Atelye MIT-Ayiti sou ansèyman pwobabilite & estatistik ki chita sou aprantisaj aktif san baryè
Otèl Le Plaza, Pòtoprens, Ayiti, soti lendi 24 mas rive jedi 27 mas 2013, 9AM-5PM
Òganizatè: Michel DeGraff & Vijay Kumar
Se ak kè kontan n ap anonse yon atelye sou pedagoji aprantisaj aktif nan kou sou entwodiksyon nan pwobabilite & estatistik. Atelye sa a ap fèt nan Otèl Le Plaza, Pòtoprens, soti 24 mas rive 27 mas 2014. Atelye sa a se katriyèm nan nan yon seri atelye k ap gen pou fèt sou yon peryòd senk lane. Youn nan objektif prensipal Inisyativ MIT-Ayiti sa a se ede pwofesè yo kreye kourikouloum ki baze sou resous an kreyòl pou edikasyon san baryè pou klas matematik ak syans. Epi, Inisyativ MIT-Ayiti sa a pral pèmèt nou evalye pwogrè ki ka fèt gras ak itilizasyon materyèl sa yo nan lekòl segondè ak inivèsite ann Ayiti.

Atelye sa a pral dekri pedagoji MIT devlope pou kou sou entwodiksyon nan pwobabilite ak estatistik. Nou menm nan MIT, nou sèvi ak nouvo metòd pou nou ranplase prezantasyon majistral yo. E nou fè sa selon yon nouvo pedagoji ke nou ka rele “devan dèyè” (“flipped classroom” ann angle): elèv yo li materyèl la lakay yo epi yo reponn kesyon yo ann avans kòm devwa lakay, epi yo vin nan sal klas pou yo pratike aprantisaj aktif pandan y ap rezoud pwoblèm an gwoup anba sipèvizyon anseyan yo. Patisipan nan atelye a pral pran pòz yo se elèv ak pwofesè pou yo pwofonde metodoloji “devan dèyè” sa a. Epi tou, nou pral eseye divès metòd aprantisaj aktif. Atelye sa a pral bay patisipan yo bon jan baz pou yo ka kreye (i) plan leson ki sèvi ak materyèl an kreyòl pou aprantisaj aktif; (ii) zouti estimasyon pou mezire pwogrè etidyan yo.

Apre atelye a fini, patisipan yo dwe kapab:

  • Tabli objektif pou ansèyman k ap sèvi ak materyèl an kreyòl pou aprantisaj aktif
  • Dekri kèk bon metòd pou ansèyman
  • Kreye aktivite pedagojik pou ansèyman ki chita sou aprantisaj aktif
  • Itilize materyèl pou aprantisaj aktif nan divès sitiyasyon kote kondisyon travay yo varye
  • Kreye zouti pou evalyasyon fòmatif ak somatif ki pral mezire sa etidyan yo aprann gras ak materyèl ki chita sou aprantisaj aktif an kreyòl
  • Dekri ki jan yo pral ranmase done, epi anrejistre done sa yo pou yo ka dokimante ki jan etidyan yo aprann gras ak materyèl sa yo
  • Monte yon leson ki itilize estrateji ki chita sou aprantisaj aktif avèk patisipan ki nan atelye a
    Bay kanmarad travay ou fidbak fòmatif

Atelye 24–27 mas 2014 la gen yon objektif an plis de sa nou deja dekri yo: Se pa sèlman nan klas pa yo pou patisipan yo rive itilize metòd aprantisaj aktif an kreyòl selon fòmasyon yo jwenn nan Atelye MIT-Ayiti yo. Kòm objektif an plis, nou ta renmen pou patisipan ki nan Atelye MIT-Ayiti 24–27 mas 2014 la ka rive pataje tout enfòmasyon ak metòd aktif yo jwenn nan atelye sa a ak lòt pwofesè nan divès zòn nan peyi a.
Pwofesè k ap anime atelye a se:
Pwobabilite ak Estatistik Jonathan Bloom & Jeremy Orloff
Pedagoji, Estimasyon & Evalyasyon Glenda Stump
(Ale nan paj 2 pou nou li kondisyon pou enskripsyon.)

Kondisyon pou enskri: Kandida ki pral gen pi gwo priyorite pou enskripsyon se pwofesè k ap anseye kou sou pwobabilite ak estatistik nan inivèsite ak lekòl segondè ann Ayiti e ki deja gen omwen yon diplòm metriz nan jeni, syans oswa matematik; epi, apre sa, se pwofesè ki deja enskri nan yon pwogram metriz nan youn nan domèn sa yo oswa pwofesè ki gen plis pase 5 lane nan ansèyman pwobabilite ak estatistik. Kandida yo dwe soumèt yon kopi koukikoulòm vite yo (KV), yon kopi pi gwo diplòm yo resevwa epi atestasyon enskripsyon yo nan yon pwogram metriz (si yo gen sa). Tanpri, voye dokiman sa yo (KV, diplòm, atestasyon, nan fòma PDF oswa JPEG) nan adrès imel: mit-haiti@mit.edu

Dat limit pou enskripsyon an se vandredi 28 fevriye 2014, oswa lè pa gen plas ankò