Pwen enpòtan nan senpozyòm nan

Jacky Lumarque pale sou travay volontè ki gen konpetans

Di jou apre tranblemanntè a, inivèsite Kiskeya òganize yon sistèm pou moun travay kòm volontè. Premyèman, etidyan medsin yo kanpe yon tant nan pakin lekòl la. O kòmansman se pwofesè yo ki te sipèvize yo, apre sa vin gen yon ekip doktè Eslovak ki rive ak medikaman ak materyèl epi yo te bezwen yon plas pou yo travay. Apre sa etidyan yo mete yon klinik mobil sou pye. Epi apre yo mete kèk kote pou distribiye dlo potab. Etidyan k ap etidye jeni ak anviwònman yo ale nan lari pou ede moun yo fòme komite pou yo ka jere tout kan ki te fòme kon sa kon sa epi pou yo ka ede nan travay pou ranje kan yo, nan kesyon sanitasyon epi jere fatra. Inivèsite a vin tounen yon gran sant volontè!

…Men sa m te di yo: “Kounye a se lari a ki inivèsite nou”.

Nan fen semenn nan etidyan yo reyini ak pwofesè yo pou yo fòmalize edikasyon enfòmèl yo te resevwa pandan tout semèn nan, oswa pou yo ka mete teyori sou pratik. N ap travay sou yon sistèm ki ka fè yo jwenn kredi akademik pou travay sa a. Se yon bagay ki chanje aspè edikasyon pou yo. Yo vin konprann fòmasyon pa blije fèt yon sèl fason, fòmasyon pa blije fèt nan yon sal klas avèk yon pwofesè ki konn tout bagay k ap voye konesans monte. Avèk devlopman travay volontè a, etidyan pran konesans nan lari a epi pwofesè akonpaye yo nan aktivite a. N ap ouvè baryè pou konesans soti, pou l pa rete anndan lekòl yo sèlman.

By | May 13th, 2013|Projects @ht, Pwen enpòtan|0 Comments

About the Author: