N ap pataje kèk paj nan yon dokiman Pwòf Glenda S. Stump sou “Pedagoji ak Evalyasyon” nan Gid Fizik Inisyativ MIT-Ayiti (Edisyon JEBCA, 2019). Dokiman sa a esplike ki jan pou n bati plan leson ki entegre bon jan metòd pou aprantisaj aktif kote timoun yo ka patisipe djanm nan fabrikasyon konesans. N espere dokiman sa a ap ka ede tout anseyan devlope plan leson ak lòt materyèl (aktivite, zouti evalyasyon, e latriye) ki pral ede timoun yo vin maton e kreyatif nan sa y ap aprann lan. (Tanpri, lè w ap sèvi ak materyèl sa a, fòk ou di aklè se travay Glenda S. Stump w ap itilize. Egal: Depi w ap sèvi ak tèks sa a, fòk ou site non otè a. Epi tou, depi w ap modifye tèks la, fòk ou esplike ki sa w chanje ladan.) N ap tann kontribisyon w. Mèsi anpil. Ankouraje!

Men ki kote w ka achte liv ki tèks sa a te sòti: jebcaeditions.org/initiative-mit-haiti–inisyativ-mit-ayiti.html