Se konsa Jean-Marie Théodat dekri yon pwojè li ta renmen fè an kolaborasyon ak kolèg MIT:

“Mwen vle kwè li ta lè li ta tan pou, nan rezo sant kiltirèl AUF (“Agence Universitaire de la Francophonie”) ak OIF (“Organisation International de la Francophonie”) genyen nan peyi a, ta gen plas tou pou dokiman ak materyèl nan lang kreyòl.  Se sa konstitisyon peyi a mande.  Peyi a gen de lang ofisyèl.  Men, gen youn yo bay pi plis pouvwa pase lòt, menm jan gen moun yo bay pi plis pouvwa pase lòt.  Mwen vle kwè se nan devlope ni lang kreyòl ni lang franse nan peyi a pou nou vanse sou de pye menm longè pou nou ka kouri pi lwen, pi vit sou chimen lakonesans. Entèvansyon pa m nan pral rele “Pale pale w, ekri ekri w, met la.”  Sa se yon fason pou di n ap sispann nan afè pokofòn nan.  Nou pa p kite lang lan pèdi.   N ap pale e n ap ekri.  Men, n ap mete la pou sa k ap vin dèyè ka jwenn sa nou te fè kite pou yo.  Pou sa ka fèt, mwen pwopoze pou nou rasanble tout kalite tèks ak dokiman sonò ki genyen nan lang nan, epi pou nou sèvi ak ni òdinatè ni entènèt ni lòt teknoloji pou nou mete dokiman sa yo a dispozisyon moun ki vle dekouvri bèlte lang kreyòl nou a. Li lè pou ti moun lekòl kapab aprann kreyòl ak tèks bon jan sanba yo te chante. Li lè pou memwa pèp la konsève tankou govi nan ogatwa lwa.  Nou pa dwe kite bagay sa yo ni peri, ni rete nan sèk prive sèlman. Nou vle asime kilti nou.  N ap mete tout pawòl deyò yon fason pou tout moun ka konprann.”