Atelye MIT ap fè sou teknoloji ak resous ouvè pou edikasyon ann Ayiti

28–31 mas 2012
Port-au-Prince, Haiti

Prensipal objektif atelye sa yo se mete aktivite kanpe pou fòmasyon pwofesè ak devlòpman kourikoulòm selon resous nou jwenn MIT pou edikasyon san baryè. Kòm egzanp nou ka site : Open Courseware ak Software Tools for Academic and Researchers “STAR”. Ki jan resous sa yo kapab sèvi pou amelyore kou STEM yo ann Ayiti? Ki jan edikatè ann Ayiti kapab prepare menm kalite resous sa a yo sou plas ann Ayiti epi pou resous sa yo vin bay rannman a san pou san?

Fòmasyon sa yo pral kanpe sou yon echantiyon materyèl entèraktif MIT devlope pou ansèyman BYOLOJI ak FIZIK. Nou pral fè egzèsis kote pwofesè yo ap ka pratike nouvo teknik ansèyman y ap aprann yo.
Nan jedi ak vandredi 12:30–2:30PM (28 ak 29 mas 2012), nou pral prezante objektif global inisyativ la ak divès resous ouvè MIT devlope pou ansèyman lasyans. Sesyon sa yo se pou envite espesyal pami administratè ak lidè nan domenn ansèyman ak teknoloji ann Ayiti. Nan samdi maten (31 mas 2012) nou pral fè reyinyon pou nou kalkile pwochen etap inisyativ la. Nou pral kalkile ki kalite enfrastrikti, resous ak sipò n ap bezwen pou nou fè inisyativ la vanse pi lwen, pou nou fè inisyativ la al jwenn plis pwofesè ak plis etidyan tou patou nan peyi a.