Michel DeGraff, pwofesè lengwistik, kontan anonse ke Ekip MIT a reyisi jwenn yon bon kantite sibvansyon pou senk an nan men Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini (ann angle: “National Science Foundation” oswa “NSF”). Finansman sa a se pou ede tout moun ki pale yon lang matènèl ki pa gen tèminoloji syantifik ak teknolojik pou yo kapab kanmenm vin maton nan syans, teknoloji, jeni ak matematik (ann angle: “Science, Technology, Engineering & Math” oswa “STEM”).
Sibvansyon an ap pèmèt pwofesè ak chèchè MIT yo kreye yon seri resous pou aprantisaj aktif ki chita sou kreyòl ayisyen, epi ki sèvi ak teknoloji, pou ansèyman siperyè STEM ann Ayiti.’
Pwofesè Degraff esplike:
“Sibvansyon NSF sa a se yon opòtinite estwòdinè. Sa pral ede transfòme ansèyman siperyè ann Ayiti gras a resous pou edikasyon san baryè an kreyòl. Se yon travay “revolisyonè” k ap fèt gras a kolaborasyon ant pwofesè ak lidè edikasyon ki soti MIT ak Ayiti, Biwo MIT pou Inovasyon nan Edikasyon ak Teknoloji, Laboratwa MIT pou Ansèyman ak Aprantisaj. Gras a konbit sa a, n ap devlope nouvo resous STEM ki baze sou kreyòl ayisyen, epi n ap evalye resous sa yo. Se yon travay n ap fè ak nouvo pedagoji pou aprantisaj aktif gras a teknoloji pou edikasyon nou devlope MIT: zouti tankou STAR pou biyoloji, TEAL pou fizik, Matlèt pou matematik epi jwèt k ap ede etidyan aprann. Etan n ap sèvi ak resous san baryè ki sou entènèt, n ap mete materyèl sa yo a dispozisyon plis moun posib ann Ayiti. Resous sa yo tonbe daplon ak bezwen peyi a selon sa kòlèg ann Ayiti yo te dekouvri. Epi nou prezante resous sa yo ak yon engredyan enpòtan: kreyòl Ayiti a — sèl lang tout Ayisyen pale fen. Nan konesans pa m, se premye pwojè ki janm devlope materyèl an kreyòl sou entènèt pou pwogram STEM avanse nan ansèyman siperyè.”
Met sou sa, gen yon kantite kesyon sou rechèch fondamantal ki an rapò ak Inisyativ la: (i) rezilta, konsekans ak defi ki genyen nan kreye posibilite pou moun aprann nan lang manman yo, sitou lè lang sa yo pa ko gen yon vokabilè espesyal pou domèn syantifik ak teknik sa yo; (ii) kreyasyon ak itilizasyon vokabilè syantifik ak teknik nan lang ki pa ko gen vokabilè sa yo (nou rele sa “jeni/achitekti lang”, (iii) pwoblèm teknik ak sosyoteknik nan chèche adapte teknoloji pou edikasyon nan anviwònman moun ki pa ko jwenn sèvis sa yo.
Epi gen pi gwo rekonpans ki posib. Jan Pwofesè DeGraff di pawòl la:
“Gen plizyè milyon lòt etidyan sou latè ki pale yon lang lokal, tankou kreyòl ayisyen, epi ki swaf aprann bagay lasyans. Nou jwenn etidyan sa yo ann Ayiti tou. Anplis, pwojè nou an montre posiblite pou nou kreye bonjan konbit pami syantifik, enjenyè ak espesyalis pou nou chache chèche rezoud pwoblèm ki difisil sou latè a.”
Leave A Comment