logos

We are grateful for support from these organizations.

Se nan kole zepòl ak divès enstitisyon n ap chache fè chanjman nan kourikoulòm, nan metòd pedagojik pou n jwenn enpak ki dirab nan tout nivo ansèyman yo.

  • Campus Henry Christophe, Inivèsite Leta d Ayiti, Limonade (CHCL):   CHCL kreye yon sant pou fòmasyon anseyan k ap sèvi enstitisyon akademik nan zòn Gran Nò ann Ayiti. Inisyativ MIT-Ayiti ofri atelye epi konsiltasyon nan CHCL, epi CHCL ofri lokal, patnè k ap travay sou teren ansanm ak ekspètiz k ap ede nan planifikasyon ak enplemantasyon atelye MIT-Ayiti nan CHCL.
  • Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) nan Lagonav: LKM ap devlope pwogram lekòl segondè ki byen chita nan metòd pedagoji entèraktif an kreyòl. LKM deja sèvi kòm modèl e kòm sant fòmasyon pou anseyan nan lekòl fondamantal nan tout peyi a.
  • Massachusetts Institute of Technology (MIT):   MIT angaje tou patou nan lemonn kòm lidè nan metòd aprantisaj aktif.  Ki fè MIT se yon patnè ki djanm pou Inisyativ MIT-Ayiti k ap travay pou pedagoji entèraktif modèn selon rezilta syantifik vin ranplase tradisyon demode aprann pa kè an jako repèt… . Ann Ayiti, pedagoji modèn sa a dwe sèvi ak sèl grenn lang sa a ki rele tout Ayisyen chè mèt chè metrès—egal: kreyòl—ansanm ak divès resous pou aprantisaj aktif (ki sèvi ak òdinatè oswa lòt teknoloji ki pa nimerik).
  • National Science Foundation NSF ap finanse aktivite Inisyativ MIT-Ayiti yo depi 2010.