Biyoloji / STAR

Lourdes Alemán, Alison Brauneis, Ruthly François (Biyoloji / Star)
Objektif lojisyèl “STAR” la (“Software Tools for Academics and Researchers”) se kreye yon pon ant ansèyman k ap fèt nan sal klas ak rechèch syantifik k ap fèt nan laboratwa. Ekip nou an gen
pwofesyonèl k ap fè rechèch nan plizyè domèn. Nou gen syantis k ap fè rechèch epi enfòmatisyen k ap kreye lojisyèl. Kon sa, nou kolabore ak pwofesè MIT pou nou kreye zouti teknolojik pou pwofesè yo ka ede etidyan yo konprann lasyans pi byen. Anplis zouti sa yo, sitweb nou an (http://web.mit.edu/star/) ofri materyèl didaktik ou ka itilize nan divès anviwònman akademik. Materyèl sa yo gratis ti cheri.
Nan atelye sa a, nou pral fè ou dekouvri 2 zouti “STAR” pou biyoloji: StarBiochem ki sou sit
http://web.mit.edu/star/biochem epi StarGenetics ki sou sit http://web.mit.edu/star/genetics.
StarBiochem se yon lojisyèl ki pratik, e ki pèmèt etidyan yo wè yon molekil an 3 dimansyon. Ki fè, etidyan yo ka aprann biyoloji molekil ak pwoteyin selon metòd aprantisaj aktif. StarGenetics se yon lojisyèl ki sèvi kankou yon laboratwa kote etidyan yo ka fè similasyon sou kwazman jenetik, epi yo ka envestige divès konsèp nan jenetik.
Nou pral fè diferan aktivite pou nou ka rive byen konnen chak zouti sa yo. Nan aktivite sa yo, nou pral gade:

  • rezon ki fè nou te kreye zouti sa yo
  • kouman nou te kreye zouti sa yo
  • ki jan pou n itilize zouti sa yo ak materyèl pedagojik yo
  • tout kapasite zouti sa yo genyen
  • kouman zouti sa yo fonksyone selon kèk egzanp pratik
  • kèk egzanp sou jan nou ka itilize zouti sa yo
  • ki jan nou ka sèvi ak zouti sa yo pou nou kreye pwòp aktivite pa nou

 

Biyografi pwofesè yo:
Lourdes Alemàn se yon chèchè nan Gwoup Edikasyon “MIT HHMI” epi se kowòdonatè nan zafè inovasyon nan kourikoulòm nan Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon (“Office of Educational Innovation & Technology”) ki nan MIT. Lourdes fè dòktora li nan Depatman Biyoloji MIT. Se pwofesè Philip A. Sharp ki te dirèktè tèz dòktora li a. Pou tèz sa a, Lourdes te travay sou pwopriyete espesyal “RNA”. Lourdes se yon chèchè ki kontribiye anpil nan devlòpman lojisyèl ak kourikoulòm pou ansèyman biyoloji.
Alison Brauneis se yon “Postdoctoral Associate” nan Gwoup Edikasyon “MIT HHMI” ki anba direksyon Pwofesè Graham Walker’s. Nan Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon (“Office of Educational Innovation & Technology”) ki nan MIT, Alison ap kreye, devlope, epi evalye pwogram lojisyèl ak kourikoulòm pou ansèyman biyoloji. Alison fè doktora li nan MIT, nan laboratwa rechèch Pwofesè Tyler Jacks. Laboratwa sa a chita 2 kote: nan Depatman Biyoloji MIT epi nan yon sant rechèch ki rele “Koch Institute for Integrative Cancer Research”.
Ruthly François fè yon lisans nan Biyoloji nan “Suffolk University” nan lane 2012. L ap fè yon
metriz kounyea. (“post-­‐baccalaureate”) nan MIT. Antan l ap pran klas nan MIT, l ap fè rechèch biyomedikal nan “Novartis Institutes for Biomedical Research”. Rechèch li se sou
timè ki bay kansè nan tete.

 

Fizik / TEAL

Peter Dourmashkin (Fizik / TEAL)
Sa fè 10 lane depi pwofesè fizik nan MIT devlope yon metòd ki rele “Teknoloji pou aprantisaj aktif” (“Technology-­‐Enabled Active Learning” = “TEAL”). Metòd sa a chanje fason pwofesè nan MIT te konn anseye kou fizik de baz yo nan zafè mekanik, elèktrisite ak mayetis. TEAL bay pwofesè yo posiblite pou yo entegre nouvo metòd ak teknoloji nan klas fizik pou etidyan debitan yo. Metòd ansèyman sa a se yon metòd pratik kote etidyan yo travay an gwoup (3 moun nan chak gwoup). Etidyan yo fè esperimantasyon sou divès fòmil syantifik antan y ap itilize òdinatè pou konprann konsèp nan mekanik, mayetis, elektrisite, epi y ap analize konsèp sa yo. Atelye sa a chita sou metòd aprantisaj aktif k ap ede etidyan metrize konsèp yo, fè esperimantasyon, epi devlope kapasite pou rezoud pwoblèm nan klas la menm. Kon sa, patisipan nan atelye a ap aprann ki jan pou yo kreye yon anviwònman kote etidyan ka brase lide antre yo nan klas la pou yo rive fè travay la ansanm. Tout materyèl pou atelye a disponib sou sit entènèt OCW Scholar kote tout materyèl disponib gratis ti cheri. Pou atelye sa a, nou pral dekri metòd ki rele “TEAL” la, epi nou pral montre ki jan nou ka adapte materyèl ki sou OCW Scholar yo pou anseye fizik nan divèsanviwonnman akademik.

Biyografi pwofesè a:

Peter Dourmashkin se yon anseyan nan Depatman Fizik MIT. Peter se yon espè nan
ansèyman pou etidyan k ap pran premye kou fizik yo nan MIT. Peter fè rechèch nan Fizik Matematik, gwoup Lie epi Teyori Reprezantasyon Aljèb. Depi 2001 Dourmashkin, ansanm ak yon ekip pwofesè, ap patisipe nan devlòpman epi aplikasyon, metòd “TEAL” la. Pwojè sa a vreman chanje jan pwofesè MIT anseye kou fizik de baz yo.

 

Matematik / Matlèt

Haynes Miller (Matematik / Matlèt)
Konprann ekwasyon diferansyèl (sa yo vle di, metòd yo sèvi pou yo jwenn solisyon yo, entèpretasyon konpòtman solisyon yo) se yon eleman ki enpòtan, ki pou toujou prezan nan bwat konpetans yon savan oubyen yon enjenyè.
Moun ki tout tan ap sèvi avèk ekwasyon diferansyèl gen imaj klè, nan tèt yo, sou plizyè aspè nan
ekwasyon diferansyèl avèk tout solisyon yo. Epitou, pi fò moun konprann yon pwoblèm pi byen lè yo gen yon reprezantasyon grafik pou ede yo. Memwa imaj ak imajinasyon ki nan nan tèt chak moun byen monte pou yo kapte rapò ki egziste pami divès eleman. Mete sou sa, se yon gwo avantaj pou nou itilize kapasite sa a—yon kapasite ki deja nan tèt etidyan yo—pou nou esplike yon pwoblèm pi byen. Yon zouti tankou yon animasyon oubyen yon òdinatè ki byen pwograme pou sa ka byen montre relasyon ki egziste nan mitan divès kalite reprezantasyon ki bay menm enfòmasyon an.
Pandan dis dènye lane sa yo, nou devlope yon dividal aplikasyon Java nou rele « Mathlet » (Matlèt) nan sit http://mathlets.org pou nou ede etidyan yo konprann yon dividal konsèp matematik gras ak imaj yo ka wè devan je yo. Pi fò Matlèt sa yo fèt pou yo sèvi nan kou sou ekwasyon diferansyèl òdinè nou fè pou 85% etidyan MIT yo. An jeneral yo pran kou sa yo nan dezyèm oubyen nan twazyèm semès etid yo. Matlèt se yon pati nan yon estrateji ki pi jeneral sou aprantisaj aktif. Se estrateji sa a mwen pral pataje ak patisipan nan atelye sa a.
Objektif atelye sa a se fè nou dekouvri zouti aprantisaj sa yo ki ede nou anseye ekwasyon
diferansyèl. Nou pral monte kèk egzanp sou fason nou ka sèvi ak Matlèt yo pou ansèyman. Apre sa, nou pral fè kèk egzanp sou fason nou ka sèvi avèk yo nan devwa oubyen nanbrase-­‐lide ki ka fèt nan mitan kèk ti gwoup etidyan k ap kolabore. Epi konsa, rive vandredi, mwen pral dirije yon atelye kote patisipan yo menm, poukont you, yo pral fè esperyans sèvi ak Matlèt yo kòm zouti pou ansèyman. Epi patisipan yo pral ekri pwòp plan yo pou itilizasyon Matlèt nan klas pa yo.
Biyografi pwofesè a:

Haynes Miller ap anseye Matematik nan MIT depi 1986. Anvan sa, li te fè yon
ti bout tan kòm pwofesè nan Harvard, Northwestern, Washington, Notre Dame, epi Paris. Pwofesè Miller responsab ansèyman kou sou ekwasyon diferansyèl pandan 9 semès depi li nan MIT. An 2005, li te resevwa yon pri “Mac Vicar Fellowship” pou bon jan
travay li te fè. Pwofesè Miller enterese nan fè rechèch sou aljèb ak topoloji.

 

Atelye sou pedagoji, estimasyon epi evalyasyon

Glenda Stump (Atelye sou pedagoji, estimasyon epi evalyasyon—atelye sa yo se pou)
Fason yon pwofesè kwè moun aprann ak metòd pedagojik li chwazi pou fè sa gen yon gwo enfliyans sou jan etidyan l yo pral aprann. Nan koumansman atelye sa a, nou pral pale sou kèk lide sou jan moun dwe aprann, espesyalman metòd pou aprantisaj aktif. Aprantisaj ki chita sou patisipasyon etidyan fè gen plis etidyan ki motive pou aprann. Ki fè, sa pèmèt yo aprann pi byen tou. Depi plis pase 10 an, pwofesè MIT ap itilize metòd sa a nan divès klas. Nan atelye sa a, nou pral pataje kèk egzanp sou fason nou fè sa nan MIT. Kon sa, patisipan yo ap ka aplike metòd sa yo nan klas ann Ayiti tou.
Evalye diferan metòd ki ka ede yon etidyan aprann se yon pwen enpòtan nan zafè ansèyman. Evalye etidyan yo pandan kou a menm oswa apre kou a ka fè n konnen ki sa nou dwe fè pou fè etidyan yo fè plis pwogrè. Epi tou, estimasyon ak evalyasyon ap ede nou mezire si nou reyalize objektif nou. Nan premye atelye a, nou pral pale sou ki jan nou ka planifye enstriman pou estimasyon ki pral ban nou done pou nou fè evalyasyon, e ki jan nou ka fè sa nan diferan kontèks. Pi devan, n ap gen yon lòt sesyon ki pral pale plis sou sa: nou pral brase lide sou divès zouti ki ka ede nou fè estimasyon. Pou fini, patisipan yo ap gen opòtinite pou devlope bon jan zouti pou mezire aprantisaj etidyan pa yo tou.
Biyografi pwofesè a:

Glenda Stump se yon “Associate Director” seksyon kontwòl epi evalyasyon nan Laboratwa pou Ansèyman ak Aprantisaj (“Teaching & Learning Laboratory”) nan MIT. Stump evalye klas nan MIT, epi li fè sa tou pou plizyè pwojè. Stump evalye kèk grenn klas nan MIT pou l wè ki jan pwofesè yo ap kreye nouvo materyèl pou etidyan yo aprann pi byen. Stump fè rechèch
tou nan lòt domèn ki gen pou wè ak edikasyon. Stump se yon edikatè ki chaje ak esperyans nan ansèyman siperyè.