Men kèk bèl echantiyon pou n lanse bibliyotèk nimerik pou lekòl tèt an wo.

Men ki jan Paul Belony prezante yo:

Pou bati yon kay, w ap bezwen yon plan konplè ki pou detaye chak ti pyès nan sa ou bezwen reyalize a. Nan pwogram MIT-Ayiti a, nou mete aksan sou enpòtans plan leson nan preparasyon kou ke yon pwofesè gen pou l anseye. Pou ankouraje devlopman nan peyi d Ayiti, fòk kou yo mete etidyan yo nan yon anviwònman kote yo ka aplike sa yo aprann nan klas la. Epi tou, fòk anviwònman sa a tingting sèvo a yo pou mennen yo pwopoze chanjman oswa kreye nouvo metòd ak zouti. Se anviwònman kon sa nou jwenn nan klas ki kore aprantisaj aktif. Nan anviwònman sa a, etidyan yo gen chans pou yo bati pwòp konesans an yo sou konsèy ak kout gidon pwofesè a. Se kon sa etidyan yo ka jwenn yon espas pou yo fè deba avèk kanmarad a yo e pou yo wete move konsepsyon yo ta ka genyen anvan chak rankont. Lè kon sa, yo vin tounen yon veso pou kreyativite depi an patan.

Paul Belony (a goch) ak Ruthly François (a dwat) nan yon demonstrasyon pou leson “Mezire tan reyasynon” an

Leson sa yo adapte dapre esplikasyon sou metòd aprantisaj aktif ki nan liv Gid Fizik Inisyativ MIT-Ayiti. Kontni gid sa a, ki fèk parèt (an jen 2019), baze sou atelye MIT-Ayiti soti 2012 rive 2016. Se pa tout materyèl ke n pral resevwa yo k ap nan menm nivo sa a. Men, nou espere yo pral enspire kontribitè.