Ki sa atelye sa yo ye?

Atelye MIT-Ayiti yo se yon seri konbit ki rasanble anseyan ak lidè nan MIT epi Ayiti pou yo sèvi ak kreyol pou yo devlope nouvo pedagoji aktif ansanm ak lojisyèl ak lòt resous teknolojik pou edikasyon san baryè e pou nouvo metòd lidèchip, inovasyon, jesyon epi travay ann ekip. N ap kreye mwayen pou plis Ayisyen ka gen aksè a resous modèn pou aprantisaj aktif an kreyòl nan Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik (ann angle : Science, Technology, Engineering and Mathematics oswa « STEM ») e pou yo gen aksè ak nouvo apwòch sou lidèchip ki bay bon jan rezilta. Atelye MIT-Ayiti sa yo, enstitisyon ki sipòte li se: MIT, Fondasyon Wade, Fondasyon Soros, Fondasyon Nasyonal pou Lasyans nan Etazini epi Fondasyon Konesans Ak Libète (FOKAL) epi Gouvènman Ayisyen.

Atelye