Atelye MIT Sloan sou “Lidèchip ak Travay ann Ekip”
Pwof. Deborah Ancona (MIT Sloan) an kolaborasyon ak
Pwof. Michel DeGraff (Inisyativ MIT-Ayiti, Depatman Lengwistik ak Filozofi nan MIT)
26–28 jen 2014—Otèl El Rancho, Petyon-Vil, Ayiti
Objektif:
Pou ki sa pou nou brase lide sou lidèchip epi travay ann ekip ? Rezon an se paske patisipan nan atelye sa a ap patisipe nan yon gwo kanpay pou yo mete Ayiti sou wout devlòpman. Kanpay sa a bezwen lidè ki ka reyalize chanjman. Nou pral bezwen ladrès pou nou konprann kontèks la, pou nou kreye rezo ak lòt ekip, pou nou kreye yon nouvo vizyon pou lavni, e pou nou envante nouvo fason pou nou fè peyi a vanse tout bon vre. Nan atelye sa a, nou travay sou konpetans lidèchip sa yo.

Apre sa, nou mande patisipan yo pou yo reflechi an pwofondè sou wòl ke yo pral ranpli pou konstwi Ayiti nou vle a, sou jan yo pral travay ak lòt moun pou makonnen efò endividyèl ak kolektifpou bay pi bon rezilta toujou. Nou fè plizyè aktivite sou kominikasyon ak kolaborasyon pami ministè yo ansanm ak lòt òganizasyon ki ka ede kreye bon jan chanjman (nan sektè piblik ak prive, sosyete sivil, inivèsite, lekòl, elatriye). Nou prezante kèk teyori ak zouti ki ka ede nan sans sa a. Atelye sa a se pou pwofesyonèl ak ekip ki vle gen gwo enpak pozitif pou devlòpman peyi a.

Nou pase twa jou sa yo nan aprann kèk teyori, pratike kèk nouvo teknik, epi fè konesans ak lòt otorite ki angaje nan kanpay pou kreye kokennchenn chanjman ki dwe ateri nan peyi a. Pi gwo objektif la se aprann ki jan pou nou mobilize tèt nou, ekip nou, ministè yo ansanm ak lòt aktè yo jouk nou rive enplemante vizyon ke nou genyen pou peyi a.

Rezilta:
Nan atelye twa jou sa a (26–28 jen 2014, ann Ayiti ) patisipan yo aprann nouvo modèl ak yon nouvo langaj pou lidèchip ak travay ann ekip; yo pratike nouvo teknik ki nesesè pou kalite lidèchip ak travay ann ekip; yo chache envante nouvo solisyon pou pwoblèm k ap kraze eskanp figipeyi a; yo kreye koneksyon ki pi solid nan mitan yo; epi yo reflechi sou sa ki enpòtan pou yo.

Patisipan yo: Premye Minis, minis , minis delege, sekretè d eta, direktè jeneral, kowòdonatè plan espesyal gouvènman an, lidè nan edikasyon nan sektè piblik ak sektè prive, elatriye.