all_logos_for_201606

Atelye sou edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji
Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe Limonade
Lendi–jedi
13–16 jen 2016

Òganizatè:   

Audalbert BIEN-AIMÉ (Université d’État d’Haïti, Campus Henry Christophe)
Michel DeGRAFF (Massachusetts Institute of Technology)

Dat: 28 me 2016

Kolèg Edikatè, Kolèg Edikatris, Onè!

N ap ekri w nan non Campus Henry Christophe Limonade (CHCL, UEH) ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti. N ap di w felisitasyon pou gwo jefò w ap fè pou amelyore edikasyon ann Ayiti. E se ak anpil plezi n ap envite w nan atelye ki pral fèt nan CHCL, 13–16 jen 2016.

Atelye 13–16 jen sa a se setyèm Atelye MIT-Ayiti sou syans ak matematik depi Inisyativ la te kòmanse ann oktòb 2010. Atelye sa a antre nan kad pwojè Inisyativ MIT-Ayiti k ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif kote materyèl edikatif yo makonnen ak lang kreyòl la. Se Fondasyon Nasyonal pou Lasyans oz Etazini (“National Science Foundation”) ansanm ak CHCL (UEH) epi Anbasad Etazini nan Pòtoprens k ap finanse atelye sa yo nan kad Inisyativ MIT-Ayiti a.

Nou kontan anpil pou nou envite w soumèt kandidati w pou atelye MIT-Ayiti sa a sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik.

Atelye sa a ap entwodui plizyè aktivite ki tou nèf pa rapò ak atelye ki te fèt an 2012–2015 yo: Patisipan yo pral antre pi fon nan travay sou pedagoji k ap ba yo bon baz pou yo prepare objektif nan plan kou pa yo ansanm ak aktivite pedagojik epi zouti evalyasyon ki mache ak objektif sa yo. Nan twa premye jounen yo, nou pral mete plis anfaz sou aplikasyon prensip aprantisaj aktif nan aktivite pratik selon bezwen patisipan yo. Nou pral develope aktivite ak materyèl pou patisipan yo ka itilize tousuit nan sal klas yo, selon enfòmasyon ke yo pral pataje ak nou sou matyè sa yo ke y ap anseye. Nan katriyèm jounen an, n ap travay sou teknik ki pou motive etidyan yo pi plis nan aprantisaj aktif. Epi tou, n ap gen sesyon tou nèf sou aprantisaj aktif nan chimi.

Atelye sa a ap gen sesyon plenyè sou pedagoji pou tout patisipan yo. Epi tou, ap gen aktivite ki pou fèt nan 4 sesyon (matematik, fizik, biyoloji epi chimi) ki pral dewoule an menm tan. Epi tou, yon lòt objektif atelye a se kreye, pou chak matyè, kominote anseyan k ap kore pratik pedagoji patisipatif an kreyòl nan sal klas yo. Nou konte sou enterè w pou Inisyativ la kontinye vanse.

Atelye sa a ap entwodui kèk inovasyon ki enpòtan pou patisipan yo: Nou pral kòmanse atelye a avèk yon demonstrasyon aprantisaj aktif epi nou pral analize metòd pedagoji ki te antre nan aktivite sa a. Apre sa, nou pral travay ak patisipan yo pou nou kreye materyèl pou yo aplike prensip aprantisaj aktif nan sal klas yo tousuit apre atelye a.

Epi tou, se premye fwa ke nou pral gen sesyon sou chimi. Nan sesyon chimi sa yo, nou pral devlope aktivite ki angaje etidyan yo nan aktivite pratik ki nan nannan relasyon ant prensip syantifik fondamantal epi rechèch ak aplikasyon nan domèn lasante.

Kòm objektif, nan fen atelye a, patisipan yo pral kapab:

  • Esplike pedagoji patisipatif ki baze sou rechèch e ki pral amelyore jan etidyan yo aprann
  • Kreye objektif aprantisaj pou egzèsis ki chita sou pedagoji patisipatif
  • Planifye yon egzèsis aprantisaj entèraktif
  • Idantifye estrateji pou evalyasyon fòmatif epi evalyasyon somatif ke ou pral itilize pou mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif ke ou pral prepare a

 Men jan atelye a òganize:

1ye jou:   Entwodiksyon sou teyori ak pratik aprantisaj aktif (pedagoji patisipatif)

2yèm jou:   Patisipan yo pral travay an gwoup selon matyè y ap anseye yo (matematik oswa fizik oswa biyoloji oswa chimi) pou yo esplore aplikasyon yon kad teyorik pou pedagoji patisipatif. Epi yo pral devlope plan kou. Plan kou sa yo ap gen objektif pou aprantisaj aktif ansanm ak egzèsis aprantisaj.

3yèm jou: Patisipan yo pral travay sou prensip evalyasyon fòmatif ak evalyasyon somatif epi yo pral prepare zouti pou evalye aktivite pedagoji patisipatif yo pral fè nan sal klas.

4yèm jou: Nan maten, patisipan yo pral travay sou motivasyon epi defi k ap fè fas kare devan enplemantasyon aprantisaj aktif nan sal klas. Objektif sesyon apre midi a se kreyasyon silabis ki djanm pou klas yo ansanm ak prezantasyon ki djanm.

 

Kondisyon pou patisipe nan seminè sa a:

  1. Atelye sa yo ap gen sesyon paralèl nan kat disiplin: matematik, fizik, biyoloji epi chimi. Epi tou, n ap gen sesyon plenyè sou pedagoji ak evalyasyon pou tout patisipan yo
  2. Se yon atelye entèraktif kote nou pral mete men nan pat la. Patisipan yo pral devlope materyèl pou kourikoulòm pa yo.
  3. N ap mande pou patisipan yo pataje kontni pedagojik nan disiplin ke y ap anseye—kit se silabis, kit se deskripsyon klas yo. Se ansèyman kontni sa yo ke yo pral anrichi avèk estrateji pou aprantisaj aktif.
  4. N ap mande pou patisipan yo gen laptòp pou yo ka patisipe kòm sa dwa nan aktivite entèraktif yo.
  5. Kandida sa yo ke nou pral aksepte kòm patisipan nan atelye a dwe ap anseye nan inivèsite oswa nan lekòl segondè e fòk yo deja gen yon diplòm inivèsite (omwen yon lisans) nan fizik, biyoloji, chimi oswa matematik oswa nan yon disiplin ki branche ak youn nan kat disiplin sa yo. Sa se yon kondisyon kle paske atelye sa yo pral pèmèt patisipan yo dekouvri diferan eleman fondamantal nan pedagoji patisipatif. Se pa matyè sa yo menm ke atelye yo pral devlope—se metòd pedagojik ke nou pral devlope. Ki fè, sa enpòtan pou patisipan yo deja gen konesans nan youn nan matyè sa yo paske objektif seminè a se pa anseye matyè yo.

Enskripsyon :

Ensrkipsyon gentan fèmen.  Tanpri, branche sou sit Facebook http://facebook.com/mit.haiti nou tou pou nou pran nouvèl sou pwochen atelye ke n ap ofri yo.

 

Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak CHCL/UEH ap di nou mèsi pou enterè nou nan atelye MIT-Ayiti yo. Epi tou, nou espere ke pral gen anpil lòt opòtinite pou nou met tèt ansanm pou nou amelyore edikasyon ann Ayiti.