PhET yo ban nou kichòy pou n kapab pran plezi, kominike epi jwenn bon jan fidbak, pandan n ap manipile yon latriye similasyon sou fenomèn fizik; n ap jwenn zouti ki baze sou rechèch sa yo gratis. Pou ede etidyan yo wè ak de je yo epi konprann konsèp yo, similasyon PhET yo anime bagay ki envizib avèk itilizasyon grafik, kontwòl ki fasil pou konprann kankou manipilasyon klike-trennen, glisè oswa bouton radyo. Pou ankouraje pi plis esplorasyon syantifik ki mezirab, similasyon yo ofri tou kèk enstriman pou mezire kankou règ, kwonomèt, vòltamèt, ak tèmomèt. Nan menm moman ke itilizatè a ap manipile zouti sila yo, repons yo tou parèt epi yo anime imedyatman kidonk, itilizatè a gen yon imaj sou relasyon ant sa k fèt la epi sa ki lakòz la (kòz ak efè); epi tou, genyen yon latriye reprezantasyon ki konekte youn ak lòt (kankou: mouvman yon bagay, grafik, afichaj nimewo, elatriye).
Nan atelye ki te fèt an Janvye 2013 la, ekip MIT a te travay ak pwofesè Ayisyen pou yo te tradui yon seri de PhET nan lang Kreyòl la. Ou kapab egzekite epi telechaje PhET ki tradui yo sou sit PhET University of Colorado.