Credit: MIT-Haiti Initiative, Creative Commons By-NC-SA

Sa a se yon albòm videyo sou vizit Premye Minis Laurent Lamothe Premye ak delegasyon li nan MIT le 17 avril 2013. Se lè sa a te gen yon akò ki te siyen ant Inisyativ MIT-Ayiti a (http://haiti.mit.edu) ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Devlòpman Pwofesyonèl (MENFP). Objektif prensipal akò sa a se devlope yon plan kote zouti ak metòd ki baze sou kreyòl ak teknoloji vin antre nan estrateji MENFP pou devlòpman kourikoulòm ak fòmasyon pwofesè. Depi 2010, Inisyativ MIT-Ayiti a ap travay pou li ranfòse jefò k ap fèt nan ansèyman siperyè ann Ayiti pou ogmante kapasite pwofesè yo gras ak kreyasyon, evalyasyon ak diseminasyon bonjan resous an kreyòl pou aprantisaj aktif nan ansèyman syans ak matematik nan inivèsite ak lekòl segondè. Inisyativ sa a se yon konbit kote plizyè enstitisyon ap bay gwo kout men. Pami enstitisyon sa yo, nou jwenn: Inivèsite Karayib, Fakilte Syans ak Lekòl Nòmal nan Inivèsite Leta d Ayiti, Ekòl Siperyè Enfotwonik Ayiti, Inivèsite Kiskeya, NATCOM, MENFP, eks. Inisyativ la jwenn finansman ak sipò nan men Fondasyon Nasyonal pou Lasyans (oz Etazini, http://www.nsf.gov/awardsearch/showAward?AWD_ID=1248066) ansanm ak Fondasyon Konesans ak Libète (“FOKAL”, ann Ayiti) epi Fondasyon pou Sosyete san Baryè, Fondasyon Wade ak MIT (oz Etazini).