Jedi, 29 mas

9:00 – 12:00pm Atelye Byoloji / STAR BioChem (Pwofesè: Lourdes Alemán)
12:30 – 2:30pm Manje midi ak prezantasyon pou envite espesyal

  • Entwodiksyon jeneral sou inisyativ MIT-Haiti a
  • Rezime ak esplikasyon divès pati pwogram lan
3:00 – 6:00pm Konsiltasyon prive ak Lourdes Alemán sou STAR
3:00 – 6:00pm Atelye Fizik / TEAL I (Pwofesè: Peter Dourmashkin)

Vandredi, 30 mas

9:00 – 12:00pm Atelye Fizik / TEAL II (Pwofesè: Peter Dourmashkin)
12:30 – 2:30pm Manje midi ak prezantasyon pou envite espesyal

  • Istorik ak lavni ou edikasyon ki baze sou teknoloji ak resous ouvè: brase lide sou “OpenCourseWare”, “STAR” ak lòt Resous Ouvè nan MIT
  • Motivasyon ak objektif Inisyativ MIT-Haiti a
3:00 – 6:00pm Konsiltasyon prive ak Peter Dourmashkin sou TEAL
3:00 – 6:00pm Atelye Byoloji / STAR BioGen (Pwofesè: Lourdes Alemán)

Samdi, 31 mas

9:30 – 12:00pm Reyinyon pou ekip MIT, FOKAL, ak FdS ak lòt administratè epi divès ekspè sou teknoloji, telekominikasyon, elatriye

  • Ki jan pou nou fè inisyativ la ale pi lwen
  • Planifikasyon sou enfrastrikti
  • Planifikasyon lòt atelye nan lavni

 

Byoloji: STAR

Lourdes Alemán
Objektif lojisyèl “STAR” la (“Software Tools for Academics and Researchers”) se kreye yon pon ant ansèyman k ap fèt nan sal de klas ak rechèch syantifik k ap fèt nan laboratwa.  Ekip nou an gen manm ki soti nan plizyè disiplin.  Pami nou, gen syantis k ap fè rechèch epi gen enfòmatisyen k ap kreye lojisyèl.  Epi tou, nou kolabore ak pwpofesè MIT pou nou kreye lojisyèl ki ka sèvi kòm bon zouti pou ansèyman lasyans.  Lojisyèl nou uo gratis.  Epi tou, nou en resous pedagojik ki gratis tou — wi, gratis ti cheri.  Resous sa yo ka ede nou sèvi ak lojisyèl nou yo nan duvès anviwonnman akademik.  Nou ka jwenn yo sou sit STAR.  Atelye sa a pral enwodui 2 zouti “STAR”: StarBiochem ki sou sit Biochem ak StarGenetics ki sou sit Genetics.  StarBiochem se yon lojisyèl ki pèmèt elèv yo wè molekil an 3 dimansyon.  Se yon metò entèraktif pou aprann biyoloji molekil ak pwoteyin.  StarGenetics se yon lojisyèl kote elèv ka fè similasyon sou kwazman jenetik ant òganism ki gen trè jenetik diferan.  Objektif StarGenetics se ansye elèv divès konsèp jenetik epi ki jan pou yo fè eksperyans pou teste divès teyori sou jenetik.

Nou pral fè diferan aktivite pou nou rive byen konnen chak zouti sa yo.  Nan aktivite sa yo, nou pral chache konnen:

  • pou ki sa nou te kreye zouti yo kon sa
  • kouman nou te kreye zouti sa yo
  • kouman pou nou sèvi ak zouti yo epi ak lòt materyèl pedagojik pou byoloji
  • divès kapasite zouti yo
  • ki egzèsis nou ka fè ak zouti yo
  • egzanp sou jan zouti sa yo ka sèvi nou pi byen
  • ki jan pou nou kreye pwop egzèsis pa nou

Fizik: TEAL/OCW

Peter Dourmashkin
Sa fè 10 lane depi pwofesè fizik nan MIT devlope yon zouti gratis ki sou entènète e ki rele “Teknoloji pou aprantisaj aktif” (ann angle: “Technology-Enabled Active Learning” = “TEAL”).   Teknoloji sa a te vin chanje jan pwofesè MIT anseye mekanik ak elektwo-mayetism.  TEAL vin enkòpore divès metòd ak teknoloji pou ansèyman syans fizik.  Nan atelye sa s, nou pral fè fòmasyon ki baze sou angajman aktif patisipan yo.  Sa vle di:  Patisipan yo pral travay an gwoup, yo pral fè eksperyaans sou divès fòmil syantifik epi yo pral sèvi ak òdinatè pou yo devlope konpreyansyon konsèp ak analiz yo nan mekanik ak elektro-mayetis.  Atelye a pral entegre konsèp, eksperyans ak agzèsis nan yon anbyans entèraktif kote patispan yo pral diskite solisyon pwoblèm syantifik antre yo epi ak pwofesE a tou.  Tout materyèl pou atelye a deja disponib gratis sou sit entènèt OCW a.  Epi nou pral montre ki jan materyèl sa yo ka sèvi pou anseye fizik nan divès enstitisyon akademik.