Senpozyòm MIT-Ayiti | 27-28 mas 2017 | Otèl Marriott, Pòtoprens, Ayiti

mit-haiti@mit.edu | http://haiti.mit.edu

Se ak kè kontan ke Inisyativ MIT-Ayiti ap envite w nan yon Senpozyòm nan dat 27-28 mas 2017, 8AM–5PM, nan Otèl Marriott nan Pòtoprens. Senpozyòm sa a se yon etap enpòtan apre 7 lane (2010–2016) depi Inisyativ MIT-Ayiti te pran nesans. Nou te fikse kòm objektif pou n devlope, evalye epi pataje materyèl edikatif ansanm ak zouti aprantisaj aktif an kreyòl, gratis nèt—pou ankouraje metòd k ava amelyore ansèyman ak aprantisaj nan domèn Syans, Teknoloji, Enjeniri ak Matematik (“S.T.En.M.”) ann Ayiti, espesyalman nan nivo segondè ak inivèsite.

Premye 7 lane sa yo nan Inisyativ MIT-Ayiti te vin posib gras ak finansman Fondasyon Nasyonal pou Syans oz Etazini (U.S. National Science Foundation) ansanm ak finansman MIT; Wade Foundation; FOKAL; Open Society Foundation; Ministè Edikasyon Nasyonal & Fòmasyon Pwofesyonèl; Kanpis Henry Christophe, Limonad, nan Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) epi Anbasad Etazini nan Pòtoprens.

Repons ke Inisyativ MIT-Ayiti jwenn, rive jounen jodi, ankouraje nou anpil. Plizyè sondaj kapte jefò ke pwofesè Ayisyen yo ap fè pou peyi a ka gen yon demen miyò nan domèn edikasyon sou baz metòd aprantisaj aktif ak materyèl an kreyòl. Metòd sa yo bay garanti pou etidyan yo jwenn plis aksè nan edikasyon ki gen bon kalite nan disiplin S.T.En.M. yo.

Senpozyòm lan ap ban nou opòtinite pou n pataje pwogrè Inisyativ la pandan 7 dènye ane yo epi n ava brase lide sou avni Inisyativ la, espesyalman sou jan pou n laji kad travay la pou n asire dirabilite ki djanm.

Senpozyòm lan ap gen panèl ak deba sou jenèz ak fonnman Inisyativ la, akonplisman ak enpak li, epi espwa nou pou lavni. N ap tou pwofite pataje leson ke n pran sou wout e ki ka ede amelyore ni ansèyman ki kore ak teknoloji, ni aprantisaj S.T.En.M. nan lang lokal sa yo ke n pale ann Ayiti e nan lòt peyi.

Patisipan ki envite nan Senpozyòm lan enkli:

  • Anseyan ki te nan sèt atelye MIT-Ayiti yo (2012–2016)
  • Administratè nan enstitisyon ansèyman siperyè ak lòt lidè nan edikasyon ann Ayiti
  • Reprezantan Gouvènman Ayisyen ak divès enstitisyon leta (tankou Palman, Ministè Edikasyon Nasyonal, Akademi Kreyòl Ayisyen, elatriye) ki angaje nan pwojè edikasyon
  • Reprezantan òganizasyon lokal ak entènasyonal k ap travay pou amelyorasyon edikasyon ann Ayiti ak nan rès mond lan
  • Reprezantan ki sòti nan peyi Karayib (tankou Jamayik ak Kiraso) k ap fè fas kare ak menm kalte pwoblèm lengwistik pa rapò ak kalite edikasyon epi enklizyon nan edikasyon

Nou espere ke Senpozyòm sa a ava ban nou yon bon opòtinite pou n kole zepòl nan bati yon lòt kalite lekòl ann Ayiti. N ap tann ou nan Otèl Marriott nan Pòtoprens nan dat 27-28 mas 2017, 8AM–5PM. Pwogram Senpozyòm lan nan wout. Ann atandan, tanpri rezève de (2) dat sa yo nan kalandriye w.

Ekip MIT-Ayiti a apresye kolaborasyon w ki pa janm lage—mèsi anpil!