Ale sou sit nou http://MIT-Ayiti.NET pou vizite platfòm lan (30 septanm).


Platfòm MIT-Ayiti pou yon lekòl tèt an wo

Envitasyon pou n devlope epi pataje materyèl an kreyòl pou n kreye yon bèl bibliyotèk nimerik pou lekòl ann Ayiti (16 jen)


Motivasyon pou yon mouvman sitwayen — kreyasyon ak pataj materyèl pou yon lekòl tèt an wo :

Inisyativ MIT-Ayiti antre nan yon faz kote nou pral met tèt ansanm ak kominote anseyan ann Ayiti — Grenadye ak Grenadyèz —  ki deja ap travay kou Mèt Jan Jak ak Mètrès Jaklin nan mouvman pou n chanje eskanp figi edikasyon ann Ayiti pou n bati yon sistèm lekòl ki ka sèvi tout pitit peyi a san diskriminasyon.

Objektif la se tabli yon platfòm nimerik pou yon konbit lajman laj ki pral kreye, ranmase, evalye, seleksyone, revize, òganize, epi pataje materyèl an kreyòl pou sal klas epi mete yo sou yon sit entènèt ke Inisyativ MIT-Ayiti ap konstwi e ke nou pral lanse an Septanm 2019. N ap chache materyèl an kreyòl nan tout matyè nan tout nivo depi yo konfòm ak pwogram ofisyèl Ministè Edikasyon Nasyonal.

Nan atelye ak senpozyòm MIT-Ayiti soti depi an 2010 rive 2017, pifò patisipan yo te deja dakò sou enpòtans lang kreyòl la pou n met sistèm lekòl la tèt an wo. Men, anseyan yo fè n konprann nou p ap fouti reyalize rèv sa a si n pa gen ase materyèl ki aksesib gratis ti cheri an kreyòl nan tout matyè nan tout nivo. Materyèl sa yo se zam nou nan Batay Vètyè sila a — pou liberasyon lang nou.

Erezman, gen yon bèl kantite anseyan ki deja ap pwodui epi simaye materyèl ki djanm an kreyòl. Men, trè souvan, paske pa gen ase mwayen, anseyan sa yo ap travay yo chak sou bò pa yo — kòm ki dirè se « chak koukouy klere pou je yo ». Men, nan Ayiti nou vle a, n ap jwenn pi plis limyè lè nou chak ka kole zepòl pou n pran ti pil fè gwo pil. Se pou sa n ap chache kolabore ak tout anseyan ki enterese nan kreyasyon e itilizasyon bon jan materyèl an kreyòl !

Yon konbit pou n kreye yon bèl platfòm pou echanj materyèl alawonnbadè ann Ayiti :

Pou n ankouraje kontribisyon nan faz lansman pwojè a (nan 1e ane pwojè a : out 2019 — jiyè 2020), n ap kreye yon chapant pou n rekonèt anseyan ki pral vin pote kole ak nou. Sou platfòm lan, n ap rekonèt kontribisyon ki tèktègèdèk yo. N ap anonse opòtinite sa yo la epi sou sit haiti.mit.edu ak rezo sosyal nou yo sou Facebook ak Twitter.  Epi ou ka kontakte nou sou imel : mit-haiti@mit.edu

Nou prevwa 3 nivo angajman:

  1. Kreye epi pataje materyèl an kreyòl ki pral ede n amelyore kalite ansèyman ann Ayiti e ki pral trase bèl egzanp pou lòt anseyan ki ta renmen patisipe nan mouvman an.
  2. Brase lide pami anseyan sou platfòm lan — pa egzanp, sèvi ak materyèl ki sou platfòm lan epi pataje kòmantè sou materyèl sa yo ki ka ede anseyan nan sal klas.
  3. Motive kòlèg anseyan pou yo antre nan mouvman an: ba yo ankourajman ak fòmasyon ki nesesè pou yo ka rive pwodui plan leson ak lòt materyèl nan lang manman a yo.

Se tou lè twa nivo angajman sa yo (pou pi piti) ki pral ede n kreye kominote kote youn pral ankouraje lòt nan pwojè pyonye sa a — pwojè « Grenadye, Alaso ! ».

Ki kalte materyèl n ap bezwen sou platfòm lan  ?

N ap cheche 2 kalte materyèl an kreyòl pou n pataje sou platfòm lan :

Materyèl ki pou sèvi nan matyè k ap anseye nan sal klas, kèl ke swa nivo a (soti nan preskolè rive nan bakaloreya), kèl ke swa matyè a (soti nan syans natirèl ak matematik rive nan syans sosyal, enstriksyon sivik, e latriye):

  1. Plan leson, kayè nòt pou pwofesè
  2. Aktivite pou etidyan nan sal klas: kesyon, dekouvèt, travo pratik, zouti pou evalyasyon
  3. Pwogram etid / gid pwofesè / manyèl

Materyèl pou pwofesè ki ta renmen sèvi ak pi bon metòd nan sal klas:

  1. Prensip jesyon sal klas
  2. Prezantasyon teyori ak pratik pou edikasyon modèn
  3. Dokiman sou dwa timoun ak metòd ki pou ranplase chatiman kòporèl
  4. Atik syantifik sou enpòtans lang manman nan edikasyon
  5. Rapò sou esperyans nan aplikasyon pwogram ofisyèl yo

Platfòm lan a gen echantiyon materyèl n ap chache yo. Wòl akonpayman ekip MIT-Ayiti a se pou n mete kontribyson yo a nivo si sa nesesè — pou tout materyèl ki monte sou platfòm lan ka djanm djanm. Men ki jan nou pral evalye materyèl yo :

  1. Fòk materyèl sa yo an kreyòl.
  2. Nou ta renmen materyèl yo pare pou yo sèvi pwofesè ki ta vle itilize yo nan sal klas dapre kourikoulòm ofisyèl Ministè Edikasyon Nasyonal.
  3. Nou ta renmen materyèl yo antre nan kad yon metòd aprantisaj ki angaje etidyan yo nan aktivite ki tizonnen kiryozite yo nan dekouvèt ak fabrikasyon konesans – «aprantisaj aktif».

An final, sa se yon Batay Vètyè ki pral trase egzanp pou Ayiti nou vle a :

Youn nan dimansyon fondamantal platfòm lan se opòtinite pou anseyan yo mete tèt yo ansanm pou yo pataje materyèl, kòmantè ansanm ak lòt kontribisyon ki ka ede yo vin pi pèfòman nan travay yo kòm anseyan. Kole zepòl sa a ka bay bèl rannman paske li pral rasanble yon bèl ekip edikatè k ap anseye divès matyè nan divès nivo. Nou konsevwa lide platfòm sa a pou n rasanble yon kokenn chenn konbit pami pwofesè, administratè, lekòl nòmal, lidè nan edikasyon ann Ayiti e menm nan lòt peyi. Wi, nenpòt ki edikatè ka antre nan konbit la depi yo gen volonte pou yo kontribye materyèl an kreyòl sou platfòm lan. Men anpil, chay pa lou… L’union fait la force

Nan kad rechèch ak pratik ki konsène edikasyon tou patou sou latè beni, platfòm nimerik sa a pral prezante yon egzanp kolaborasyon ant peyi « Nò » ak peyi « Sid ». Objektif final la se kraze baryè kolonyal sa yo ki toujou ap favorize yon ti gwoup « elit » — kit se elit lokal, kit se elit jeyo politik.

Pwojè sa a se an kolaborasyon ak Abdul Jamal Lateef World Education Lab nan MIT (« J-WEL » : http://jwel.mit.edu).

Kontakte nou sou imel  mit-haiti@mit.edu oubyen WhatsApp (+509 4833-3367) pou kesyon, kòmantè, konsèy, pataj materyèl, e latriye.

Repons sou kesyon lojistik (28 jiyè)

Nou te vreman kontan jwenn repons ak kesyon moun te voye ban nou depi nou te lanse apèl an wo a. Ekip nou an ta renmen ajoute kèk detay sou lojistik nou te devlope pandan konvèzasyon sa yo. Nou espere enfòmasyon sa a ava klarifye pwosesis patisipasyon pou nenpòt edikatè ki enterese antre nan konbit pou Platfòm MIT-Ayiti — pou yon lekòl tèt an wo.

Gade repons sou kesyon lojistik sa yo nan paj sa a: http://haiti.mit.edu/kesyon-lojistik