GeoGebra se zouti ki ka ede etidyan kreye objè ak model pou matematik.  Sa se yon zouti pou ede aprantisaj ak ansèyman nan tout nivo edikasyon.  Li pèmèt etidyan yo fè dekouvèt pandan y ap patisipe nan entèraksyon, pandan y ap manipile objè, chanje paramèt, entèraji ak jeyometri nan 2 ak 3 dimansyon, aljèb, tablo, graf, kalkil epi estatistik.  Epi tou, GeoGebra se yon zouti ki ka ede pwofesè yo kreye fichye ki entèraktif.  Se yon resous ki lib e ki ouvè nèt, san baryè (“Open Source”), epi li disponib gratis ti cheri sou sit GeoGebra.org   Nou ka itilize lojisyèl GeoGebra yo an kreyòl dirèkteman sou sit sa a oswa nou ka telechaje lojisyèl sa yo sou òdinatè nou.