Massachussetts Institute of Technology (MIT),
Fakilte Syans (FDS) Inivesite Leta Ayiti (UEH) ak
Fondasyon Konesans ak libète (FOKAL)

ap envite tout medya ayisyen yo vini nan seremoni kote
Fakilte Syans pral resevwa yon materyèl edikatif san parèy k ap soti nan MIT

Seremoni sa pral fèt nan Fakilte Syans (nan kwen ri Monseyè Giyou ak ri Jozèf Janvye) nan 1 p.m. merkredi ki ap 26 oktòb la.

Men moun ki pral pale yo nan kàd seremoni sa pou yo esplike ki jefò yo ap fè ak ki tèt ansanm ki ap fèt pou amelyore ansèyman inivèsitè ann Ayiti :

*Janin Jadotte, ki se prezidan konsèy direksyon Fakilte Syans (Fs) Inivèsite Leta Ayiti
*Michel Degraff, yon Ayisyen natif-natal ki se pwofesè lengwistik nan MIT. Pami divès aktivite li fè nan MIT, gen rechèch sou kreyòl ak sou edikasyon ann Ayiti. Epi li se yon lidè nan kolaborasyon ant MIT ak Ayiti. Objektif kolaborasyon sa a se pou pi fò Ayisyen tou patou rive jwenn pi bon edikasyon.
*Michèle D. Pierre-Louis ki se Prezidant FOKAL e ki depi lontan ap goumen pou amelyorasyon edikasyon an Ayiti.

NÒT POU LAPRÈS
(Nou ka jwenn nòt pou laprès an franse a pi ba)

MATERYÈL EDIKATIF “MASSACHUSETTS INSTITUTE OF TECHNOLOGY” (MIT) AP PATAJE AVÈK PWOFESÈ AK ETIDYAN AYISYEN

Pòtoprens, AYITI, 26 Oktòb 2011 — Fakilte Syans (FDS) Inivèsite Leta Ayiti (UEH) ap resevwa yon materyèl edikatifsan parèy k ap soti nan MIT. Materyèl sa a rele OpenCourseWare (Materyèl Ouvè pou Edikasyon) pou etidyan ak pwofesè nan inivèsite yo. OCW ap ofri aksè gratis san paspouki pou tout moun ki ta vle sèvi avèk li pou aprann oubyen anseye.

Pwogram OCW Inivèsite MIT a pèmèt piblik la jwenn materyèl pou preske tout klas pwofesè MIT yo, ke se swa nan nivo lisans, metriz, ou doktora. Materyèl sa yo disponib, gratis, pou nenpòt moun nan lemonn wè yo, sou sit entènèt http://ocw.mit.edu. Sepandan, kòm koneksyon entènèt yo ka pa ase rapid, li toujou bon pou materyèl edikatif sa yo kapab pi pre etidyan ak pwofesè Ayiti yo. , Ki fè Fakilte Syans inivèsite leta Ayiti a ap ofri espas sou sèvè li pou yon kopi sit MIT a kapab prezan ann Ayiti gras a yon pwogram MIT genyen ki rele Pwogram Sit Miwa. Fokal pral finanse fòmasyon ki pral pèmèt pwofesè ayisyen yo pi byen konprann sistèm OCW a pou yo kapab sèvi avèk li, epi fòmasyon sa yo pral ede etidyan yo sèvi avèk OCW tou. Fokal, MIT ak inivèsite ayisyèn yo ap kontinye chache finansman pou pwojè a ka evolye pou li rive sèvi kòm laboratwa “vityèl” epi pou kèk nan materyèl OCW yo ka ta tradui nan lang kreyòl.

Jean Vernet Henri, Rektè Inivèsite a, di : « Etidyan ayisyen yo ap gen devan yo yon pòtay ki pou yo. Pòtay sa a, ap fè yo jwenn tout yon seri materyèl konplè ki soti nan klas youn nan inivèsite ki pi respekte nan lemonn. Materyèl sa yo kouvri preske tout domèn konesans ki genyen. Nivo ansèyman siperyè a ap pral pwofite anpil gras ak inisyativ sa a. Ap genyen ni echanj fas a fas asanm ak ni echanj a distans ant pwofesè Ayiti yo ak pwofesè MIT yo; kontak pèsonèl sa a pral bay teknoloji a plis pouvwa toujou. »

Yon pati nan misyon fondamantal OCW a, se pou li gaye chanjman OCW ka fè nan lemonn. Anpil nan efò OCW ap fè pou difizyon materyèl sa yo konsantre sou peyi an devlopman yo. Nan peyi sa yo, twò souvan kominote akademik la pa itilize OCW anpil akòz pwoblèm nan kalite entènèt la. Pwogram Sit Miwa OCW a pèmèt enstalasyon kopi sit OCW a nan kèk inivèsite tankou inivèsite leta Ayiti a (UEH). Dapre evalyasyon ki fèt, enstalasyon sit miwa sa yo kreye chanjman pozitif nan ansèyman ak aprantisaj nan anpil peyi an devlopman.

Madam Cecilia d’Oliveira, direktris egzekitif pwojè OCW nan MIT, di : “Nou kontan anpil dèske Fakilte syans (FDS) inivèsite leta Ayiti a pral distribiye kontni nou an bay edikatè ak etidyan Ayiti yo. Nou byen konprann kijan materyèl edikatif pwofesè MIT yo kapab pi itil si moun kapab rive jwenn yo, keseswa sou entènet oubyen andedan rezo Inivèsite leta Ayiti a. Nou vreman ap tann nouvèl pou nou konnen kijan anseyan ak etidyan Ayiti yo pral pwofite gras ak materyèl OCW yo.”

Pwofesè ki ka sèvi ak vèsyon lokal OCW nan inivèsite Ayiti yo, yo lib pou yo sèvi avèk yo pou devlope pwòp klas pa yo. Epi etidyan yo tou, yo lib tou pou yo sèvi ak tout materyèl sa yo si yo vle aprann poukont yo, oubyen pou yo ka pran kèk diplis. Inivèsite a pral mete Sit Miwa OCW a nan http://mitocw.edu.ht.