GeoGebra an kreyòl

Lojisyèl pou ansèyman aktif nan aljèb ak jeyometri.
GeoGebra se zouti ki ka ede etidyan kreye objè ak model pou matematik. Sa se yon zouti pou ede aprantisaj ak ansèyman nan tout nivo edikasyon. Li pèmèt etidyan yo fè dekouvèt pandan y ap patisipe nan entèraksyon, pandon y ap manipile objè, chanje paramèt, entèraji ak jeyometri nan 2 ak 3 dimansyon, aljèb, tablo, graf, kalkil epi estatistik. Epi tou, GeoGebra se yon zouti ki ka ede pwofesè yo kreye fichye ki entèraktif. Se yon resous ki lib e ki ouvè nè t, san baryè ("Open Source"), epi li disponib gratis ti cheri sou sit GeoGebra.org

Star an kreyòl

Lojisyèl pou aprantisaj aktif nan syans jenetik ak biyochimi.
Lojisyèl “Star” yo se zouti nimerik ki pèmèt pwofesè yo prezante metòd rechèch epi aplike metòd sa yo rapido presto nan sal klas. Lojisyèl Star yo pèmèt etidyan yo jwenn posiblite pou yo fè etid sou pwoteyin epi sou varyasyon jenetik, san yo pa oblije gen ni ekipman avanse ni laboratwa ki byen ekipe. Zouti Star sa yo ka sèvi pou analize konsèp ki fondamantal nan rechèch sou jenetik epi biyochimi.

PhET an kreyòl

Lojisyèl pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik.
PhETs yo (ke nou pwononse “Fèt” an kreyòl) se bèl “fèt” pou pwofesè k ap anseye fizik ak lòt syans! Lojisyèl sa yo ofri egzèsis patisipatif nan syans ak matematik, aktivite ki baze sou rechèch e ki pèmèt etidyan yo mete men yo nan pat la. Gen ekip syantis ki teste epi evalye lojisyèl sa yo pou wè si yo bay bon rannman nan ansèyman. Gen entèvyou ki fèt ak etidyan epi gen evalyasyon ki fèt sou egzèsis pratik nan sal klas ki sèvi ak lojisyèl PhET yo. Kòd ki nan nannan PhET yo baze sou Java, Flash oubyen HTML5. Nou kab sèvi ak PhET yo sou entènèt oswa nou ka telechaje yo sou òdinatè nou. Tout lojisyèl pou egzèsis pratik sa yo se resous ki san baryè, pou tout moun ka sèvi ak yo, modifye yo, pataje yo, alèz. Epi yo gratis ti cheri, ni pou pwofesè ni pou etidyan.

Mathlets an kreyòl

Lojisyèl pou aprantisaj aktif nan ekwasyon diferansyèl ak lòt konsèp nan matematik.
Nan seksyon sa a n ap jwenn tout yon seri lojisyèl matematik ki rele “Mathlets” (oswa “Matlèt” an kreyòl). Se ak Java yo fèt. Lojisyèl sa yo ka sèvi lè moun ap aprann ekwasyon diferansyèl ak lòt konsèp nan matematik. Gen plizyè egzanp sou kouman nou ka zouti nimerik sa yo pou nou fè devwa, pou nou travay an gwoup oubyen pou nou prepare prezantasyon nan kèk kou, epi nou ka aprann teyori ki dèyè apwòch matematik sa yo. Nan seksyon sa a, n ap jwenn kèk videyo sou egzèsis ki gen esplikasyon vèbal ladan yo.