Nan dat 20 septanm 2012, Pwofesè lengwistik MIT, Michel DeGraff, ak Doktè M.S. Vijay Kumar nan Biwo Inovasyon nan Edikasyon ak Teknoloji fè yon prezantasyon sou Inisyativ MIT-Ayiti a nan yon senpozyòm sou jan MIT ap travay tou patou nan lemonn. Senpozyòm nan te santre sou jan MIT ap chanje lemonn gras a angajman li ni o nivo kominotè ni o nivo global epi sou ki jan sa debouche sou nouvo kolaborasyon, nouvo pwogram edikasyon, nouvo rechèch ak nouvo posiblite pou MIT ede nan divès domèn ak disiplin.