all_logos_for_201606
Atelye sou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji
Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe Limonade
Lendi–jedi 13–16 jen 2016

Òganizatè: Audalbert BIEN-AIMÉ (Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe)
Michel DeGRAFF (Massachusetts Institute of Technology)

Dat: 22 me 2016

Kolèg Edikatè, Kolèg Edikatris, Onè!

N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti. N ap di w felisitasyon pou gwo jefò w ap fè pou amelyore edikasyon ann Ayiti. E se ak anpil plezi n ap envite w nan atelye ki pral fèt nan CHCL, 13–16 jen 2016.

Atelye 13–16 jen sa a se setyèm Atelye MIT-Ayiti sou syans ak matematik depi Inisyativ la te kòmanse ann oktòb 2010. Atelye sa a antre nan kad pwojè Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote materyèl edikatif yo makonnen ak lang kreyòl la. Se Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini (“National Science Foundation”) ansanm ak CHCL (UEH) epi Anbasad Etazini nan Pòtoprens k ap finanse atelye sa yo nan kad Inisyativ MIT-Ayiti a.

Nou kontan anpil pou nou envite w soumèt kandidati w pou atelye MIT-Ayiti sa a sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik.

Atelye sa a ap entwodui plizyè aktivite ki tou nèf pa rapò ak atelye ki te fèt an 2012–2015 yo: Patisipan yo pral antre pi fon nan travay sou pedagoji k ap ba yo bon baz pou yo prepare objektif nan plan kou pa yo ansanm ak aktivite pedagojik epi zouti evalyasyon ki mache ak objektif sa yo. Nan twa premye jounen yo, nou pral mete plis anfaz sou aplikasyon prensip aprantisaj aktif nan aktivite pratik selon bezwen patisipan yo. Nou pral develope aktivite ak materyèl pou patisipan yo ka itilize tousuit nan sal klas yo, selon enfòmasyon ke yo pral pataje ak nou sou matyè sa yo ke y ap anseye. Nan katriyèm jounen an, n ap travay sou teknik ki pou motive etidyan yo pi plis nan aprantisaj aktif. Epi tou, n ap gen sesyon tou nèf sou aprantisaj aktif nan chimi.

Atelye sa a ap gen sesyon plenyè sou pedagoji pou tout patisipan yo. Epi tou, ap gen aktivite ki pou fèt nan 4 sesyon (matematik, fizik, biyoloji epi chimi) ki pral dewoule an menm tan. Epi tou, yon lòt objektif atelye a se kreye, pou chak matyè, kominote anseyan k ap kore pratik pedagoji patisipatif an kreyòl nan sal klas yo. Nou konte sou enterè w pou Inisyativ la kontinye vanse.

Atelye sa a ap entwodui kèk inovasyon ki enpòtan pou patisipan yo: Nou pral kòmanse atelye a avèk yon demonstrasyon aprantisaj aktif epi nou pral analize metòd pedagoji ki te antre nan aktivite sa a. Apre sa, nou pral travay ak patisipan yo pou nou kreye materyèl pou yo aplike prensip aprantisaj aktif nan sal klas yo tousuit apre atelye a.

Epi tou, se premye fwa ke nou pral gen sesyon sou chimi. Nan sesyon chimi sa yo, nou pral devlope aktivite ki angaje etidyan yo nan aktivite pratik ki nan nannan relasyon ant prensip syantifik fondamantal epi rechèch ak aplikasyon nan domèn lasante.


Kòm objektif, nan fen atelye a, patisipan yo pral kapab:

  • Esplike pedagoji patisipatif ki baze sou rechèch e ki pral amelyore jan etidyan yo aprann
  • Kreye objektif aprantisaj pou egzèsis ki chita sou pedagoji patisipatif
  • Planifye yon egzèsis aprantisaj entèraktif
  • Idantifye estrateji pou evalyasyon fòmatif epi evalyasyon somatif ke ou pral itilize pou mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a

 

Men jan atelye a òganize:

1ye jou:    Entwodiksyon sou teyori ak pratik aprantisaj aktif (pedagoji patisipatif)

2yèm jou:             Patisipan yo pral travay an gwoup selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji oswa chimi) pou yo esplore aplikasyon yon kad teyorik pou pedagoji patisipatif. Epi yo pral devlope plan kou. Plan kou sa yo ap gen objektif pou aprantisaj aktif ansanm ak egzèsis aprantisaj.

3yèm jou: Patisipan yo pral travay sou prensip evalyasyon fòmatif ak evalyasyon somatif epi yo pral prepare zouti pou evalye aktivite pedagoji patisipatif yo pral fè nan sal klas.

4yèm jou: Nan maten, patisipan yo pral travay sou motivasyon epi defi k ap fè fas kare devan enplemantasyon aprantisaj aktif nan sal klas. Objektif sesyon apre midi a se kreyasyon silabis ki djanm pou klas yo ansanm ak prezantasyon ki djanm.

Sa se manm ekip MIT-Ayiti/CHCL k ap òganize akvite yo e ki pral anime :

Pedagoji Glenda Stump
Matematik Haynes Miller, Jeremy Orloff & Jean Genis Dorvilien
Fizik Paul Belony & Abdias Augustin
Biyoloji Alison Brauneis, Jimmy Fedna & Ruthly François
Chimi Elizabeth Vogel Taylor, Étrenne François & Adler Thomas
Planifikasyon & administrasyon Michel DeGraff, Audalbert Bien-Aimé, Kirky DeLong, Virginie Destuynder & Angela Vévé
Dokimantasyon & kominikason Kendy Verilus & Tatiana Behrman

 

KALANDRIYE