{"id":9041,"date":"2019-06-14T22:49:50","date_gmt":"2019-06-15T02:49:50","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti.mit.edu\/?p=9041"},"modified":"2022-10-13T12:27:41","modified_gmt":"2022-10-13T16:27:41","slug":"ap-chache-grenadye","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/ap-chache-grenadye\/","title":{"rendered":"Ap\u00e8l pou kontribit\u00e8"},"content":{"rendered":"<h1>Ale sou sit nou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">http:\/\/MIT-Ayiti.NET<\/a> pou vizite platf\u00f2m lan (30 septanm).<\/h1>\r\n\r\n\r\n<hr class=\"wp-block-separator is-style-wide\"\/>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><strong><a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">Platf\u00f2m MIT-Ayiti<\/a> pou yon lek\u00f2l t\u00e8t an wo<\/strong> <\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><strong>Envitasyon pou n devlope epi pataje matery\u00e8l an krey\u00f2l pou&nbsp;n kreye yon b\u00e8l bibliyot\u00e8k nimerik pou lek\u00f2l ann Ayiti<\/strong> (16 jen)<\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<hr class=\"wp-block-separator\"\/>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><em><strong>Motivasyon pou yon mouvman sitwayen&nbsp;\u2014&nbsp;kreyasyon ak pataj matery\u00e8l pou yon lek\u00f2l t\u00e8t an wo&nbsp;:<\/strong><\/em><\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><strong>Inisyativ MIT-Ayiti antre nan yon faz kote nou pral met t\u00e8t ansanm ak kominote anseyan ann Ayiti&nbsp;\u2014&nbsp;Grenadye ak Grenady\u00e8z&nbsp;\u2014&nbsp; ki deja ap travay kou M\u00e8t Jan Jak ak M\u00e8tr\u00e8s Jaklin nan mouvman pou&nbsp;n chanje eskanp figi edikasyon ann&nbsp;Ayiti pou&nbsp;n bati yon sist\u00e8m lek\u00f2l ki ka s\u00e8vi tout pitit peyi&nbsp;a san&nbsp;diskriminasyon. <\/strong><\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><strong>Objektif la se tabli <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">yon platf\u00f2m nimerik<\/a> pou yon konbit lajman laj ki pral kreye, ranmase, evalye, seleksyone, revize, \u00f2ganize, epi pataje matery\u00e8l an krey\u00f2l pou sal klas epi mete yo sou yon sit ent\u00e8n\u00e8t ke Inisyativ MIT-Ayiti ap konstwi <\/strong>e ke nou pral lanse an Septanm 2019<strong>. <\/strong><em><strong>N ap chache matery\u00e8l an krey\u00f2l nan tout maty\u00e8 nan tout nivo depi yo konf\u00f2m ak pwogram ofisy\u00e8l Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal<\/strong><\/em><strong>.<\/strong><\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><strong>Nan atelye ak senpozy\u00f2m MIT-Ayiti soti depi an 2010 rive 2017, pif\u00f2 patisipan yo te deja dak\u00f2 sou enp\u00f2tans lang krey\u00f2l la pou&nbsp;n met sist\u00e8m lek\u00f2l la t\u00e8t an wo. Men, anseyan yo f\u00e8&nbsp;n konprann nou p&nbsp;ap fouti reyalize r\u00e8v&nbsp;sa&nbsp;a si&nbsp;n pa gen ase matery\u00e8l ki <\/strong><em><strong>aksesib gratis ti cheri an krey\u00f2l nan tout maty\u00e8 nan tout nivo<\/strong><\/em><strong>. Matery\u00e8l sa yo se zam nou nan Batay V\u00e8ty\u00e8 sila a&nbsp;\u2014&nbsp;pou liberasyon lang nou. <\/strong><\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><strong>Erezman, gen yon b\u00e8l kantite anseyan ki deja ap pwodui epi simaye matery\u00e8l ki djanm an krey\u00f2l. Men, tr\u00e8 souvan, paske pa gen ase mwayen, anseyan&nbsp;sa&nbsp;yo ap travay yo chak sou b\u00f2 pa&nbsp;yo&nbsp;\u2014&nbsp;k\u00f2m ki dir\u00e8 se \u00ab&nbsp;chak koukouy klere pou je yo&nbsp;\u00bb. Men, nan Ayiti nou vle a, n&nbsp;ap jwenn pi plis limy\u00e8 l\u00e8 nou chak ka kole zep\u00f2l pou n pran ti&nbsp;pil f\u00e8 gwo&nbsp;pil. Se pou sa n&nbsp;ap chache kolabore ak tout anseyan ki enterese nan kreyasyon e itilizasyon bon jan matery\u00e8l an&nbsp;krey\u00f2l&nbsp;! <\/strong><\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><em><strong>Yon konbit pou n kreye <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">yon b\u00e8l platf\u00f2m<\/a> pou echanj matery\u00e8l alawonnbad\u00e8 ann&nbsp;Ayiti&nbsp;:<\/strong><\/em><\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Pou&nbsp;n ankouraje kontribisyon nan faz lansman pwoj\u00e8&nbsp;a (nan 1<sup>e <\/sup>ane pwoj\u00e8 a&nbsp;: out 2019&nbsp;\u2014&nbsp;jiy\u00e8 2020), n ap kreye yon chapant pou&nbsp;n rekon\u00e8t anseyan ki pral vin pote kole ak nou. Sou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">platf\u00f2m lan<\/a>, n&nbsp;ap rekon\u00e8t kontribisyon ki t\u00e8kt\u00e8g\u00e8d\u00e8k yo. N&nbsp;ap anonse op\u00f2tinite&nbsp;sa&nbsp;yo la epi sou sit <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\">haiti.mit.edu<\/a> ak rezo sosyal nou yo sou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"https:\/\/www.facebook.com\/mithaiti\/\">Facebook<\/a> ak <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"https:\/\/twitter.com\/mithaiti\">Twitter<\/a>. &nbsp;Epi ou ka kontakte nou sou imel&nbsp;: <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"mailto:mit-haiti@mit.edu\"><em>mit-haiti@mit.edu<\/em><\/a> <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Nou prevwa 3 nivo angajman:<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>\r\n<ol>\r\n<li>Kreye epi pataje matery\u00e8l an krey\u00f2l ki pral ede n amelyore kalite ans\u00e8yman ann Ayiti e ki pral trase b\u00e8l egzanp pou l\u00f2t anseyan ki ta renmen patisipe nan mouvman an.<\/li>\r\n\r\n<li>Brase lide pami anseyan sou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">platf\u00f2m lan<\/a>  \u2014 pa egzanp, s\u00e8vi ak matery\u00e8l ki sou platf\u00f2m lan epi pataje k\u00f2mant\u00e8 sou matery\u00e8l sa yo ki ka ede anseyan nan sal klas.<\/li>\r\n\r\n<li>Motive k\u00f2l\u00e8g anseyan pou yo antre nan mouvman an: ba yo ankourajman ak f\u00f2masyon ki neses\u00e8 pou yo ka rive pwodui plan leson ak l\u00f2t matery\u00e8l nan lang manman a yo.<\/li>\r\n<\/ol><\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Se tou&nbsp;l\u00e8&nbsp;twa nivo angajman sa yo (pou pi piti) ki pral ede&nbsp;n kreye kominote kote youn pral ankouraje l\u00f2t nan pwoj\u00e8 pyonye&nbsp;sa&nbsp;a \u2014 pwoj\u00e8 \u00ab&nbsp;Grenadye, Alaso ! \u00bb. <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><em><strong>Ki kalte matery\u00e8l n ap bezwen sou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">platf\u00f2m lan<\/a> &nbsp;?<\/strong><\/em><\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>N ap cheche 2 kalte matery\u00e8l an krey\u00f2l pou n pataje sou platf\u00f2m lan :<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Matery\u00e8l ki pou s\u00e8vi nan maty\u00e8 k ap anseye nan sal klas, k\u00e8l ke swa nivo a (soti nan preskol\u00e8 rive nan bakaloreya), k\u00e8l ke swa maty\u00e8 a (soti nan syans natir\u00e8l ak matematik rive nan syans sosyal, enstriksyon sivik, e latriye): <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>\r\n<ol>\r\n<li>Plan leson, kay\u00e8 n\u00f2t pou pwofes\u00e8<\/li>\r\n<li>Aktivite pou etidyan nan sal klas: kesyon, dekouv\u00e8t, travo pratik, zouti pou evalyasyon<\/li>\r\n<li>Pwogram etid \/ gid pwofes\u00e8 \/ many\u00e8l<\/li>\r\n<\/ol>\r\n\r\n<p>Matery\u00e8l pou pwofes\u00e8 ki ta renmen s\u00e8vi ak pi bon met\u00f2d nan sal klas:<\/p>\r\n\r\n<ol start=\"4\">\r\n<li>Prensip jesyon sal klas<\/li>\r\n<li>Prezantasyon teyori ak pratik pou edikasyon mod\u00e8n<\/li>\r\n<li>Dokiman sou dwa timoun ak met\u00f2d ki pou ranplase chatiman k\u00f2por\u00e8l<\/li>\r\n<li>Atik syantifik sou enp\u00f2tans lang manman nan edikasyon<\/li>\r\n<li>Rap\u00f2 sou esperyans nan aplikasyon pwogram ofisy\u00e8l yo<\/li>\r\n<\/ol>\r\n<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><a href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\/\">Platf\u00f2m lan <\/a> a gen <a href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\/resous\">echantiyon<\/a> matery\u00e8l n&nbsp;ap chache yo. W\u00f2l akonpayman ekip MIT-Ayiti&nbsp;a se pou&nbsp;n mete kontribyson&nbsp;yo a&nbsp;nivo si sa neses\u00e8&nbsp;\u2014&nbsp;pou tout matery\u00e8l ki monte sou platf\u00f2m lan ka djanm djanm. Men ki jan nou pral evalye matery\u00e8l&nbsp;yo&nbsp;: <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3> <ol> <li>F\u00f2k matery\u00e8l sa yo an krey\u00f2l.<\/li> <li>Nou ta renmen matery\u00e8l yo pare pou yo s\u00e8vi pwofes\u00e8 ki ta vle itilize yo nan sal klas dapre kourikoul\u00f2m ofisy\u00e8l Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal.<\/li> <li>Nou ta renmen matery\u00e8l yo antre nan kad <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"https:\/\/haiti.mit.edu\/ki-jan-pou-n-bati-plan-leson\/\">yon met\u00f2d aprantisaj ki angaje etidyan yo nan aktivite ki tizonnen kiryozite yo nan dekouv\u00e8t ak fabrikasyon konesans \u2013 \u00abaprantisaj aktif\u00bb.<\/a><\/li> <\/ol> <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><em><strong>An final, sa se yon Batay V\u00e8ty\u00e8 ki pral trase egzanp pou Ayiti nou vle a&nbsp;:<\/strong><\/em><\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Youn nan dimansyon fondamantal <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">platf\u00f2m lan<\/a> se op\u00f2tinite pou anseyan yo mete t\u00e8t yo ansanm pou yo pataje matery\u00e8l, k\u00f2mant\u00e8 ansanm ak l\u00f2t kontribisyon ki ka ede yo vin pi p\u00e8f\u00f2man nan travay yo k\u00f2m anseyan. Kole zep\u00f2l&nbsp;sa&nbsp;a ka bay b\u00e8l rannman paske li pral rasanble yon b\u00e8l ekip edikat\u00e8 k ap anseye div\u00e8s maty\u00e8 nan div\u00e8s nivo. Nou konsevwa lide platf\u00f2m&nbsp;sa&nbsp;a pou&nbsp;n rasanble yon kokenn chenn konbit pami pwofes\u00e8, administrat\u00e8, lek\u00f2l n\u00f2mal, lid\u00e8 nan edikasyon ann Ayiti e menm nan l\u00f2t peyi. Wi, nenp\u00f2t ki edikat\u00e8 ka antre nan konbit la depi yo gen volonte pou yo kontribye matery\u00e8l an krey\u00f2l sou platf\u00f2m lan. Men anpil, chay pa lou\u2026 <em>L\u2019union fait la force<\/em>&#8230; <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Nan kad rech\u00e8ch ak pratik ki kons\u00e8ne edikasyon tou patou sou lat\u00e8 beni, <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">platf\u00f2m nimerik sa a<\/a> pral prezante yon egzanp kolaborasyon ant peyi \u00ab&nbsp;N\u00f2&nbsp;\u00bb ak peyi \u00ab&nbsp;Sid&nbsp;\u00bb. Objektif final&nbsp;la se kraze bary\u00e8 kolonyal&nbsp;sa&nbsp;yo ki toujou ap favorize yon ti gwoup \u00ab&nbsp;elit&nbsp;\u00bb&nbsp;\u2014 kit se elit lokal, kit se elit jeyo politik.<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Pwoj\u00e8 sa a se an kolaborasyon ak <em>Abdul Jamal Lateef World Education Lab <\/em>nan MIT (\u00ab&nbsp;J-WEL&nbsp;\u00bb&nbsp;: <a href=\"http:\/\/jwel.mit.edu\">http:\/\/jwel.mit.edu<\/a>). <\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3><em>Kontakte nou sou imel&nbsp; <\/em><a href=\"mailto:mit-edu@mit.edu\"><em>mit-haiti@mit.edu<\/em><\/a><em> oubyen WhatsApp (+509 4833-3367) pou kesyon, k\u00f2mant\u00e8, kons\u00e8y, pataj matery\u00e8l, e latriye<\/em>.<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2><a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/kesyon-lojistik\"><strong>Repons sou kesyon lojistik (28 jiy\u00e8)<\/strong><\/a><strong> <\/strong><\/h2>\r\n\r\n\r\n\r\n<h3>Nou te vreman kontan jwenn repons ak kesyon moun te voye ban nou depi nou te lanse ap\u00e8l an wo a. Ekip nou an ta renmen ajoute k\u00e8k detay sou lojistik nou te devlope pandan konv\u00e8zasyon sa yo. Nou espere enf\u00f2masyon sa a ava klarifye pwosesis patisipasyon pou nenp\u00f2t edikat\u00e8 ki enterese antre nan konbit pou <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/mit-ayiti.net\">Platf\u00f2m MIT-Ayiti<\/a> \u2014 pou yon lek\u00f2l t\u00e8t an wo.<\/h3>\r\n\r\n\r\n\r\n<h2>Gade repons sou kesyon lojistik sa yo nan paj sa a: <a style=\"color:#3366ff;\" href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/kesyon-lojistik\">http:\/\/haiti.mit.edu\/kesyon-lojistik<\/a><\/h2>\r\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ale sou sit nou http:\/\/MIT-Ayiti.NET pou vizite platf\u00f2m lan (30 septanm). Platf\u00f2m MIT-Ayiti pou yon lek\u00f2l t\u00e8t an wo Envitasyon pou n devlope epi pataje matery\u00e8l an krey\u00f2l pou&nbsp;n kreye yon b\u00e8l bibliyot\u00e8k nimerik pou lek\u00f2l ann Ayiti (16 jen) Motivasyon pou yon mouvman sitwayen&nbsp;\u2014&nbsp;kreyasyon ak pataj matery\u00e8l pou yon lek\u00f2l t\u00e8t an wo&nbsp;: Inisyativ [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":17,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"categories":[144],"tags":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9041"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/17"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=9041"}],"version-history":[{"count":43,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9041\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":9178,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9041\/revisions\/9178"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=9041"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=9041"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=9041"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}