{"id":7074,"date":"2017-06-26T12:09:48","date_gmt":"2017-06-26T16:09:48","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti.mit.edu\/ht\/?p=7074"},"modified":"2022-10-13T12:31:29","modified_gmt":"2022-10-13T16:31:29","slug":"degraff-resevwa-pri-lidechip-martin-luther-king-jr-nan-mit","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/degraff-resevwa-pri-lidechip-martin-luther-king-jr-nan-mit\/","title":{"rendered":"Degraff Resevwa Pri \u201cLid\u00e8chip Martin Luther King Jr.\u201d nan MIT"},"content":{"rendered":"<p><span class=\"firstwords\">Mwen se yon Ayisyen natif-natal<\/span>. Ann Ayiti, l\u00e8 nou antre nan yon kay, nou di \u201cOn\u00e8!\u201d Sa vle di ke nou onore moun ki nan kay la. Epi moun ki nan kay la reponn &#8220;Resp\u00e8!&#8221; Sa se yon mak resp\u00e8. &nbsp;An nou eseye: &#8220;On\u00e8! . . .. Resp\u00e8! . . .&#8221;<\/p>\n<p>Kounye a, mwen ta renmen rem\u00e8sye tout \u00f2ganizat\u00e8 ki prepare manje koupe dw\u00e8t sa a pou nou. &nbsp;Ochan pou MIT ki gen lontan l&nbsp;ap \u00f2ganize jounen sa a pou selebre Martin Luther King Jr. (MLK) anvan menm te gen yon konje nasyonal pou selebre memwa MLK.&nbsp; Nou menm nan MIT nou selebre tradisyon MLK sa&nbsp;a ak b\u00e8l paw\u00f2l ki mare ak bon jan aksyon pou atake gwo defi sou lat\u00e8 beni. &nbsp;Mwen ta renmen rem\u00e8sye k\u00f2l\u00e8g ki te pwopoze non&nbsp;m pou plak sa&nbsp;a e ki te ekri l\u00e8t rek\u00f2mandasyon pou mwen san mwen pa te menm konnen sa.&nbsp; M&nbsp;ap rem\u00e8sye depatman mwen nan MIT \u2013 Depatman Lengwistik ak Filozofi\u2014ansanm ak Fakilte Imanite epi Syans Sosyal. Epi pi gwo rem\u00e8siman&nbsp;an se pou Ekip MIT-Ayiti&nbsp;a. Nou se yon fanmi ki laj anpil e ki gaye tou&nbsp;patou nan MIT: MIT Sloan, Lengwistik, Fakilte Syans, Fakilte Jeni, Biwo k ap Devlope Resous Nimerik pou Aprantisaj, Laboratwa pou Ans\u00e8yman ak Aprantisaj, elatriye.&nbsp; Inisyativ MIT-Ayiti&nbsp;a ap devlope, evalye, epi gaye bonjan resous ak met\u00f2d pou ans\u00e8yman ann Ayiti.&nbsp; N&nbsp;ap kolabore ak plizy\u00e8 edikat\u00e8 ann Ayiti ansanm ak lid\u00e8 nan Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ann Ayiti. Mwen pral ban nou yon ti ap\u00e8si istorik sou jef\u00f2 sa yo k&nbsp;ap suiv enspirasyon Martin Luther King Jr. ke n&nbsp;ap selebre jodi&nbsp;a. Men, anvan sa, mwen ta renmen ensiste pou&nbsp;m di ke se gras a ekip MIT-Ayiti&nbsp;a ke mwen rive jwenn plak sa&nbsp;a. Sa vle di plak sa&nbsp;a se pa pou mwen s\u00e8lman li ye, se pou tout ekip la. &nbsp;Se yon rekonpans pou travay ann ekip nou an, travay ann ekip pami yon gwoup k\u00f2l\u00e8g ki MIT epi ann Ayiti, yon ekip ki kw\u00e8 ke ansanm nou ka kreye gwo chanjman sou lat\u00e8 pandan n&nbsp;ap atake yon kokennchen defi mondyal.<\/p>\n<p>&#8220;Yon grenn r\u00e8v ka kreye gwo chanjman sou lat\u00e8 beni.&#8221; &nbsp;Sa se eslogan fim \u201cSelma\u201d sou Martin Luther King&nbsp;Jr.&nbsp;&nbsp; Eslogan sa&nbsp;a frape&nbsp;m anpil depi mwen te w\u00e8 fim nan semenn pase&nbsp;a.<\/p>\n<p>Nan konmansman fim nan, gen yon s\u00e8n ki soti nan ane 60&nbsp;yo anvan te gen lwa pou wete bary\u00e8 devan moun nwa ki te vle vote. &nbsp;Nan s\u00e8n sa&nbsp;a, se Oprah Winfrey ki jwe w\u00f2l Madam Annie Lee Cooper. Pandan plizy\u00e8 ane, Madam Cooper, kwak tout jef\u00f2 li te f\u00e8, pa te rive jwenn yon kat elektoral pou li ka vote nan vil Selma. Nan 5y\u00e8m tantativ li, yo rejte aplikasyon&nbsp;li&nbsp;a ank\u00f2.&nbsp; Pou ki sa?&nbsp; Paske yo mete yon l\u00f2t bary\u00e8 devan&nbsp;l pou anpeche li vote: fonksyon\u00e8 biwo v\u00f2t la, ki se yon blan, mande Madam Cooper pou li resite non tout 67 jij ki nan tribinal nan Alabama! Madanm nan pa te kapab. Ki moun ki ta kapab?<\/p>\n<p>Ann Ayiti, bary\u00e8 sa yo k ap bloke sitway\u00e8nte pi f\u00f2 Ayisyen pi brital toujou.&nbsp; Bary\u00e8 sa yo bati sou jan lang ak edikasyon s\u00e8vi nan tout istwa peyi&nbsp;a, depi pery\u00f2d lakoloni l\u00e8 bon kou rich\u00e8s ann Ew\u00f2p te depann de travay Afriken ki te ann esklavaj yo. L\u00e8 sa a, Ewopeyen yo te trete zans\u00e8t Afriken nou yo tankou b\u00e8t e non pa tankou kretyen vivan ki te bezwen edikasyon.<\/p>\n<p class=\"callouts\">Ann Ayiti jodi&nbsp;a, majorite Ayisyen pa ka jwenn bonjan edikasyon e yo pa gen mwayen pou yo soti nan lamiz\u00e8\u2014yo pa ka kreye rich\u00e8s pou t\u00e8t yo ak pou fanmi yo. Vreman vre, pi&nbsp;f\u00f2 lwa nan peyi&nbsp;a, pi f\u00f2 jounal, pi&nbsp;f\u00f2 liv, pi&nbsp;f\u00f2 egzamen ofisy\u00e8l, tout sa yo ekri nan yon s\u00e8l lang (franse). E poutan, pi&nbsp;f\u00f2 Ayisyen pa pale franse.&nbsp; Se yon s\u00e8l lang ki makonnen tout Ayisyen ann Ayiti. Lang sa a se krey\u00f2l.&nbsp; Se nan lang krey\u00f2l la ke nou jwen b\u00e8l salitasyon sa&nbsp;a: &nbsp;&#8220;On\u00e8!&nbsp; . . . Resp\u00e8! . . .&#8221;<\/p>\n<p>Bary\u00e8 lengwistik sa&nbsp;a t\u00e8lman ankre fon nan sosyete nou an ke nou ka di ke preferans pou franse ann Ayiti se yon frankofoli nasyonal.&nbsp; Se sa Jean Price Mars te rele yon \u201cbovarism kolektif\u201d ki vle di preferans sa&nbsp;a se tankou yon foli je ble nan lespri moun nwa.&nbsp; Se kon sa nou te w\u00e8 foli je ble sa&nbsp;a te frape yon ti&nbsp;negr\u00e8s ki rele Pecola nan yon istwa ke Toni Morrison te ekri (tit liv la se \u201cThe Bluest Eye\u201d ann angle). Nan istwa sa&nbsp;a, Pecola te fin fou n\u00e8t t\u00e8lman li te vle gen je ble.&nbsp; Malerezman, gen tw\u00f2p Ayisyen k&nbsp;ap suiv egzanp Pecola a nan istwa Toni Morrison lan olye pou yo ta suiv egzanp Annie Lee Cooper nan Selma: gen tw\u00f2p Ayisyen ki, depi yo f\u00e8t, yo fou pou franse e yo te aprann aksepte ke si yo pa rive pale franse, sa se pw\u00f2p f\u00f2t pa yo.&nbsp; Ki f\u00e8, anpil nan Ayisyen sa yo ki pa pale franse, yo kw\u00e8 ke yo merite pou yo \u201cpa moun\u201d e pou yo rete anba n\u00e8t nan nivo sosyo-ekonomik ki pi mal la nan yon sosyete ki soufri youn nan pi gwo nivo enjistis sosyal sou plan\u00e8t la. Paw\u00f2l &#8220;Nou pa moun&#8221; nan, se yon plent ke nou tande souvan nan bouch moun ki pale krey\u00f2l s\u00e8lman.&nbsp; Erezman, gen anpil Ayisyen ki gen ase konprann ak diyite pou yo kw\u00e8 nan pwov\u00e8b ki di \u201cPale franse pa vle di lespri.\u201d&nbsp; Yon l\u00f2t fraz krey\u00f2l ki popil\u00e8 pami Ayisyen vanyan sa yo, se: \u201cSispann pale franse\u201d ki vle di \u201cSispann blofe\u201d!<\/p>\n<p>Mwen se lengwis e mwen se pwofes\u00e8.&nbsp; Mwen konnen gen yon grenn kondisyon ki endispansab pou yon timoun aprann yon lang, NENP\u00d2T ki lang.&nbsp; F\u00f2k timoun lan jwenn done ki p\u00e8m\u00e8t li aprann lang lan.&nbsp; E sa bon n\u00e8t l\u00e8 timoun lan rive BENYEN nan lang lan depi li ti katkat. Ann Ayiti, majorite Ayisyen, depi yo f\u00e8t, se nan yon s\u00e8l lang y ap benyen.&nbsp; Lang sa a se krey\u00f2l. Krey\u00f2l se lang nasyonal Ayiti: se s\u00e8l lang ki simante tout Ayisyen. &nbsp;Li se yon lang ofisy\u00e8l tou, menm jan ak franse. &nbsp;Lang krey\u00f2l la se yon rich\u00e8s pou peyi&nbsp;a paske lang sa a makonnen Ayisyen ki nan tout klas sosyal.&nbsp; Reyalite sa&nbsp;a se yon b\u00e8l avantaj lengwistik pou youn konprann l\u00f2t e pou nou pataje konesans. Kanta franse, se s\u00e8lman moun anwo yo s\u00e8lman \u2013 3 a 5% o maksim\u00f2m \u2013 ki pale franse sou yon baz ki regilye. Selon reyalite sa&nbsp;a \u2013 ansanm ak sa lasyans montre nou sou w\u00f2l lang mat\u00e8n\u00e8l nan edikasyon \u2013 lang krey\u00f2l la tou pare pou li s\u00e8vi k\u00f2m yon b\u00e8l zouti pou ede nou bati yon nasyon, pou ede nou travay ansanm pou nou rive devlope ekonomi peyi&nbsp;a. Men, malgre sa, gen yon pak\u00e8t vye prejije ki vle f\u00e8 nou kw\u00e8 ke moun sa yo ki pale krey\u00f2l s\u00e8lman pa gen lespri.&nbsp; Menm vye prejije sa yo vle f\u00e8 nou kw\u00e8 ke krey\u00f2l se yon lang ki enfery\u00e8, yon lang ki PA ka s\u00e8vi pou lasyans, matematik, lalwa, jounal, eks. &nbsp;Diskriminasyon lengwistik sa &nbsp;a anrasinen nan nannan sosyete ayisyen an e sa k\u00f2manse depi anvan 1804, ata nan pery\u00f2d l\u00e8 zans\u00e8t nou yo t&nbsp;ap libere t\u00e8t yo soti nan esklavaj, soti anba chenn kolon franse yo. &nbsp;Jodi&nbsp;a, lespri anpil konpatriy\u00f2t nou yo toujou nan chenn akoz vye prejije sou lang ki plante byen fon nan t\u00e8t yo (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1Al4TSI\">bit.ly\/1Al4TSI<\/a>).<\/p>\n<p class=\"callouts\">Nan sans sa a, nou menm Ayisyen gen anpil wout devan nou anvan nou ka reyalize r\u00e8v Martin Luther King&nbsp;Jr.&nbsp;a. Men, Inisyativ MIT-Ayiti&nbsp;a DEJA k\u00f2manse ap defonse bary\u00e8 sa yo ki chita sou lang ak edikasyon.<\/p>\n<p>Gouv\u00e8nman ayisyen an ap kolabore ak MIT nan yon lit istorik pou jistis sosyal (<a href=\"http:\/\/youtu.be\/tWGw1gsGXg4\">youtu.be\/tWGw1gsGXg4<\/a>).&nbsp; Epi tou, depi desanm 2014, nou gen yon Akademi Krey\u00f2l Ayisyen.&nbsp; Misyon Akademi sa&nbsp;a se ankouraje itilizasyon lang lan nan tout sekt\u00e8 sosyete&nbsp;a (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1zoy6vH\">bit.ly\/1zoy6vH<\/a>). &nbsp;Nou rive nan yon pwen kote nou ka di pa gen anpil tan ki rete pou nou rive kreye yon sist\u00e8m edikasyon san bary\u00e8 \u2013 yon sist\u00e8m edikasyon ki s\u00e8vi ak s\u00e8l lang ke tout Ayisyen pale.<\/p>\n<p>Se an 2010 ke Dokt\u00e8 Vijay Kumar (nan Biwo MIT k&nbsp;ap Devlope Resous Nimerik pou Aprantisaj) ansanm av\u00e8 m te lanse Inisyativ MIT-Ayiti&nbsp;a (<a href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/\">haiti.mit.edu<\/a>).&nbsp; Apre sa, nou rive jwenn finansman nan men plizy\u00e8 enstitisyon: Fondasyon pou Konesans ak Lib\u00e8te (\u201cFOKAL\u201d), Fondasyon Wade, Fondasyon \u201cOpen Society\u201d, epi Fondasyon Nasyonal pou Lasyans nan peyi Etazini (<a href=\"http:\/\/1.usa.gov\/1vvu75s\">1.usa.gov\/1vvu75s<\/a>).&nbsp; Inisyativ la ap kolabore ak pwofes\u00e8 epi administrat\u00e8 nan iniv\u00e8site ann Ayiti ansanm ak lid\u00e8 nan Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1yQL5ac\">bit.ly\/1yQL5ac<\/a>).&nbsp; Inisyativ nou an ap louvri bary\u00e8 ki te kanpe kin pou bloke edikasyon.&nbsp; N&nbsp;ap kreye kondisyon pou bonjan ans\u00e8yman kote b\u00e8l zouti nimerik an krey\u00f2l ap gaye n\u00e8t nan lek\u00f2l ann Ayiti (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1C7yfed\">bit.ly\/1C7yfed<\/a>). &nbsp;Se premye fwa n ap devlope zouti sa yo an krey\u00f2l, epi n ap tou pwofite evalye yo nan aprantisaj aktif pou Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik (sa yo rele \u201cSTEM\u201d ann angle).&nbsp; N ap devlope zouti pou ans\u00e8yman fizik (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/16xCmSN\">bit.ly\/16xCmSN<\/a>), jenetik ak biyochimi (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1zmKH6Z\">bit.ly\/1zmKH6Z<\/a>) epi ekwasyon diferansy\u00e8l, estatistik ak pwobablite (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1Kx5vKU\">bit.ly\/1Kx5vKU<\/a>). &nbsp;Rive jounen jodi a, nou deja travay ak plis pase 200 pwofes\u00e8 epi lid\u00e8 nan iniv\u00e8site, lek\u00f2l segond\u00e8, epi gouv\u00e8nman ayisyen an. Nou deja demontre ke timoun k&nbsp;ap aprann li ak ekri an krey\u00f2l aprann 3 fwa pi byen pase timoun k&nbsp;ap aprann an franse.&nbsp; Rezilta sa&nbsp;a pa etonan l\u00e8 nou konnen sa lasyans sou edikasyon ak lengwistik di sou w\u00f2l kle ke lang mat\u00e8n\u00e8l jwe nan edikasyon yon timoun (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1reddWz\">\/bit.ly\/1reddWz<\/a>).&nbsp; An 2014, nou te resevwa yon demann nan men gouv\u00e8nman ayisyen an pou Inisyativ MIT-Ayiti&nbsp;a ansanm ak MIT Sloan \u00f2ganize yon atelye sou lid\u00e8chip ak travay ann ekip pou Premye Minis Laurent Lamothe ak tout manm kabin\u00e8 li yo \u2013 yon senkant\u00e8n otorite wo nivo (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1vGWYPs\">bit.ly\/1vGWYPs<\/a>).<\/p>\n<p>Apre tout aktivite sa yo, nou gen bonjan evidans ki montre yon verite ke nou dwe pale jouk sa kl\u00e8 pou tout moun: Krey\u00f2l se yon lang ki gen tout sa li bezwen pou f\u00e8 timoun yo vin djanm nan lekti, ekriti, matematik, fizik, chimi, biyoloji, literati, syans sosyal, elatriye. &nbsp;Epi tou, selon sa lasyans montre nou, aprann an krey\u00f2l ta dwe amelyore kapasite pou timoun yo aprann l\u00f2t lang tankou franse, angle ak espany\u00f2l \u2013 ak nenp\u00f2t ki l\u00f2t lang, kit se lang yo rele \u201clang lokal\u201d, kit se lang yo rele \u201clang ent\u00e8nasyonal\u201d.&nbsp; Lang ent\u00e8nasyonal sa yo, ansanm ak krey\u00f2l, ap itil pou timoun yo ka jwenn bonjan konesans pandan y ap kreye konesans pa yo tou \u2013 ni nan kominote yo, ni l\u00f2t kote sou lat\u00e8 beni.&nbsp; Konesans sa yo pral ba yo ouv\u00e8ti sou r\u00e8s plan\u00e8t la, pandan y&nbsp;ap kenbe resp\u00e8 ak diyite pou t\u00e8t yo.&nbsp; &#8220;On\u00e8 . . . Resp\u00e8 . . .&#8221;<\/p>\n<p>Travay la f\u00e8k k\u00f2manse. &nbsp;Men, mwen panse ke nou menm nan MIT deja montre ki sa nou ka f\u00e8 pou nou ede kominite ki pale lang sa yo ke nou rele \u201clang lokal\u201d jwenn bonjan edikasyon pou yo rive jwen op\u00f2tinite sosyo-ekonomik.&nbsp; Defi sa a, se pami youn nan pi gran defi k ap afekte plan\u00e8t la. &nbsp;Nou montre ke esp\u00e8tiz, resous ak travay ann ekip nan MIT, an kolaborasyon av\u00e8k edikat\u00e8 epi lid\u00e8 ann Ayiti, ka f\u00e8 r\u00e8v Martin Luther King Jr.&nbsp;la tounen yon reyalite ann Ayiti tou (<a href=\"http:\/\/bitly.com\/1oXJqhw\">bitly.com\/1oXJqhw<\/a>). &nbsp;Mwen kw\u00e8 ke travay sa&nbsp;a ka s\u00e8vi k\u00f2m egzanp pou enspire l\u00f2t kominote kote lang ak edikasyon s\u00e8vi k\u00f2m bary\u00e8 ki bloke jistis sosyal (<a href=\"http:\/\/bit.ly\/1EiXiYZ\">bit.ly\/1EiXiYZ<\/a>).<\/p>\n<p>Wi, travay la f\u00e8k k\u00f2manse. Nou pral bezwen pi plis sip\u00f2 ak yon ekip ki pi laj pou nou kraze tout bary\u00e8 sa&nbsp;yo, &nbsp;epi pou nou f\u00e8 r\u00e8v MLK a tounen yon reyalite. Erezman, MIT se MIT. &nbsp;Mwen kw\u00e8 nou ka leve defi sa&nbsp;a.&nbsp; Ak yon bon ekip, bon finansman epi bon jan volonte politik, n&nbsp;ap ka f\u00e8 yon l\u00f2t revolisyon ann Ayiti pou montre ke tout moun, k\u00e8lkeswa kote yo ye, k\u00e8lkeswa ki lang yo pale, ka jwenn plas&nbsp;yo nan sosyete&nbsp;a k\u00f2m sa dwa, gras a edikasyon.<\/p>\n<p>Wi . . .&#8221;Yon grenn r\u00e8v ka kreye gwo chanjman sou lat\u00e8 beni.&#8221;<\/p>\n<p>Michel DeGraff se pwofes\u00e8 nan Depatman Lengwistik &amp; Filozofi nan MIT e se youn nan manm fondat\u00e8 Akademi Krey\u00f2l Ayisyen ki f\u00e8k kreye ann Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Mwen se yon Ayisyen natif-natal. Ann Ayiti, l\u00e8 nou antre nan yon kay, nou di \u201cOn\u00e8!\u201d Sa vle di ke nou onore moun ki nan kay la. Epi moun ki nan kay la reponn &#8220;Resp\u00e8!&#8221; Sa se yon mak resp\u00e8. &nbsp;An nou eseye: &#8220;On\u00e8! . . .. Resp\u00e8! . . .&#8221; Kounye a, mwen ta [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":12,"featured_media":4830,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"categories":[144],"tags":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/7074"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/12"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=7074"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/7074\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":7075,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/7074\/revisions\/7075"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media\/4830"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=7074"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=7074"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=7074"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}