Pwofesè Guerda Jean-Guillaume ap brase lide sou eksperyans li, kòm pwofesè matematik, nan Inisyativ MIT-Ayiti. Se ekip matematisyen Pwof. Haynes Miller (http://www-math.mit.edu/~hrm/) nan Depatman Matematik MIT (http://math.mit.edu) ki devlope lojisyèl “Mathlets” sa yo: http://mathlets.org/. Depatman Matematik MIT se youn nan depatman matematik ki pi avanse nan lemonn antye (http://on.fb.me/1F4Fp3e). Se Pierre Michel Chéry ak Paul Belony ki tradui lojisyèl Mathlets yo an kreyòl. Pierre-Michel se lengwis e se akademisyen nan Akademi Kreyol Ayisyen. Paul Belony se pwofesè fizik nan Lafayette University e se yon poto mitan nan Inisyativ MIT-Ayiti a. Se Kendy Vérilus (Verilux Films) ki fè entèvyou a nan dat 13 out 2013 e ki pwodui videyo sa a an kolaborasyon ak Inisyativ MIT-Ayiti a. E nou ka jwenn plizyè egzanp Matlèt an kreyòl nan sit sa a: http://haiti.mit.edu/resources/