Atelye MIT ap fè sou teknoloji pou metòd aprantisaj aktif ki chita sou
resous pedagojik san baryè

16-19 janvye 2013
Pòtoprens, Ayiti

Tout sesyon nan Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti

Atelye yo

Sa se dezyèm seri atelye nan yon pwogram ki pral dire 5 an. Objektif atelye sa yo se evalye metòd pedagojik ak devlòpman materyèl an kreyòl ki baze sou Resous pedagojik san baryè (“Open Education Resources”) pou syans ak matematik nan inivèsite ak lekòl ann Ayiti. Ki jan nou ka itilize metòd ak materyèl sa yo pi byen pou n fè kou sa yo pi djanm? Ki jan edikatè ayisyen ka kreye menm kalite materyèl sa yo pou yo rive kontinye travay la pou kont yo?

Atelye sa yo chita sou metòd aprantisaj aktif ak lojisyèl pou ansèyman syans ak matematik nan MIT. Nan dezyèm seri atelye sa a, nou pral sèvi ak materyèl pou klas matematik (ekwasyon diferansyèl), fizik (elektwo-mayetis, sikui elektrik epi mekanik Newton) epi biyoloji (biyochimi, jenetik). Nou pral fè aktivite pratik pou patisipan yo ka metrize materyèl sa yo byen. Epi n ap tou pwofite moman sa a pou nou devlope yon bon jan plan travay ak kolèg ayisyen nou yo pou nou ka evalye travay n ap fè ansanm.

  • Kalandriye konplè pou atelye biyoloji ak lojisyèl STAR (DOCX, PDF)
  • Kalandriye konplè pou atelye matematik ak lojisyèl “Matlèt” (DOC, PDF)
  • Kalandriye konplè pou atelye fizik ak lojisyèl TEAL (DOC, PDF)

Kondisyon pou enskri

Kandida ki pral gen pi gwo priyorite pou enskripsyon se pwofesè ki ann Ayiti e ki deja gen omwen yon diplòm metriz nan jeni, syans oswa matematik; epi, apre sa, se pwofesè ki deja enskri nan yon pwogram metriz nan youn nan domèn sa yo. Kandida yo dwe soumèt yon kopi koukikoulòm vite yo (KV), yon kopi pi gwo diplòm yo resevwa epi atestasyon enskripsyon yo nan yon pwogram metriz (si yo gen sa). Tanpri, voye dokiman sa yo (KV, diplòm, atestasyon, nan fòma PDF oswa JPEG) nan adrès imel: mit-haiti -at- mit -dot- edu . Dat limit pou enskripson se vandredi 4 janvye 2013 oswa lè pa gen plas ankò.

Rezon ki fè nou poze kondisyon sa yo se paske, nan atelye sa yo, nou pral sèlman montre patisipan yo ki jan pou yo sèvi ak ni zouti teknolojik MIT yo ni lòt resous ouvè pou ansèyman matematik, fizik epi biyoloji. Se pa ni matematik, ni fizik, ni biyoloji nou pral anseye. Fòk tout patisipan yo deja gen konesans avanse nan matyè sa yo. Pa egzanp, moun ki pral patisipe nan atelye biyoloji yo dwe deja metrize kèk konsèp fondamantal nan biyochimi ak jenetik. Kon sa, patisipan sa yo ap tou pare pou itilize lojisyèl yo pou yo ka anseye kou sa yo pi byen.