The MIT-Haiti initiative promotes the use of Kreyòl-based digital tools to improve science, technology, engineering, and mathematics (STEM) education in Haiti.

Misyon nou an

Misyon nou baze sou itilizasyon lang kreyòl ansanm ak pedagoji entèraktif pou bon jan ansèyman lasyans, teknoloji, enjeniri, ak matematik (S.T.En.M.). Misyon nou se ede ayisyen aprann kòm sa dwa nan lang ke pifò ladan yo pale lakay yo.

Defi a

teachersAnn Ayiti, gen 95 pousan nan popilasyon an, pou pi piti, ki pale kreyòl sèlman kòm lang matènèl yo. Guerda Jean-Guillaume, se pwofesè nan Sant Fòmasyon pou Lekòl Fondamantal ann Ayiti. Li di kon sa: “Pifò timoun lekòl pa renmen poze kesyon oubyen reponn kesyon. Se tout tan y ap goumen pou yo tradui pawòl soti an kreyòl ale nan franse oubyen soti an franse ale nan kreyòl.”
Ann Ayiti, pifò lekòl kontinye ap sèvi ak lang franse a nan sal klas. Egzamen lekòl ak egzamen ofisyèl se plis an franse sa fèt , olye pou sa fèt an kreyòl. Epi pifò materyèl S.T.En.M. nan nivo segondè ak nivo inivèsitè, se an franse sèlman yo disponib . Men, kounyea gen yon mouvman ni ann Ayiti, ni lòt bò dlo, k ap montre avantaj bab e moustach ke nou ka jwenn nan fè lekòl an kreyòl nan tout nivo sistèm eskolè a.

Ki jan n ap leve defi a

girls3

Inisyativ MIT-Ayiti ka rezoud yon pwoblèm k ap bloke devlòpman ann Ayiti. Inisyativ sa a ap entwodui teknoloji ak metòd pedagojik k ap ankouraje aprantisaj entèraktif pandan n ap ede nan devlopman resous nimerik ak lòt materyèl an kreyòl—ann Ayiti, pou Ayiti.

Michel DeGraff esplike kon sa: “Manman lide nan nannan Inisyativ nou an se itilize lang kreyòl la pou fè lekòl ann Ayiti. Lang kreyòl la se yon zouti esansyèl pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti epi sa ap ede nan kreye mwayen ak opòtinitepou tout moun ka vin maton lekòl.”

Nan travay ak kolèg nou yo ann Ayiti, men ki travay n ap fè:

  1. Fòmasyon pwofesè nan nivo segondè epi nan ansèyman siperyè. Fòmasyon sa yo ap benefisye nivo ki pi ba yo tou. Atelye MIT-Ayiti yo ap fòme plis pase 60 pwofesè pa ane nan teknik pedagoji entèraktif, epi kolèg nou yo ap kontinye fè pwòp atelye fòmasyon pa yo pou lòt pwofesè tou patou nan peyi a.
  2. N ap fè konbit ak edikatè ann Ayiti pou kreyasyon kourikoulòm ki baze sou pedagoji entèraktif an kreyòl pou nou demokratize aksè nan ansèyman S.T.En.M.. Pwofesè ki byen tranpe nan apwòch sa yo ap ka ede amelyore sistèm eskolè ann Ayiti epi y ap rive pote chanjman sistematik sa a ki nesesè nan sistèm lekòl ann Ayiti.
  3. “Fellowship MIT-Ayiti” se konbit nan MIT ant edikatè MIT epi pwofesè ann Ayiti k ap patisipe nan Inisyativ la. Chak ane MIT ap envite 4 a 6 pwofesè ki ann Ayiti pou yo vin patisipe nan sesyon fòmasyon avanse pou yo kreye bon jan materyèl pedagojik an kreyòl epi mete sou pye aktivite ki baze sou teknoloji pou aprantisaj aktif.
  4. Konsiltasyon ak kolèg ann Ayiti sou devlòpman kourikoulòm epi pratik pedagojik ki pou aplike nan sal klas ann Ayiti. Ekspè nan MIT yo ap kolabore avèk anseyan inivèsite epi lekòl ann Ayiti pou ede nan amelyorasyon pwogram eskolè epi pratik pedagojik nan S.T.En.M.
  5. Kreye bon jan engredyan pou kourikoulòm ki ka ankadre aprantisaj aktif ki baze sou pratik ansèyman S.T.En.M. an kreyòl.

Jan nou travay

“Onè! Respè!” se yon salitasyon tradisyonèl ann Ayiti. Ou di ‘Onè’ pou w salye m, epi mwen di ‘Respè’ pou m reponn ou”. Nan Inisyativ MIT-Ayiti a, nou kreye zouti ak metòd pedagoji entèraktif ansanm ak materyèl S.T.En.M. an kolaborasyon avèk kolèg nou yo ann Ayiti. Zouti sa yo mache men nan men avèk anviwonman moun sa yo k ap evolye nan peyi a.

Nou wè jan zafè lekòl k ap fèt an kreyòl la ansanm ak zouti pedagojik an kreyòl gen potansyèl pou yo pote gwo chanjman nan dosye egalite politik e ekonomik. Inisyativ MIT-Ayiti sa a se yon pwojè ki ka fè nou wè ki jan kalite yon kolaborasyon kon sa—ant moun ki imanis, sa ki edikatè, sa ki syantis, sa ki matematisyen, ak sa ki enjenyè—se yon kolaborasyon k ap pozitif pou tout moun ki chwazi opsyon sa a. Lengwistik se yon domèn ki trèz enpòtan, ansanm ak edikasyon epi S.T.En.M. , pou nou atake defi sa yo k ap bloke devlòpman tou patou sou latè beni. Solisyon sou pwoblèm sa yo enpòtan anpil pou pwomosyon demokrasi epi opòtinite pou tout moun, sitou nan kominote sa yo ki pi pòv e ki pale kreyòl oswa lòt lang lokal ki toujou anba dominasyon lang entènasyonal yo.

Menm jan ansèyman ann Ayiti ap aprann nan men MIT nan Inisyativ sa a, se kon sa tou nou menm nan MIT ap aprann nan men kolèg nou yo ann Ayiti.

Tèks sa a disponib ann angle tou.

This post is also available in: English