Madam Michèle Pierre-Louis montre enpòtans ki genyen pou rekonstwi sistèm edikasyon ann Ayiti ak enpòtans pou fè vwa Ayisyen ak kilti ayisyen ale lwen nan efò pou rekonstriksyon an o nivo entènasyonal:
“Pandan kèk tan nan vi mwen, mwen te yon edikatè, e m panse edikasyon gen anpil valè. Rekonstwi [sistèm] edikasyon an se rekonstwi yon Ayiti pou demen. Preparasyon pou dezas dwe kòmanse lekòl ak timoun yo. Yo dwe konnen nou sou yon fay, sa vle di yon lòt tranblemanntè kapab pase nenpòt lè ankò. Yo dwe konnen akòz anviwònman nou ye a, kapab gen glisman teren. Yo dwe konnen peyi nou an sou wout siklòn, epi yo dwe konnen ki sa ki pou fèt lè gen siklòn. Yo dwe konnen ki jan nou dwe sousye n de anviwònman an. Sa yo se sektè ki enpòtan anpil…
Nan sitiyasyon nou ye jodi a — nou pa kab panse nou kab soti ladan l pou kont nou. Nou pa gen mwayen pou sa, kit se kantite moun, mwayen lajan oswa materyèl. Sa difisil pou n di men nou dwe gade reyalite a an fas. Se sa reyalite a ye, kon sa nou bezwen kominote entènasyonal la; nou bezwen peyi ki bay èd yo, e nou bezwen enstitisyon bilateral yo ak enstitisyon miltilateral yo, tankou Bank mondyal ak Inyon ewopeyèn ki deja angaje nan aktivite ann Ayiti. Men m panse Ayisyen ta dwe deside ki kalte sosyete yo vle pou Ayiti demen. Se responsablite pa nou e m pa kwè nou dwe pè pran responsablite sa a. Si n kouri pou li, se pral yon dezas tou.”