Lourdes Aleman at STAR Workshop, Haiti

Photo Credit: Brandon Muramatsu

Lourdes Aleman at STAR Workshop, Haiti

Nan mwa Mas 29-30, 2012, Lourdes Aleman, MIT, présenté interactive ateliers sou STAR Biochem and STAR Genetics 25 patisipan yo de Ayisyen lekòl e inivèsite yo.

Obje ktif lojisyèl “STAR” la ( “ Software Tools for Academics and Researchers ” ) se kreye yon pon ant ansèyman k ap fèt nan sal klas ak rechèch syantifik k ap fèt nan labo ratwa. Ekip nou an gen pwofesyonèl k ap fè rechèch nan plizyè domèn . Nou g en syantis k ap fè rechèch epi enfòmatisyen k ap kreye lojisyèl . Kon sa, nou kolabore ak pwofesè MIT pou nou kreye zouti teknolojik pou pwofesè yo ka ede etidyan yo konprann lasyans pi byen. Anplis zouti sa yo, sitweb nou an ( htt p://web.mit.edu/star/ ) ofri materyèl didaktik ou ka itilize nan divès anviwònman akademik . Materyèl sa yo gratis ti cheri.
Nan atelye sa a, nou pral fè ou dekouvri 2 zouti “STAR ” pou biyoloji : StarBiochem ki sou sit http://web.mit.edu/star/biochem epi StarGenetics ki sou sit http://web.mit.edu/star/genetics . Star Biochem se yon lojisyèl ki pratik, e ki pèmèt etidyan yo wè yon molek il an 3 dimansyon. Ki fè, etidyan yo ka aprann biyoloji molekil ak pwoteyin selon metòd aprantisaj aktif . StarGenetics se yon lojisyèl ki sèvi kankou yon laboratwa kote etidyan yo ka fè si milasyon sou kwazman jenetik, epi yo ka envestige divès konsèp nan jenetik .
Nou pral fè diferan aktivite pou nou ka rive byen konnen chak zouti sa yo. Nan aktivite sa yo, nou pral gade :

  • rez on ki fè nou te kreye zouti sa yo
  • kouman nou te kreye zo uti sa yo
  • ki jan pou n itilize zouti sa yo ak materyèl pedagojik yo
  • tout kapasite zouti sa yo genyen
  • kouman zouti sa yo fonksyone selon
  • kèk egzanp pratik kèk egzanp sou jan nou ka itilize zouti sa yo
  • ki jan nou ka sèvi ak zouti sa yo pou nou kreye pwòp aktivite pa nou