{"id":9079,"date":"2019-07-29T06:49:27","date_gmt":"2019-07-29T10:49:27","guid":{"rendered":"https:\/\/haiti.mit.edu\/?p=9079"},"modified":"2022-10-13T12:29:59","modified_gmt":"2022-10-13T16:29:59","slug":"kesyon-lojistik","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/kesyon-lojistik\/","title":{"rendered":"Kesyon Sou Platf\u00f2m Lan"},"content":{"rendered":"<h1>Men repons sou k\u00e8k kesyon nou resevwa pi souvan sou platf\u00f2m lan apre nou te lanse <a style=\"color: #3366ff;\" href=\"http:\/\/haiti.mit.edu\/ap-chache-grenadye\">ap\u00e8l la<\/a>:<br><!--StartFragment--><\/h1>\n\n\n<h2><strong>Ki jan nou ka kontribye nan konbit sa a menm si&nbsp;n pa gen apar\u00e8y pou&nbsp;n&nbsp;monte sou sit ent\u00e8n\u00e8t la&nbsp;? <\/strong><\/h2>\n\n\n\n<h3><strong>N&nbsp;ap tabli yon pwosesis pou chak patisipan nan konbit la jwenn yon fason pou yo pataje plan leson dapre kont\u00e8ks pa yo (imel, WhatsApp, fichye elektwonik, foto, e&nbsp;latriye). Pa&nbsp;egzanp, si plan leson yo ekri sou f\u00e8y kaye eskol\u00e8, n&nbsp;ap kontan resevwa foto f\u00e8y&nbsp;sa&nbsp;yo.&nbsp; Si plan leson&nbsp;yo deja nan fichye elektwonik, n ap kontan resevwa fichye&nbsp;sa&nbsp;yo.&nbsp; Sa ki pi&nbsp;enp\u00f2tan se fasilite pataj matery\u00e8l&nbsp;sa&nbsp;yo ki pral monte sou platf\u00f2m&nbsp;lan. <\/strong><\/h3>\n\n\n\n<h3>Si sa neses\u00e8, eksp\u00e8&nbsp;nou&nbsp;yo nan ekip MIT-Ayiti&nbsp;a ava f\u00e8 rek\u00f2mandasyon pou n revize matery\u00e8l yo pou yo ka koresponn ak krit\u00e8 aprantisaj aktif. Nan ka sa a, n ap bezwen f\u00e8 suivi ak pwofes\u00e8&nbsp;sa&nbsp;yo ki te pwopoze leson an pou&nbsp;n ka kontinye devlope leson&nbsp;an ansanm ak&nbsp;yo. Objektif ekip nou se akonpanye edikat\u00e8 pou yo ka rive k\u00f2manse entegre eleman aprantisaj aktif&nbsp;sa&nbsp;yo pou&nbsp;kont&nbsp;yo nan matery\u00e8l&nbsp;pa&nbsp;yo. Epi tou, si sa neses\u00e8, n ava f\u00e8 rek\u00f2mandasyon ki pou mete t\u00e8ks an krey\u00f2l yo djanm\u2014dapre grafi ofisy\u00e8l, vokabil\u00e8 ak sentaks lang lan, e latriye. <\/h3>\n\n\n\n<h3>Pou&nbsp;n rapousuiv kole zep\u00f2l la, ekip MIT-Ayiti&nbsp;a ava ekri pwofes\u00e8&nbsp;sa&nbsp;yo, kite mesaj vokal pou&nbsp;yo, f\u00e8 ti videyo ak&nbsp;yo, oubyen rele yo sou telef\u00f2n&nbsp;\u2014&nbsp;nou ta pito ap\u00e8l oswa mesaj sou WhatsApp (si posib) pou&nbsp;n rete an kontak. <\/h3>\n\n\n\n<h2><strong>Ki sa kontribit\u00e8\nnan platf\u00f2m lan ava resevwa pou kore jef\u00f2 yo, ogmante eksp\u00e8tiz yo epi ankouraje\nyo?<\/strong><\/h2>\n\n\n\n<h3>Apre v\u00e8syon final kontribisyon an vin disponib sou\nplatf\u00f2m MIT-Ayiti&nbsp;a, l&nbsp;ap ka vin tonbe an&nbsp;ba&nbsp;je edikat\u00e8 ak\nl\u00f2t moun ki enterese tou&nbsp;patou sou lat\u00e8&nbsp;beni, epi lekt\u00e8&nbsp;sa&nbsp;yo\nap ka bay fidbak dapre esperyans ak eksp\u00e8tiz&nbsp;pa&nbsp;yo pandan y ap s\u00e8vi\nak kontribisyon&nbsp;sa&nbsp;a nan kont\u00e8ks pa yo. <\/h3>\n\n\n\n<h3>Kon&nbsp;sa,\nplatf\u00f2m lan ava devlope kapasite chak grenn pwofes\u00e8 k&nbsp;ap patisipe nan\nkonbit&nbsp;la. An&nbsp;menm&nbsp;tan, platf\u00f2m&nbsp;lan&nbsp;ava kontribye nan devlopman\nkominote lokal e ent\u00e8nasyonal kote youn pral ede l\u00f2t vin pi maton nan metye&nbsp;anseyan&nbsp;\u2014&nbsp;yon\nb\u00e8l metye pou Grenadye ak Grenady\u00e8z nan konba jounen jodi a pou yon demen miy\u00f2.\n<\/h3>\n\n\n\n<h3>Se kon&nbsp;sa nou vle ankouraje tout moun ki vle vin pote kole ak nou jan yo kapab, sitou nan faz lansman pwoj\u00e8 a. Ekip nou nan MIT ap kreye yon chapant pou&nbsp;n rekon\u00e8t kontribisyon ki t\u00e8kt\u00e8g\u00e8d\u00e8k&nbsp;yo. Nou pral chwazi ki patisipan ki ta merite rekonpans&nbsp;\u2014&nbsp;selon kalite ak kantite kontribisyon chak patisipan. Epi tou, nou konte rekon\u00e8t moun k&nbsp;ap motive kol\u00e8g pa yo patisipe nan konbit&nbsp;la oubyen k&nbsp;ap bay fidbak sou kontribisyon ki monte sou platf\u00f2m&nbsp;lan.<\/h3>\n\n\n\n<h3>Platf\u00f2m&nbsp;nou&nbsp;an ap pem\u00e8t nou ofri yon rekonpans imatery\u00e8l ki se chwazi yon kontribit\u00e8 chak semenn epi f\u00e8 yon entevyou av\u00e8&nbsp;l. N ap mete kontribisyon&nbsp;patisipan&nbsp;sa&nbsp;a sou premye paj sit&nbsp;la pou tout moun ki monte sou platf\u00f2m&nbsp;lan kapab w\u00e8 kontribisyon&nbsp;an, pataje l epi bay fidbak sou li. <\/h3>\n\n\n\n<h3>K\u00f2m <em>bidj\u00e8 nou limite<\/em> e k\u00f2m objektif la se kreye yon <em>mouvman sitwayen an konbit kote matery\u00e8l ki pral monte sou platf\u00f2m lan pral ede anseyan alawonnbad\u00e8<\/em>, youn nan opsyon n&nbsp;ap konsidere k\u00f2m rekonpans matery\u00e8l pou s\u00e8ten patisipan se minit telef\u00f2n (Digicel, NATCOM, e&nbsp;latriye) paske minit sa yo ka tou ede&nbsp;n kominike ak manm platf\u00f2m&nbsp;lan. Nou pwopoze pou&nbsp;n&nbsp;fikse kantite minit&nbsp;sa&nbsp;yo a&nbsp;889&nbsp;goud pou chak rekonpans. Nou pa fouti bay garanti n&nbsp;ap rekonpanse chak grenn patisipan separeman&nbsp;; men, nou espere montan&nbsp;sa&nbsp;a ap asire nou kapab ankouraje yon bon val\u00e8 patisipan kontribye plizy\u00e8 leson, pou&nbsp;n ka kreye yon konbit ki lajman&nbsp;laj. <\/h3>\n\n\n\n<h3>Nou ta renmen kreye fondasyon solid e dirab ki pral p\u00e8m\u00e8t\nkonbit&nbsp;la kontinye menm apre bidj\u00e8 pwoj\u00e8&nbsp;a fini. Sa vle di nou ka\noblije modifye chapant pwoj\u00e8&nbsp;a dapre jan patisipan&nbsp;yo reyaji. Wi,\nobjektif nou se ede nan kreyasyon yon atmosf\u00e8 kolaborasyon djanm djanm, yon\natmosf\u00e8 ki p&nbsp;ap mete okenn patisipan nan okenn konpetisyon ki ka\nentimide&nbsp;yo, yon atmosf\u00e8 ki pral ankouraje chak manm konbit la pataje bon\njan matery\u00e8l pou enter\u00e8 sist\u00e8m edikasyon peyi&nbsp;a&nbsp;\u2014&nbsp;yon sist\u00e8m\nkote tout timoun ava rive antre nan wout konesans, san bary\u00e8, san f\u00f2s kote. <\/h3>\n\n\n\n<h3><em>An&nbsp;final, nou gen lespwa pi\nb\u00e8l rekonpans lan se amelyorasyon ke konbit&nbsp;sa&nbsp;a pral pote nan sist\u00e8m\nedikasyon&nbsp;an&nbsp;\u2014&nbsp;pou&nbsp;n rive kreye yon sist\u00e8m lek\u00f2l\nt\u00e8t&nbsp;an&nbsp;wo pou yon peyi t\u00e8t&nbsp;an&nbsp;wo<\/em>.<\/h3>\n\n\n<p><!--EndFragment--><\/p>\n<h2>Depi w gen l\u00f2t kesyon oubyen rekomandasyon, tanpri, kontakte nou sou mit-haiti@mit.edu oubyen WhatsApp (4833367).<\/h2>\n<p>&nbsp;<\/p>","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Men repons sou k\u00e8k kesyon nou resevwa pi souvan sou platf\u00f2m lan apre nou te lanse ap\u00e8l la: Ki jan nou ka kontribye nan konbit sa a menm si&nbsp;n pa gen apar\u00e8y pou&nbsp;n&nbsp;monte sou sit ent\u00e8n\u00e8t la&nbsp;? N&nbsp;ap tabli yon pwosesis pou chak patisipan nan konbit la jwenn yon fason pou yo pataje plan leson [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":17,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"ngg_post_thumbnail":0},"categories":[144],"tags":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9079"}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/users\/17"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=9079"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9079\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":9162,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/9079\/revisions\/9162"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=9079"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=9079"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiti.mit.edu\/hat\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=9079"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}