Atelye MIT-Ayiti sou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji
Pòtoprens, Ayiti, 15-17 janvye 2015
Oganizatè: Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti
Kowòdonatè: Michel DeGraff ak Vijay Kumar (MIT) epi Paul Mentor (MENFP, Biwo MENFP/MIT-Ayiti)

PDF kalandriye atelye a

Inisyativ MIT-Ayiti a ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap òganize 5èm atelye sou syans ak matematik nan Inisyativ MIT-Ayiti a. Atelye sa yo ap devlope zouti ak metòd pou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji. Atelye a ap fet 15 janvye rive 17 janvye 2014, Pòtoprens. Atelye sa a antre nan kad pwojè Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote teknoloji ak lòt materyèl makonnen ak kreyòl. Twa zouti sa yo (pedagoji patisipatif, kreyòl epi teknoloji) se bonjan engredyan pou amelyore aksè ak kalite nan sistèm edikasyon ann Ayiti.

Youn nan objektif atelye twa jou sa a se ede patisipan yo (pwofesè inivèsite ak lekòl segondè) vin pi maton nan diferan kalite metòd ak zouti ki mache ak pedagoji patisipatif, epi nou pral egzaminen diferan opinyon ke patisipan yo genyen ansanm ak esperyans ke yo fè nan aktivite ki mache ak kalite pedagoji sa a. Pa egzanp, nou pral brase lide sou kalite aktivite ki fèt nan sal klas e ki motive timoun yo pou yo aprann materyèl yo pi byen epi ki jan aktivite sa yo amelyore rezilta aprantisaj la. Nan atelye sa a, patisipan yo pral dekouvri kèk teknik pedagojik fondamantal pou yo rive gen bon baz pou yo prepare objektif leson ki sèvi ak resous pou aprantisaj entèraktif an kreyòl. Atelye sa a pral gen twa sesyon ki pral dewoule an menm tan: matematik, fizik epi biyoloji. Epi tou, pral gen yon sesyon espesyal pou administratè k ap travay nan domèn edikasyon.

Men ki sa w ap rive fè, kòm patisipan, nan fen atelye a:

  • Prezante pi bon zouti ak metòd pou ansèyman ak aprantisaj
  • Kreye objektif aprantisaj pou egzèsis ki chita sou pedagoji patisipatif
  • Planifye yon egzèsis aprantisaj entèraktif
  • Dekri estrateji evalyasyon fòmativ ke ou pral itilize pou mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a
  • Anime yon aktivite pou yon pòsyon nan egzèsis aprantisaj entèraktif ke ou pral prepare a
  • Kreye gwoup pwofesyonèl nan diferan matyè yo (matematik, fizik epi biyoloji) pou kore itilizasyon aprantisaj aktif ak kreyòl nan sal klas yo
  • Esplike ki kalite sipò administratif w ap rive jwenn pou itilizasyon aprantisaj entèraktif an kreyòl nan kourikoulòm nan

Jan atelye a òganize:
1ye jou: Entwodiksyon sou pedagoji patisipatif; Panèl sou chanjman nan edikasyon selon nouvo metòd ak nouvo zouti; Sipò pou pedagoji patisipatif an kreyòl.
2yèm jou: Patisipan yo pral travay an gwoup selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji) pou yo prepare objektif aprantisaj pa yo ansanm ak egzèsis aprantisaj pa yo. Ap gen yon sesyon apa pou administratè k ap travay nan domèn edikasyon.
3yèm jou: Patisipan yo pral prezante egzèsis aprantisaj pa yo devan gwoup pa yo selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji). Nan sesyon pou fèmen atelye a, nou pral brase lide sou enpòtans pou nou planifye kolaborasyon ant gwoup anseyan ki pral tabli kominote pou kore pratik pedagoji patisipatif.

Animatè sesyon yo:

Pedagoji: Glenda Stump
Matematik: Haynes Miller, Jeremy Orloff
Fizik: Paul Belony
Biyoloji: Lourdes Aleman, Ruthly François
Pou administratè: Michel DeGraff, Vijay Kumar

Kondisyon pou patisipe nan seminè sa a:

Atelye sa a ap gen twa sesyon k ap fèt an menm tan nan matyè sa yo: matematik, fizik epi biyoloji. Patisipan nan atelye sa a dwe deja gen yon diplòm inivèsite nan youn nan domèn sa yo oswa youn ki branche ak yo. Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo ap fèt pou pèmèt patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan pedagoji patisipatif la, epi esplore eleman pedagojik sa yo. Se pa matyè sa yo menm ke atelye yo pral devlope. Ki fè, sa enpòtan pou patisipan yo deja gen konesans nan matyè sa yo paske objektif seminè a se pa anseye matyè yo.

Enskripsyon fèmen kounyea paske pa gen plas ankò.