Nan seksyon sa a n ap jwenn tout yon seri lojisyèl matematik ki rele “Mathlets” (oswa “Matlèt” an kreyòl). Se ak Java yo fèt. Lojisyèl sa yo ka sèvi lè moun ap aprann ekwasyon diferansyèl ak lòt konsèp nan matematik. Gen plizyè egzanp sou kouman nou ka zouti nimerik sa yo pou nou fè devwa, pou nou travay an gwoup oubyen pou nou prepare prezantasyon nan kèk kou, epi nou ka aprann teyori ki dèyè apwòch matematik sa yo. Nan seksyon sa a, n ap jwenn kèk videyo sou egzèsis ki gen esplikasyon vèbal ladan yo.

Nou ka itilize Matlèt yo an kreyòl dirèkteman sou sit
sa a oswa nou ka telechaje yo sou òdinatè nou.

Amòtisman Vibrasyon

Nou ka konprann degradasyon yon sistèm dezyèm òd otonòm ki kite kondisyon inisyal li pou  l rantre ann ekilib si n itilize rasin polinòm karakteristik la yo ansanm ak dyagram faz la.

Anplitid ak Faz: Dezyèm Òd I

Yon resò ap mouvmante yon sistèm resò/absòbè/mas an fòm sinizoyid. Nou kapab konprann anplitid ak reta faz previzib pou repons sistèm sinizoyid la lè n itilize dyagram Bode ak dyagram Nyquist yo.

Anplitid ak Faz: Dezyèm Òd II

Yon absòbè ap mouvmante yon sistèm resò/absòbè/mas an fòm sinizoyid. Nou kapab konprann anplitid ak reta faz previzib pou repons sistèm sinizoyid la lè n itilize dyagram Bode ak dyagram Nyquist yo.

Anplitid ak Faz : Premye Òd

Vag ki rive sou yon pò, li an reta faz pa rapò ak sa ki nan mitan lanmè a, epi se yon ekwasyon lineyè premye òd ki kontwole l. Dyagram Bod ak Nyquist yo montre eta ekilibre a ak metòd solisyon an.

Apwoksimasyon Sekant

Sekant yo konvèje nan liy tanjant yo.

Aritmetik Konplèks

Nou kapab vizyalize nonb konplèks yo ak operasyon ki fèt sou yo nan plan konplèks la.

Batman

Batman fèt lè gen de fonksyon sinizoyid antre an sipèpozisyon. Nou kapab kapte frekans batman nan yon anvlòp.

Chan Vektoryèl

Sistèm nonlineyè otonòm yo kapab genyen solisyon ki konplike, epi solisyon sa yo ka gen kèk pèt enfòmasyon nan reprezantasyon trajektwa yo.  Dabitid yo gen yon konpòtman ki prèske ekilibre lineyèman.

Distribisyon Bèta

Distribisyon bèta a gen depandans sou de (2) paramèt.

Distribisyon Pwobabilite

Diferan distribisyon pwobabilite itil nan diferan sitiyasyon.

Distribisyon T

Distribisyon t a gen depandans sou yon (1) paramèt.

Esponansyèl Konplèks

Fonksyon esponansyèl konplèks la voye liy dwat ki travèse orijin la ale nan transfòmasyon espiral.

Izoklin

Nou kapab konprann grafik pou solisyon ekwasyon premye òd yo an tèm pant ak izoklin.

Karakteristik Graf yo

Pòsyon graf pou polinòm kibik yo monte, desann, oswa yo konvèks oubyen konkav.

Konpayèl Anvan Kwazman

Mizajou Bayezyen vin fasil avèk konpayèl anvan kwazman.

Konvolousyon : Antipilasyon

Entegral konvolousyon an se sipèpozisyon modil repons sakad yo.

Koyefisyan Fourier

Tèm inisyal yo ki nan yon seri Fourier bay adaptasyon optimal rasin kwadratik la. Pwopriyete simetrik pou fonksyon tanjant lan detèminen ki mod Fourier nou bezwen.

Koyefisyan Fourier : Konplèks avèk Son

Pou koyefisyan yo nan yon seri Fourier, lè nou gade li tankou yon sòm esponansyèl konplèks, nou ka pi byen panse ak yo an tèm mayitid yo ak agiman an yo. Ou ka sèlman tande mayitid yo, menm si agiman yo kapab gen anpil enfliyans sou fòm onn lan.

Metòd Euler

Depi w gen yon kondisyon inisyal ak tay eka a, yon polinòm Euler bay apwoksimasyon solisyon yon ekwasyon diferansyèl premye òd.

Polinòm Taylor

Majorite fonksyon yo gen apwoksimasyon pwòch nenpòt pwen depi n aplike yon sekans polinòm.

Pòtrè faz Lineyè: Antre Klikè

Pòtrè faz pou yon sistèm otonòm lineyè ki omojèn depann prensipalman de tras ak detèminan matris la, men genyen de (2) degre libète an plis.

Regresyon Lineyè

Ou kapab ajiste kèk done avèk yon klas fonksyon  lè ou itilize metòd kare ki pi piti yo.

Sibl Solisyon Yo

Kèk fwa solisyon yo konvèje pandan tan an ap rapousuiv, epi kèk fwa yo divèje, ki vin fè Teyorèm Inisite a biza.

Sikwi Seri RLC

Nou kapab konprann repons sistèm la yo pou yon sikwi RLC sinizoyid ki fòse si n sèvi avèk fazò.

Sòm Riemann

Nou kapab fè apwoksimasyon yon entegral tankou yon sòm nan plizyè fason.

Sou Kreyasyon Derive

Nou kapab fè apwoksimasyon yon entegral tankou yon sòm nan plizyè fason.

Trajektwa Balistik

Yon wòch ou voye ap reyaji anba fòs gravite ak fòs rezistans ayewodinamik.

Vekte Matris

Pwodui yon matris avèk yon vektè depann de antre chak eleman sa yo. Vektè pwòp yo reprezante yon koyensidans nan direksyon.

Graf Fonksyon Rasyonel

Pol yo ak zewo yo nan yon fonksyon rasyonèl ba w posiblite pou fè yon kwoki apwoksimatif pou grafik fonksyon an.

Pwojè “MIT Mathlets” sa a te kòmanse devlope avèk yon bèl finansman “d’Arbeloff Fund for Excellence in Education” (Fondasyon d’Arbeloff pou ekselans nan edikasyon). Apre sa, nou jwenn asistans nan men “MIT Office of Digital Learning” (Biwo MIT pou aprantisaj ak zouti nimerik). Se finansman ke National Science Foundation oz Etazini (“National Science Foundation”) bay Inisyativ MIT-Ayiti ki pèmèt devlòpman Matlèt an kreyòl sa yo.