Nan yon prezantasyon videyo, Patrick Attié montre dega ki fèt nan Fakilte Syans, Inivèsite d Eta d Ayiti ak Lekòl siperyè enfotwonik Ayiti (ESIH) apre tranblemanntè a. Epitou li montre ki jan y ap travay sou twa aspè diferan: chèche finansman pou rekonstriksyon (pou yon plas pwovizwa), jere tranzisyon an pou etidyan yo ka kontinye etid yo, epi rebati kanpis la yon lòt kote.