Yon nouvo pwogram ki fèt pou ede Ayisyen fè edikasyon teknik.
Peter Dizikes, Biwo Enfòmasyon MIT
17 avril 2013

Jodi a MIT ak Ayiti siyen yon nou akò pou travay ansanm pou fè pwomosyon ansèyman syans, teknoloji, jeni ak matematik (STEM) an kreyòl. Sa fè pati efò k ap fèt pou ede Ayisyen aprann nan lang pi fò nan yo pale lakay yo.

From left to right: Director of MIT's Office of Educational Innovation and Technology Vijay Kumar, MIT Provost Chris Kaiser, Haiti Prime Minister Laurent Lamothe, MIT Linguistics Professor Michel DeGraff and Haiti Minister of National Education and Vocational Training Vanneur Pierre at the signing of a joint commitment to an initiative for digital learning in Kreyòl.

From left to right: Director of MIT’s Office of Educational Innovation and Technology Vijay Kumar, MIT Provost Chris Kaiser, Haiti Prime Minister Laurent Lamothe, MIT Linguistics Professor Michel DeGraff and Haiti Minister of National Education and Vocational Training Vanneur Pierre at the signing of a joint commitment to an initiative for digital learning in Kreyòl.

Photo Courtesy of Dominick Reuter

“Gouvènman sa a pral fè tout efò l pou l fè nouvo akò sa a byen mache.” Se sa Premye Minis Ayisyen Laurent Lamothe di nan seremoni siyati a nan yon sal MIT yo rele Vannevar Bush Room. “Ayiti ap vanse pou pi devan.”

Pwojè a ap pran resous teknoloji tout moun gen dwa sèvi gratis ak yo ak resous nan edikasyon MIT prepare, l ap tradui materyèl sa yo an kreyòl, l ap pwopaje yo ann Ayiti, epi l ap evalye materyèl yo pou wè nan ki degre yo bay bon rannman. Travay la ap fèt an kolaborasyon ak pwofesè ak edikatè nan divès enstitisyon ann Ayiti, tankou Inivèsite d Eta d Ayiti, Inivèsite Karayib, Ekòl Siperyè Enfòmatik d Ayiti, Inivèsite Kiskeya, NATCOM ak Fondasyon pou Konesans ak Libète (FOKAL).

“Moun MIT yo se moun ki konn kolabore anpil.” Se sa Rektè MIT a Chris Kaiser te di nan seremoni a. Pou kontinye, li di, nouvo pwogram sa a reprezante “gran anvi [MIT] genyen pou li fè byen sou latè a.”

Lide pou plis travay edikasyon Ann Ayiti fèt an kreyòl la se yon lide Pwofesè Lengwistik nan MIT Michèl DeGraff te toujou kwè ladan depi lontan. Kòm yon moun ki fèt ann Ayiti, Pwofesè DeGraff deklare yo te toujou mete kreyòl nan yon kwen nan sal klas ann Ayiti. Rechèch apwofondi DeGraff fè sou jan piblik la wè Kreyòl, ak rechèch apwofondi li fè sou lang kreyòl la menm, fè l deklare jan moun panse kreyòl la se yon mòd lang melanj ki senplifye parapò ak angle oubyen franse, se yon bagay ki diminye enpòtans lang lan san rezon.

Pwofesè DeGraff di nouvo pwogram sa a pa fèt pou l ranplase franse, men li la pou l ede elèv ki pale kreyòl « fouye yon baz solid nan pwòp lang pa yo. »

Li fè nou konnen, resous edikasyon pou tout moun ki baze sou teknoloji fèt pou ankouraje yon “aprantisaj aktif” olye de teknik aprann pa kè ki baze sou repetisyon san rete.

Kote ki finanse nouvo pwogram sa a se U.S. National Science Foundation ak MIT.

Moun ki kanpe ansanm ak pwofesè DeGraff pou ede prepare pwojè sa a se Vijay Kumar ki youn nan anketè prensipal pwogram MIT-Ayiti pou ansèyman STEM an kreyòl epi ki direktè Biwo Envansyon ak Teknoloji ann Edikasyon MIT, ak Thomas Kochan ki pwofesè jesyon nan pwogram George Maverick Bunker nan lekòl jesyon MIT Sloan School of Management epi ki direktè adjwen pwogram MIT ann Ayiti a, k ap kowòdone efò sa yo nan tout MIT.

Premye Minis Lamothe fè nou konnen, nouvo resous edikasyon se bagay nou bezwen toutbon ann Ayiti, sitou apre tranblemanntè janvye 2010 la ki fin kraze peyi a. Rebati avèk zouti edikasyon nan lang kreyòl pral ede n mete “bon jan edikasyon adispozisyon tout moun” lè n konsidere 97 pousan Ayisyen pale kreyòl [sèlman]. Anviwon 50 pousan Ayisyen fè pi piti pase $1 pa jou.

Mesye Lamothe ajoute: “Kalite kolaborasyon ki pi bon pou Ayiti se kolaborasyon ki pèmèt Ayisyen kanpe sou de pye yo pou kont yo.”

Reprinted with permission of MIT News. Photos Courtesy of Dominick Reuter.