Atelye sou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji
Campus Henry Christophe Limonade, Inivèsite Leta Ayiti, Ayiti
Lendi–mèkredi 24–26 out 2015
Òganizatè: Audalbert BIEN-AIMÉ (CHCL, UEH)
Michel DeGRAFF ak Vijay KUMAR (MIT)
Kolèg Edikatè, Kolèg Edikatris, Onè!
N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti. N ap di w felisitasyon pou gwo jefò w ap fè pou amelyore edikasyon ann Ayiti. E se ak anpil plezi n ap envite w nan atelye ki pral fèt nan CHCL, Limonad, 24–26 out 2015.
Nou kontan anpil pou nou envite w soumèt kandidati w pou atelye MIT-Ayiti sa a sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik. Atelye sa yo ap devlope zouti ak metòd pou Edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji. Atelye sa a antre nan kad pwojè Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote teknoloji ak lòt materyèl edikatif makonnen ak lang kreyòl la. Nou pral gade rechèch lasyans ki montre jan twa zouti sa yo (pedagoji patisipatif, lang matènèl epi teknoloji) se bonjan engredyan pou amelyore aksè ak kalite nan sistèm edikasyon ann Ayiti. Anpil rechèch nan syans edikason montre ke teknoloji ak lang matènèl se 2 engredyan ki nesesè pou timoun ka vin maton lekòl pandan y ap bati pwòp konesans yo lè y ap angaje tèt yo ak kè kontan nan aprantisaj aktif.
Atelye 24–26 out la, sa se sizyèm Atelye MIT-Ayiti depi Inisyativ la te kòmanse an oktòb 2010. Nou deja fè fòmasyon pou anviwon 200 pwofesè. Nou konte sou prezans ou pou Inisyativ la kontinye vanse.
Youn nan objektif atelye twa jou sa a se ede patisipan yo vin pi maton nan diferan kalite metòd ak zouti ki mache ak pedagoji patisipatif, epi nou pral egzaminen diferan opinyon ke patisipan yo genyen ansanm ak esperyans ke yo fè nan aktivite ki mache ak kalite pedagoji sa a. Pa egzanp, nou pral brase lide sou kalite aktivite ki fèt nan sal klas e ki motive timoun yo pou yo aprann materyèl yo pi byen epi ki jan aktivite sa yo amelyore rezilta aprantisaj la. Nan atelye sa a, patisipan yo pral dekouvri kèk teknik pedagojik fondamantal pou patisipan yo rive gen bon baz pou yo prepare objektif nan plan leson yo ansanm ak aktivite pedagojik epi zouti evalyasyon ki mache ak objektif sa yo.
Atelye sa a pral gen twa sesyon ki pral dewoule an menm tan: matematik, fizik epi biyoloji. Epi tou, yon lòt objektif atelye a se kreye, pou chak matyè, kominote anseyan k ap kore pratik pedagoji patisipatif an kreyòl nan sal klas yo. Epi tou, n ap gen sesyon plenyè sou pedagoji ak evalyasyon pou tout patisipan yo.
- Esplike pedagoji patisipatif k ap amelyore jan timoun yo aprann
- Kreye objektif aprantisaj pou egzèsis ki chita sou pedagoji patisipatif
- Planifye yon egzèsis aprantisaj entèrakti
- Idantifye estrateji pou evalyasyon fòmatif epi evalyasyon somatif ke ou pral itilize pou mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a
- Esplike ki kalite sipò administratif w ap rive jwenn pou itilizasyon aprantisaj entèraktif an kreyòl nan kourikoulòm nan
1 ye jou: | Entwodiksyon sou pedagoji patisipatif Panèl sou chanjman nan edikasyon selon nouvo metòd ak nouvo zouti Sipò pou pedagoji patisipatif an kreyòl. |
2 yèm jou: | Patisipan yo pral travay an gwoup selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji) pou yo esplore aplikasyon yon kad teyorik pou pedagoji patisipatif. Epi yo pral devlope objektif pou aprantisaj aktif ansanm ak egzèsis aprantisaj. |
3 yèm jou: | Patisipan yo pral travay sou prensip evalyasyon fòmatif ak evalyason somatif epi yo pral prepare zouti pou evalye aktivite pedagoji patisipatif yo pral fè nan sal klas |
Pedagoji | Glenda Stump |
Matematik | Haynes Miller |
Fizik | Paul Belony |
Biyoloji | Lourdes Aleman, Ruthly François |
Kandida sa yo ke nou pral aksepte kòm patisipan nan atelye a dwe ap anseye nan inivèsite oswa nan lekòl segondè e fòk yo deja gen yon diplòm inivèsite (omwen yon lisans) nan fizik, biyoloji oswa matematik oswa nan yon disiplin ki branche ak youn nan twa disiplin sa yo. Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo pral pèmèt patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan pedagoji patisipatif la. Se pa matyè sa yo menm ke atelye yo pral devlope—se metòd pedagoji ke nou pral devlope. Ki fè, sa enpòtan pou patisipan yo deja gen konesans nan youn nan matyè sa yo paske objektif seminè a se pa anseye matyè yo. Tanpri enskri sou entènèt nan sit sa a : http://www.surveymonkey.com/r/Ayiti2015
[one_half_last][/one_half_last]
Epi voye kopi kourikoulòm vite nou ansanm ak kopi diplòm nou nan adrès sa a :
mit-haiti@mit.edu
Dat enskripsyon ap fèmen se vandredi 7 out 2015 oubyen lè pa gen plas ankò.
Pou seminè sa a, nou ta renmen kolabore ak 60 patisipan maksimòm. Dat limit pou soumèt kandidati w pou enskripsyon se vandredi 7 out 2015 a 11 :59 PM. Men, si nou gen tan jwenn 60 patisipan yo anvan dat limit la, n ap fèmen enskripsyon an anvan dat 7 out la. N ap reponn sou kandidati patisipan yo nan dat 14 out 2015.
SI OU PAP VINI PA ENSKRI, MEN SI OU VLE VINI INSKRI VIT. PI BONÈ SE GRAN MATEN.
Atelye sa a gratis ti cheri, menm jan ak tout lòt Atelye MIT-Ayiti yo. Men, se patisipan yo oswa enstitisyon yo ki dwe responsab depans pou transpòtasyon ak otèl si sa nesesè.
Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak CHCL/UEH ap di w mèsi d avans pou enterè w nan atelye MIT-Ayiti yo. Epi tou, nou espere ke pral gen anpil lòt opòtinite pou nou met tèt ansanm pou nou amelyore edikasyon ann Ayiti.