Kesyon Sou Platfòm Lan
Men repons sou kèk kesyon nou resevwa pi souvan sou platfòm lan apre nou te lanse apèl la:
Ki jan nou ka kontribye nan konbit sa a menm si n pa gen aparèy pou n monte sou sit entènèt la ?
N ap tabli yon pwosesis pou chak patisipan nan konbit la jwenn yon fason pou yo pataje plan leson dapre kontèks pa yo (imel, WhatsApp, fichye elektwonik, foto, e latriye). Pa egzanp, si plan leson yo ekri sou fèy kaye eskolè, n ap kontan resevwa foto fèy sa yo. Si plan leson yo deja nan fichye elektwonik, n ap kontan resevwa fichye sa yo. Sa ki pi enpòtan se fasilite pataj materyèl sa yo ki pral monte sou platfòm lan.
Si sa nesesè, ekspè nou yo nan ekip MIT-Ayiti a ava fè rekòmandasyon pou n revize materyèl yo pou yo ka koresponn ak kritè aprantisaj aktif. Nan ka sa a, n ap bezwen fè suivi ak pwofesè sa yo ki te pwopoze leson an pou n ka kontinye devlope leson an ansanm ak yo. Objektif ekip nou se akonpanye edikatè pou yo ka rive kòmanse entegre eleman aprantisaj aktif sa yo pou kont yo nan materyèl pa yo. Epi tou, si sa nesesè, n ava fè rekòmandasyon ki pou mete tèks an kreyòl yo djanm—dapre grafi ofisyèl, vokabilè ak sentaks lang lan, e latriye.
Pou n rapousuiv kole zepòl la, ekip MIT-Ayiti a ava ekri pwofesè sa yo, kite mesaj vokal pou yo, fè ti videyo ak yo, oubyen rele yo sou telefòn — nou ta pito apèl oswa mesaj sou WhatsApp (si posib) pou n rete an kontak.
Ki sa kontribitè
nan platfòm lan ava resevwa pou kore jefò yo, ogmante ekspètiz yo epi ankouraje
yo?
Apre vèsyon final kontribisyon an vin disponib sou
platfòm MIT-Ayiti a, l ap ka vin tonbe an ba je edikatè ak
lòt moun ki enterese tou patou sou latè beni, epi lektè sa yo
ap ka bay fidbak dapre esperyans ak ekspètiz pa yo pandan y ap sèvi
ak kontribisyon sa a nan kontèks pa yo.
Kon sa,
platfòm lan ava devlope kapasite chak grenn pwofesè k ap patisipe nan
konbit la. An menm tan, platfòm lan ava kontribye nan devlopman
kominote lokal e entènasyonal kote youn pral ede lòt vin pi maton nan metye anseyan — yon
bèl metye pou Grenadye ak Grenadyèz nan konba jounen jodi a pou yon demen miyò.
Se kon sa nou vle ankouraje tout moun ki vle vin pote kole ak nou jan yo kapab, sitou nan faz lansman pwojè a. Ekip nou nan MIT ap kreye yon chapant pou n rekonèt kontribisyon ki tèktègèdèk yo. Nou pral chwazi ki patisipan ki ta merite rekonpans — selon kalite ak kantite kontribisyon chak patisipan. Epi tou, nou konte rekonèt moun k ap motive kolèg pa yo patisipe nan konbit la oubyen k ap bay fidbak sou kontribisyon ki monte sou platfòm lan.
Platfòm nou an ap pemèt nou ofri yon rekonpans imateryèl ki se chwazi yon kontribitè chak semenn epi fè yon entevyou avè l. N ap mete kontribisyon patisipan sa a sou premye paj sit la pou tout moun ki monte sou platfòm lan kapab wè kontribisyon an, pataje l epi bay fidbak sou li.
Kòm bidjè nou limite e kòm objektif la se kreye yon mouvman sitwayen an konbit kote materyèl ki pral monte sou platfòm lan pral ede anseyan alawonnbadè, youn nan opsyon n ap konsidere kòm rekonpans materyèl pou sèten patisipan se minit telefòn (Digicel, NATCOM, e latriye) paske minit sa yo ka tou ede n kominike ak manm platfòm lan. Nou pwopoze pou n fikse kantite minit sa yo a 889 goud pou chak rekonpans. Nou pa fouti bay garanti n ap rekonpanse chak grenn patisipan separeman ; men, nou espere montan sa a ap asire nou kapab ankouraje yon bon valè patisipan kontribye plizyè leson, pou n ka kreye yon konbit ki lajman laj.
Nou ta renmen kreye fondasyon solid e dirab ki pral pèmèt
konbit la kontinye menm apre bidjè pwojè a fini. Sa vle di nou ka
oblije modifye chapant pwojè a dapre jan patisipan yo reyaji. Wi,
objektif nou se ede nan kreyasyon yon atmosfè kolaborasyon djanm djanm, yon
atmosfè ki p ap mete okenn patisipan nan okenn konpetisyon ki ka
entimide yo, yon atmosfè ki pral ankouraje chak manm konbit la pataje bon
jan materyèl pou enterè sistèm edikasyon peyi a — yon sistèm
kote tout timoun ava rive antre nan wout konesans, san baryè, san fòs kote.
An final, nou gen lespwa pi
bèl rekonpans lan se amelyorasyon ke konbit sa a pral pote nan sistèm
edikasyon an — pou n rive kreye yon sistèm lekòl
tèt an wo pou yon peyi tèt an wo.
Depi w gen lòt kesyon oubyen rekomandasyon, tanpri, kontakte nou sou mit-haiti@mit.edu oubyen WhatsApp (4833367).
Share This Story, Choose Your Platform!