Nan prefas liv The Challenge for Haitian Higher Education, men ki jan doktè Louis Herns Marcelin dekri objektif rapò a:

“Objektif etid sa a se pote yon kontribisyon nan dyalòg nasyonal ak entènasyonal epi pwopoze solisyon pou defi nan ansèyman siperyè peyi a rankontre. Nou dekouvri mank ki genyen nan sistèm nan jan l ye kounye a, ki anpeche anpil etidyan antre nan inivèsite ann Ayiti epi ki bloke rechèch wo nivo nan inivèsite yo. Men kèk nan defi sa yo: pi fò inivèsite yo gonfle nan kapital la, manke yon otorite ki efikas ki pou mete bon jan regleman pou inivèsite Ayiti jwenn valè li merite, gen twò piti envestisman pou rechèch ak fòmasyon syantifik, epi gen gwo mank nan administrasyon inivèsite peyi a.

Rapò a montre nan ki eta enstitisyon pou ansèyman siperyè yo ye apre tranblemanntè 12 janvye a ki detwi pi fò nan gwo enstitisyon ki te nan zòn Pòtoprens lan. Pa gen lòt jan pou nou di kouman ansèyman siperyè se yon priyorite nan sistèm pou rebati Ayiti. Ayiti se youn nan peyi ki gen popilasyon ki pi jèn, epi peyi a vrèman bezwen jèn pwofesyonèl konpetan pou rebati peyi a nan ane k ap vini yo. Pandan n ap imajine sa nouvo sosyete Ayisyen an dwe ye, nou dwe travay pou yon refòm nan enstitisyon ansèyman siperyè yo epi pou n pwoteje yo pou moun pa politize yo, paske se yon bagay ki bloke rechèch syantifik ak bon jan kolaborasyon ki bay rezilta ant enstitisyon sa yo nan peyi a.

Peyi a pèdi anpil moun ak patrimwàn yo pa kab menm ranplase. Gen anpil inivèsite ki gen dwa pa janm rebati ankò. Nou pa menm kab di nan ki pwen sa nesesè pou gen plis etid ki fèt sou konsekans dezas sa a. Rapò sa a montre ki jan gen ijans pou moun k ap pran desizyon ak moun k ap bay finansman anvizaje kèk envestisman touswit ak envestisman pou pi devan, nan kesyon edikasyon siperyè pou jan bagay sa a ijan kòm zouti pou kreye lidèchip pou yon Ayiti demen, menm jan tou ak lòt domèn ki ijan tankou agrikilti, sante ak devlopman ekonomik. Envestisman ki byen kalkile ak bon jan refòm nan sistèm ansèyman siperyè a ap ede Ayiti reprann pye l pou anpil tan ansanm ak objektif devlopman yo.”

The Challenge for Haitian Higher Education: A post‐earthquake assessment of higher education institutions in the Port‐au‐Prince metropolitan area
 (2010). Port-au-Prince, Haiti: Interuniversity 
Institute 
for
 Research
 and
 Development
 (INURED). Retrieved October 3, 2010 from INURED Website: http://inured.org/docs/TheChallengeforHaitianHigherEd_INURED2010March.pdf