Haynes Miller

Se Haynes Miller ki ekri atik sa a, ann anglè.  Epi se Paul Belony ak Jacques Pierre ki mete tèt ansanm nan travay tradiksyon kreyòl la.

‘Yè swa, mwen fè yon rèv :

Mwen ak pitit fi m, se Boston n ap viv. Mwen t ap prepare pitit fi m pou l ale lekòl.  Li gen diz an. Lekòl enpòtan anpil pou nou : edikasyon se sèl chimen pou n ka gen yon demen miyò. Anvan li te al dòmi, li te montre m devwa ke l te fè pou klas li. Mwen te panse devwa a te bon menm si m pa te ka li pifò nan mo ki te ekri yo. Sa se yon tray pou pitit mwen ki oblije al lekòl kote ansèyman fèt ann ALMAN. Mwen sonje se te nan lang sa a mwen te jwenn pen lenstriksyon pa m tou. Men, bagay yo toujou pa fin klè pou mwen jounen jodi a. Mwen pa te janm, vrèman vre, aprann pale alman. E poutan, mwen pa te janm aprann ekri anglè non plis, e mwen pa ka li l byen, paske yo pa te janm anseye lang anglè a, ki se lang matènèl mwen, nan lekòl yo. Petèt sa pa te vo lapenn, paske pa te gen anpil liv ki te pibliye ann anglè. E jan n ka wè sa, li pa t ap bon si lekòl yo ta anseye—an n di, matematik—ann anglè, paske se ann alman tout liv lekòl pibliye. Se kon sa sa te toujou ye. Li te toujou difisil pou m esprime tèt mwen ann alman. Epi tou, sa lekòl la te plis mande se bat pa kè, fè jako repèt, kraze bèt san konprann. Mwen pa fin konnen si se menm sitiyasyon sa a nan lekòl pitit fi m lan tou. Men, se ann alman, wi, pifò lekòl yo anseye. Mwen bo pitit fi m epi m kite l al fè chimen l.

Chans pou mwen, rèv sa a se pa reyalite. Se yon kochma. Men, se egzakteman menm kochma sa a ke prèske tout paran ayisyen ap viv jounen jodi a. Nan reyalite paran sa yo, se fransè ki ranplase alman ki nan rèv la, epi se kreyòl ki ranplase anglè. Tout Ayisyen alawonnbadè pale kreyòl.  Men, pa gen plis pase senk pousan nan yo ki pale fransè lakay yo. Tou 2 lang yo se lang ofisyèl. Men, gen gwo anpechman kont kreyòl nan sistèm edikatif la. E poutan, anpil pwofesè pa menm fin konfòtab avèk fransè a. Yon lòt trajedi ankò se yon sitiyasyon tèt an ba kote majorite Ayisyen ki letre yo pa konfòtab nan ekri kreyòl la non plis, paske se pa twò lontan pase sa depi yo kòmanse anseye òtograf kreyòl la nan lekòl yo. Epi, men yon lòt pwoblèm ki tris nan sosyete a: anpil moun ki te gen chans ale lekòl panse ke yo pa ka esprime lide pwofonde oswa pale sou lasyans nan lang kreyòl la.

Itilizasyon fransè kòm lang pou enstriksyon ann Ayiti gen relasyon kole sere avèk konfyans ke anseyan yo genyen nan yon metodoloji ki la lontan nan tout nivo ansèyman. Trè souvan, nou tande pwofesè yo di ke yo pale kreyòl lè yo vle pou etidyan yo konprann epi patisipe; men, yo pale fransè lè yo vle pou etidyan yo obeyi epi fè silans.
Gen yon inisyativ nan MIT k ap ede nan founi bon jan fòmasyon ak bon jan resous pou ansèyman nan lekòl segondè ak nan inivèsite.  Inisyativ sa a chita sou syans edikasyon modèn ansanm ak metòd aprantisaj ki patisipatif. Selon sa rechèch syantifik montre nou, metòd patisipatif sa yo mande pou n sèvi ak lang matènèl etidyan yo kòm yon zouti esansyèl nan klas yo. Patisipasyon m nan inisyativ sila a se youn nan esperyans sa yo ki gen pi plis valè nan tout karyè m kòm pwofesè matematik nan MIT. E m ap mete vwa m ansanm ak vwa tout lòt patisipan yo pou m remèsye Pwof. Michel DeGraff pou pasyon li, vizyon li epi lidèchip li nan inisyativ sa a. Nan ti atik tou kout sa a, mwen ta renmen pataje yon rapò sou inisyativ MIT-Ayiti sa a.

Ann oktòb 2010,  Pwofesè Michel DeGraff ak Pwofesè Thomas Kochan (ki te prezidan Fakilte MIT lè sa a) ansanm avèk Doktè Vijay Kumar (ki te Direktè Biwo Inovasyon ak Teknoloji pou Edikasyon) te òganize yon senpozyòm nan MIT kote nou te envite yon gwoup edikatè ayisyen ki gen bon jan repitasyon pami enstitisyon akademik ann Ayiti. Pami yo te gen yon ansyen premye minis (Michèle Pierre-Louis, prezidan FOKAL ki te kontribye nan finansman ak òganizasyon senpozyòm lan) ; te gen dwayen Fakilte Syans nan Inivèsite Leta d Ayiti ansanm ak plizyè rektè ak prezidan inivèsite, e te menm gen patisipan ki te sòti nan endistri teknoloji pou enfòmasyon ak telekominikasyon.

Rezo ak plan ke n te fòje nan senpozyòm sila a te vin akouche premye atelye MIT-Ayiti, nan Pòtoprens, an mas 2012. Pwogram pilòt sa a te vin fè n jwenn yon kokennchenn sibvansyon nan men Fondasyon Nasyonal pou Lasyans (« NSF ») oz Etazini. Se Michel DeGraff ak Vijay Kumar ki responsab pwojè NSF sa a. Sibvansyon NSF la finanse plizyè aktivite ki djanm djanm e ki angaje kolaborasyon ant pwofesè MIT ak pwofesè ann Ayiti. Nou konsantre travay la sou devlòpman ak ranfòsman metòd ak materyèl pou aprantisaj aktif nan ansèyman siperyè ak lekòl segondè ann Ayiti, epi n ap kore pedagoji patisipatif sa a sou itilizasyon teknoloji ansanm ak itilizasyon kreyòl la.

Yon eleman prensipal nan kolaborasyon sa a se yon seri atelye. Nou gen tan fè uit atelye pou kounye a. Atelye sa yo rive touche apeprè 263 pwofesè ak administratè ayisyen, kote genyen yon santèn nan yo ki patisipe nan plis pase yon atelye. Atelye sila yo toujou gen menm ajannda: twa oswa kat jounen aktivite; nan maten, nou gen konferans sou teyori modèn nan edikasyon, sou pedagoji patisipatif, epi sou fason pou chapante kou yo ; nan apre midi, nou gen sesyon sou ansèyman ak aprantisaj syans ak matematik kote patisipan yo bay egzanp, brase lide epi kreye aktivite ki baze sou estrateji pou ranfòse pedagoji patisipatif. Nou gen sesyon sou biyoloji, kote nou mete aksan sou lojisyèl « STAR » yo, ki vle di « Software Tools for Academics and Researchers », ki vle di an kreyòl : « Lojisyèl pou pwofesyonèl k ap anseye oswa k ap fè rechèch ».  Nou gen sesyon sou matematik, kote nou mete aksan sou lojisyèl  « Mathlet »  epi sou lojisyèl « GeoGebra ».  Nou gen sesyon sou estatistik ak fizik, kote nou itilize lojisyèl « PhET » ansanm ak kit pou aktivite pratik.  Epi nou gen sesyon sou byochimi ak chimi.

Kèk fwa, nou konn gen yon panèl lidè ayisyen ki regwoupe edikatè oswa administratè akademik. Panèl sa yo se pou n brase lide sou egzanp estrateji ansèyman ki efikas oswa sou pwojè inovan nan edikasyon ann Ayiti.
Youn nan aboutisman atelye sila yo se demonstrasyon, nan bon ti mamit, ki montre pa gen okenn obstak reyèl ki ka anpeche moun fè deba teknik an kreyòl. Nan menm kout kat sa a, atelye sa yo ap kontribiye nan devlope vokabilè tèm teknik nan syans ak matematik nan lang kreyòl la.

An septanm 2015, sis nan patisipan ki te pi aktif nan inisyativ la te vin pase 2 semenn nan MIT. Yo te pwofite de yon pwogram pèfeksyònman ki te chaje ak konferans epi vizit nan klas, epi yo te travay sou anrichisman silabis yo. Lè yo te retounen Ayiti, senk ladan yo te fòme yon « Konbit MIT-Ayiti »   Mo « konbit » sa a vle di yon pratik travay tèt ansanm nan zòn riral ann Ayiti. Te gen menm pratik sa a tou oz Etazini nan tan pase.  Nan pratik sa a, vwazen yo kolabore pou yo travay latè an gwoup. Tou suit apre, Konbit la te tanmen yon seri atelye ann Ayiti pou konsolide travay ekip MIT a. Nou konsidere Konbit MIT-Ayiti sa a kòm youn nan konsekans bon rannman Inisyativ MIT-Ayiti.

miller_workshop_TN
Kèk nan patisipan nan Atelye MIT-Ayiti, jen 2016, sou Kanpis Henry Christophe, Limonad, Inivèsite Leta d Ayiti
(Klike sou foto sa a pou w ka laji li)
 
Kounye a, Inisyativ MIT-Ayiti rive vale nouvo teren.  Nou fenk tabli yon kolaborasyon tou nèf. Kolaborasyon sa a depase kad kolaborasyon avèk anseyan grenn pa grenn. Nouvo kolaborasyon sa a se avèk yon enstitisyon leta. Ann out 2015, nou te fè yon atelye sou Campus Henri Christophe nan Limonad, ki se yon enstitisyon nan rezo Inivèsite Leta d Ayiti. Inivèsite sila a (« CHCL-UEH ») tou nèf epi li agreyab. Li lokalize nan yon bèl zòn ki rele Limonad, ki pa twò lwen Okap nan nò peyi a. Apre premye atelye sila a ann out 2015, prezidan konsèy jesyon inivèsite a (Pwof. Audalbert Bien-Aimé) te  rive jwenn yon finansman nan men Anbasad Etazini ann Ayiti pou finanse yon lòt kole zepòl MIT-Ayiti/CHCL-UEH an jen 2016.  Kole zepòl sa a  te dire 2 semenn : yon semenn pou atelye epi yon lòt semenn kote ekip MIT a ak ekip CHCL-UEH la te angaje tèt yo avèk anpil fòs nan brase lide youn ak lòt sou divès pwojè pou amelyore edikasyon nan CHCL-UEH.  Se kon sa nou vin tabli yon relasyon sere kole nan tèt ansanm avèk pwofesè CHCL-UEH yo, epi nou gen lespwa pou n kontinye angajman sa a. Epi tou, nou angaje tèt nou kòm konsiltan nan yon pwojè kote CHCL-UEH ap devlope yon sant ki pou kore bon jan pedagoji nan enstitisyon sa a.

Inisyativ MIT-Ayiti gen plizyè lòt aktivite tou. Sa fè lontan depi Pwof. DeGraff ap kolabore avèk Lekòl Kominotè Matènwa (« LKM »), yon lekòl nan zòn riral Ayiti (sou zile Lagonav) ki anseye timoun yo an kreyòl.  Pwof. DeGraff mennen rechèch nan lekòl sa a pou l demontre ki jan itilizasyon kreyòl nan sal klas ede timoun yo konprann tèks y ap li yo. Konbit la te vizite lekòl sila a an fevriye 2016 epi yo te fè yon atelye avèk pwofesè LKM yo.

An jen 2014 nan Pòtoprens, pi gran otorite yo nan gouvènman ayisyen an, anba lidèchip Premye Minis nan epòk sa a, Laurent Lamothe, te patisipe nan yon atelye sou lidèchip ak travay ann ekip. Atelye sila a se te Pwofesè Deborah Ancona nan MIT Sloan ki te dirije l. Nan yon diskou ke Premye Minis Lamothe te fè nan MIT Sloan ann avril 2015, se te avèk anpil pasyon ke l te esplike enpòtans itilizasyon kreyòl nan lekòl ann Ayiti. Epi li te voye yon gwo kout remèsiman bay Inisyativ MIT-Ayiti paske yo « menm oze fè sa okenn lòt moun pa t menm panse fè : y ap eseye pouse limit yo yon ti kras pi devan. »
Nan monn lan jodi a, gen plis pase 200 milyon timoun y ap  « edike » malman  nan yon lang ke yo pa pale, epi 40% nan popilasyon monn lan (plis pase 2,3 milya moun) pale lang ki toujou anba baboukèt nan lekòl yo. Inisyativ MIT-Ayiti ap fòje yon modèl pou itilizasyon lang sa yo kòm lang prensipal pou ansèyman nan tout nivo edikasyon. Nou kwè ke sa pa senpleman yon bon bagay nan yon pèspektiv pedagojik sèlman ; men, sa nesesè tou pou byennèt mantal, pwogrè kiltirèl epi avansman sosyo ekonomik ak politik yon gwo moso nan popilasyon monn lan.

Ayiti a se yon egzanp peyi ki vrèman espesyal, yon peyi kote lekòl yo « tèt an ba » nèt. Nan anpil ka, lang lokal sa yo ke enstitisyon yo rejte se sèlman yon ti gwoup tou zuit oswa yon fragman nan popilasyon an ki pale yo. Men, nan ka kreyòl ayisyen an, se tout 10 milyon Ayisyen ann Ayiti ki pale l. Se yon lang ki dwe sèvi pou simante solidarite nasyon an.  Se kon sa kreyòl la se yon lang ki ofri Ayiti yon resous nasyonal estwòdinè, yon resous ke yo pa ko vrèman rekonèt valè l, jouk kounye a.  Li lè, li tan pou resous sa a sèvi kòm sa dwa, pou peyi a ka devlope djanm.
Klike pou wè non patisipan sa yo k ap travay nan MIT pou Inisyativ MIT-Ayiti.

Pou plis enfòmasyon sou Inisyativ MIT-Ayiti, tanpri vizite sitwèb http://haiti.mit.edu/  epi paj Facebook http://facebook.com/mithaiti.  N ap envite patisipasyon w nan angajman entènasyonal sa a.
Klike pou w li atik sa a ann anglè.

This post is also available in: English