Nan mwa Mas 29-30, 2012, Peter Dourmashkin, MIT, présenté interactive ateliers sou Technology Enabled Active Learning (TEAL) 38 patisipan yo de Ayisyen lekòl e inivèsite yo.

Peter Dourmashkin, MIT

Photo Credit: Michel DeGraff, Creative Commons Attribution License

Peter Dourmashkin, MIT

Sa fè 10 lane depi pwofesè fizik nan MIT devlope yon metòd ki rele “Teknoloji pou aprantisaj aktif” (“Technology Enabled Active Learning” = “TEAL”). Metòd sa a chanje fason pwofesè nan MIT te konn anseye kou fizik de baz yo nan zafè mekanik, e lèktrisite ak m ayetis. TEAL bay pwofesè yo posiblite pou yo entegre nouvo metòd ak teknolo ji nan klas fizik pou etidyan debitan yo. Metòd ansèyman sa a se yon metòd pratik kote etidyan yo travay an gwoup (3 moun nan chak gwoup ). Etidyan yo fè esper imantasyon sou divès fòmil syantifik antan y ap itilize òdinatè pou konprann konsèp nan mekanik, mayetis, elektrisite, epi y ap analize ko nsèp sa yo. Atelye s a a chita sou metòd aprantisaj aktif k ap ede etidyan metrize konsèp yo , fè esperimantasyon , epi devlope kapasite pou rezoud pwoblèm nan klas la menm. Kon sa, patisipan nan atelye a ap aprann ki jan pou yo kreye yon anviwònman k ote etidyan ka brase lide antre yo nan klas la pou yo rive fè travay la ansanm. To ut materyèl pou atelye a disponib sou sit entènèt O CW Scholar kote tout materyèl disponib gratis ti cheri . Pou atelye sa a, nou pral dekri metòd ki rele “TEAL” la, epi nou pral montre ki j an nou ka adapte materyèl ki sou OCW Scholar yo pou anseye fizik nan divès anviwonnman akademik.