vijay Kumar (ki te Direkt\u00e8 Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon) te \u00f2ganize yon senpozy\u00f2m nan MIT kote nou te envite yon gwoup edikat\u00e8 ayisyen ki gen bon\u00a0jan repitasyon pami enstitisyon akademik ann\u00a0Ayiti. Pami\u00a0yo te gen yon ansyen premye minis (Mich\u00e8le Pierre-Louis, prezidan FOKAL ki te kontribye nan finansman ak \u00f2ganizasyon senpozy\u00f2m\u00a0lan)\u00a0; te gen dwayen Fakilte Syans nan Iniv\u00e8site Leta d\u00a0Ayiti ansanm\u00a0ak plizy\u00e8 rekt\u00e8 ak prezidan iniv\u00e8site, e te menm gen patisipan ki te s\u00f2ti nan endistri teknoloji pou enf\u00f2masyon ak telekominikasyon. <\/p>\n<p>Rezo ak plan ke\u00a0n te f\u00f2je nan senpozy\u00f2m sila\u00a0a te vin akouche premye atelye MIT-Ayiti, nan P\u00f2toprens, an mas 2012. Pwogram pil\u00f2t sa a te vin f\u00e8\u00a0n jwenn yon kokennchenn sibvansyon nan men Fondasyon Nasyonal pou Lasyans (\u00ab\u00a0NSF\u00a0\u00bb) oz\u00a0Etazini. Se Michel DeGraff ak Vijay Kumar ki responsab pwoj\u00e8 NSF sa\u00a0a. Sibvansyon NSF\u00a0la finanse plizy\u00e8 aktivite ki djanm\u00a0djanm e ki angaje kolaborasyon ant pwofes\u00e8 MIT ak pwofes\u00e8 ann\u00a0Ayiti. Nou konsantre travay\u00a0la sou devl\u00f2pman ak ranf\u00f2sman met\u00f2d ak matery\u00e8l pou aprantisaj aktif nan ans\u00e8yman sipery\u00e8 ak lek\u00f2l segond\u00e8 ann Ayiti, epi n\u00a0ap kore pedagoji patisipatif sa\u00a0a sou itilizasyon teknoloji ansanm ak itilizasyon krey\u00f2l\u00a0la.<\/p>\n<p>Yon eleman prensipal nan kolaborasyon sa\u00a0a se yon seri atelye. Nou gen tan f\u00e8 uit atelye pou kounye\u00a0a. Atelye sa\u00a0yo rive touche apepr\u00e8 263 pwofes\u00e8 ak administrat\u00e8 ayisyen, kote genyen yon sant\u00e8n nan yo ki patisipe nan plis pase yon atelye. Atelye sila\u00a0yo toujou gen menm ajannda: twa oswa kat jounen aktivite; nan maten, nou gen konferans sou teyori mod\u00e8n nan edikasyon, sou pedagoji patisipatif, epi sou fason pou chapante kou yo\u00a0; nan apre midi, nou gen sesyon sou ans\u00e8yman ak aprantisaj syans ak matematik kote patisipan yo bay egzanp, brase lide epi kreye aktivite ki baze sou estrateji pou ranf\u00f2se pedagoji patisipatif. Nou gen sesyon sou biyoloji, kote nou mete aksan sou lojisy\u00e8l \u00ab\u00a0STAR\u00a0\u00bb yo, ki vle di \u00ab\u00a0Software Tools for Academics and Researchers\u00a0\u00bb, ki vle di an krey\u00f2l\u00a0: \u00ab\u00a0Lojisy\u00e8l pou pwofesyon\u00e8l k ap anseye oswa k ap f\u00e8 rech\u00e8ch\u00a0\u00bb.\u00a0 Nou gen sesyon sou matematik, kote nou mete aksan sou lojisy\u00e8l \u00a0\u00ab\u00a0Mathlet\u00a0\u00bb\u00a0 epi sou lojisy\u00e8l \u00ab\u00a0GeoGebra\u00a0\u00bb.\u00a0 Nou gen sesyon sou estatistik ak fizik, kote nou itilize lojisy\u00e8l \u00ab\u00a0PhET\u00a0\u00bb ansanm ak kit pou aktivite pratik.\u00a0 Epi nou gen sesyon sou byochimi ak chimi. <\/p>\n<p>K\u00e8k fwa, nou konn gen yon pan\u00e8l lid\u00e8 ayisyen ki regwoupe edikat\u00e8 oswa administrat\u00e8 akademik. Pan\u00e8l sa yo se pou\u00a0n brase lide sou egzanp estrateji ans\u00e8yman ki efikas oswa sou pwoj\u00e8 inovan nan edikasyon ann\u00a0Ayiti.<br \/>\nYoun nan aboutisman atelye sila\u00a0yo se demonstrasyon, nan bon ti mamit, ki montre pa gen okenn obstak rey\u00e8l ki ka anpeche moun f\u00e8 deba teknik an\u00a0krey\u00f2l. Nan menm kout kat\u00a0sa\u00a0a, atelye sa\u00a0yo ap kontribiye nan devlope vokabil\u00e8 t\u00e8m teknik nan syans ak matematik nan lang krey\u00f2l la. <\/p>\n<p>An septanm 2015, sis nan patisipan ki te pi aktif nan inisyativ la te vin pase 2\u00a0semenn nan MIT. Yo te pwofite de yon pwogram p\u00e8feksy\u00f2nman ki te chaje ak konferans epi vizit nan klas, epi yo te travay sou anrichisman silabis\u00a0yo. L\u00e8 yo te retounen Ayiti, senk ladan yo te f\u00f2me yon \u00ab\u00a0Konbit\u00a0MIT-Ayiti\u00a0\u00bb \u00a0\u00a0Mo \u00ab\u00a0konbit\u00a0\u00bb sa a vle di yon pratik travay t\u00e8t ansanm nan z\u00f2n riral ann\u00a0Ayiti. Te gen menm pratik sa\u00a0a tou oz\u00a0Etazini nan tan pase.\u00a0 Nan pratik sa\u00a0a, vwazen yo kolabore pou yo travay lat\u00e8 an\u00a0gwoup. Tou\u00a0suit apre, Konbit la te tanmen yon seri atelye ann\u00a0Ayiti pou konsolide travay ekip MIT\u00a0a. Nou konsidere Konbit MIT-Ayiti sa\u00a0a k\u00f2m youn nan konsekans bon rannman Inisyativ MIT-Ayiti.<\/p>\n<p><img loading=\"lazy\" src=\"https:\/\/haiti.mit.edu\/wp-content\/uploads\/2017\/03\/miller_workshop_TN.jpg\" alt=\"miller_workshop_TN\" width=\"250\" height=\"167\" class=\"alignnone size-full wp-image-6982\" \/><br \/>\nK\u00e8k nan patisipan nan Atelye MIT-Ayiti, jen 2016, sou Kanpis Henry Christophe, Limonad, Iniv\u00e8site Leta d Ayiti<br \/>\n(Klike sou foto sa a pou w ka laji li)<br \/>\n\u00a0<br \/>\nKounye\u00a0a, Inisyativ MIT-Ayiti rive vale nouvo teren. \u00a0Nou fenk tabli yon kolaborasyon tou\u00a0n\u00e8f. Kolaborasyon sa\u00a0a depase kad kolaborasyon av\u00e8k anseyan grenn pa grenn. Nouvo kolaborasyon sa\u00a0a se av\u00e8k yon enstitisyon leta. Ann\u00a0out 2015, nou te f\u00e8 yon atelye sou Campus Henri Christophe nan Limonad, ki se yon enstitisyon nan rezo Iniv\u00e8site Leta d\u00a0Ayiti. Iniv\u00e8site sila a (\u00ab\u00a0CHCL-UEH\u00a0\u00bb) tou\u00a0n\u00e8f epi li agreyab. Li lokalize nan yon b\u00e8l z\u00f2n ki rele Limonad, ki pa tw\u00f2 lwen Okap nan n\u00f2 peyi\u00a0a. Apre premye atelye sila\u00a0a ann\u00a0out 2015, prezidan kons\u00e8y jesyon iniv\u00e8site a (Pwof.\u00a0Audalbert Bien-Aim\u00e9) te\u00a0 rive jwenn yon finansman nan men Anbasad Etazini ann\u00a0Ayiti pou finanse yon l\u00f2t kole zep\u00f2l MIT-Ayiti\/CHCL-UEH an jen 2016.\u00a0 Kole zep\u00f2l sa\u00a0a\u00a0 te dire 2 semenn\u00a0: yon semenn pou atelye epi yon l\u00f2t semenn kote ekip MIT a ak ekip CHCL-UEH la te angaje t\u00e8t yo av\u00e8k anpil f\u00f2s nan brase lide youn ak l\u00f2t sou div\u00e8s pwoj\u00e8 pou amelyore edikasyon nan CHCL-UEH. \u00a0Se kon\u00a0sa nou vin tabli yon relasyon sere kole nan t\u00e8t ansanm av\u00e8k pwofes\u00e8 CHCL-UEH\u00a0yo, epi nou gen lespwa pou\u00a0n kontinye angajman sa\u00a0a. Epi tou, nou angaje t\u00e8t nou k\u00f2m konsiltan nan yon pwoj\u00e8 kote CHCL-UEH ap devlope yon sant ki pou kore bon\u00a0jan pedagoji nan enstitisyon sa\u00a0a. <\/p>\n<p>Inisyativ MIT-Ayiti gen plizy\u00e8 l\u00f2t aktivite tou. Sa f\u00e8 lontan depi Pwof.\u00a0DeGraff ap kolabore av\u00e8k Lek\u00f2l Kominot\u00e8 Mat\u00e8nwa (\u00ab\u00a0LKM\u00a0\u00bb), yon lek\u00f2l nan z\u00f2n riral Ayiti (sou zile Lagonav) ki anseye timoun yo an krey\u00f2l.\u00a0 Pwof.\u00a0DeGraff mennen rech\u00e8ch nan lek\u00f2l sa\u00a0a pou\u00a0l demontre ki\u00a0jan itilizasyon krey\u00f2l nan sal\u00a0klas ede timoun\u00a0yo konprann t\u00e8ks y\u00a0ap li yo. Konbit la te vizite lek\u00f2l sila\u00a0a an fevriye 2016 epi yo te f\u00e8 yon atelye av\u00e8k pwofes\u00e8\u00a0LKM\u00a0yo.<\/p>\n<p>An jen 2014 nan P\u00f2toprens, pi gran otorite\u00a0yo nan gouv\u00e8nman ayisyen\u00a0an, anba lid\u00e8chip Premye Minis nan ep\u00f2k sa\u00a0a, Laurent Lamothe, te patisipe nan yon atelye sou lid\u00e8chip ak travay ann ekip. Atelye sila\u00a0a se te Pwofes\u00e8 Deborah Ancona nan MIT\u00a0Sloan ki te dirije\u00a0l. Nan yon diskou ke Premye\u00a0Minis Lamothe te f\u00e8 nan MIT\u00a0Sloan ann\u00a0avril 2015, se te av\u00e8k anpil pasyon ke\u00a0l te esplike enp\u00f2tans itilizasyon krey\u00f2l nan lek\u00f2l ann\u00a0Ayiti. Epi li te voye yon gwo kout rem\u00e8siman bay Inisyativ MIT-Ayiti paske yo \u00ab\u00a0menm oze f\u00e8 sa okenn l\u00f2t moun pa\u00a0t menm panse f\u00e8\u00a0: y\u00a0ap eseye pouse limit yo yon ti kras pi devan.\u00a0\u00bb<br \/>\nNan monn lan jodi\u00a0a, gen plis pase 200 milyon timoun y\u00a0ap \u00a0\u00ab\u00a0edike\u00a0\u00bb malman \u00a0nan yon lang ke yo pa pale, epi 40% nan popilasyon monn\u00a0lan (plis pase 2,3 milya moun) pale lang ki toujou anba babouk\u00e8t nan lek\u00f2l\u00a0yo. Inisyativ MIT-Ayiti ap f\u00f2je yon mod\u00e8l pou itilizasyon lang sa\u00a0yo k\u00f2m lang prensipal pou ans\u00e8yman nan tout nivo edikasyon. Nou kw\u00e8 ke sa pa senpleman yon bon bagay nan yon p\u00e8spektiv pedagojik s\u00e8lman\u00a0; men, sa neses\u00e8 tou pou byenn\u00e8t mantal, pwogr\u00e8 kiltir\u00e8l epi avansman sosyo\u00a0ekonomik ak politik yon gwo moso nan popilasyon monn lan.<\/p>\n<p>Ayiti\u00a0a se yon egzanp peyi ki vr\u00e8man espesyal, yon peyi kote lek\u00f2l yo \u00ab\u00a0t\u00e8t an\u00a0ba\u00a0\u00bb\u00a0n\u00e8t. Nan anpil ka, lang lokal sa\u00a0yo ke enstitisyon\u00a0yo rejte se s\u00e8lman yon ti gwoup tou\u00a0zuit oswa yon fragman nan popilasyon\u00a0an ki pale yo. Men, nan ka krey\u00f2l ayisyen\u00a0an, se tout 10\u00a0milyon Ayisyen ann\u00a0Ayiti ki pale\u00a0l. Se yon lang ki dwe s\u00e8vi pou simante solidarite nasyon\u00a0an.\u00a0 Se kon\u00a0sa krey\u00f2l\u00a0la se yon lang ki ofri Ayiti yon resous nasyonal estw\u00f2din\u00e8, yon resous ke yo pa ko vr\u00e8man rekon\u00e8t val\u00e8\u00a0l, jouk kounye\u00a0a.\u00a0 Li\u00a0l\u00e8, li\u00a0tan pou resous sa\u00a0a s\u00e8vi k\u00f2m sa dwa, pou peyi a ka devlope djanm.<br \/>\nKlike pou w\u00e8 non patisipan sa yo k ap travay nan MIT pou Inisyativ MIT-Ayiti.<\/p>\n<p>Pou plis enf\u00f2masyon sou Inisyativ MIT-Ayiti, tanpri vizite sitw\u00e8b http:\/\/haiti.mit.edu\/\u00a0 epi paj Facebook http:\/\/facebook.com\/mithaiti. \u00a0N\u00a0ap envite patisipasyon\u00a0w nan angajman ent\u00e8nasyonal sa\u00a0a.<br \/>\nKlike pou w li atik sa a ann angl\u00e8.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Haynes Miller Se Haynes Miller ki ekri atik sa a, ann angl\u00e8.\u00a0 Epi se Paul Belony ak Jacques Pierre ki mete t\u00e8t ansanm nan travay tradiksyon krey\u00f2l la. &#8216;Y\u00e8 swa, mwen f\u00e8 yon r\u00e8v\u00a0: Mwen ak pitit fi\u00a0m, se Boston n\u00a0ap viv. Mwen t\u00a0ap prepare pitit\u00a0fi\u00a0m pou\u00a0l ale lek\u00f2l. \u00a0Li gen diz an. Lek\u00f2l enp\u00f2tan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":6745,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"categories":[144],"tags":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/6987"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=6987"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/6987\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":6988,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/6987\/revisions\/6988"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media\/6745"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=6987"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=6987"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=6987"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}